Koulè
vyolèt
PREMYE
LEKTI
"Se kè sansib mwen vle, se pa
sakrifis".
NAN LIV PWOFÈT OZE 6, lb-6
Vini, an nou
tounen kot Granmèt la, paske se li menm ki chire, l’ap geri nou, li frape, l’ap
swen nou. L’ap fè nou viv aprè de jou, sou twazyèm jou a l’ap fè nou leve, n’ap
viv devan fas li. N’ap chèche konprann, n’ap suiv chemen pou nou konnen Granmèt
la. Sèke sòti l’ prepare tankou devan jou, l’ap vini sou nou tankou lapli
sezon, tankou seren sou tè a.
"Sa pou m’
fè ou, Efrayim? Sa pou m’ fè ou, Jida? Kè sansib nou tankou nyaj maten, tankou lawouze k’ap
pase maten. Se pousa mwen travay nan pwofèt yo, mwen touye yo nan pawòl bouch
mwen, jistis ou ap sòti tankou limyè. Sèke
se kè sansib mwen vle, se pa sakrifis: se konesans Bondye plis pase sakrifis
antye".
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
50, 3-4. 18-19. 20-21 ab
R/
Se kè sansib mwen vle, se pa sakrifis.
Pitye pou mwen,
Bondye, daprè kè sansib ou a; daprè jan ou sansib anpil, efase fot nou an. Lave
m’ byen lave sot nan fot mwen an, pwòpte m’ sot nan peche m’ nan. Sèke ou p’ap
pran plezi nan sakrifis, sakrifis antye, si m’ ofri l’, li p’ap fè ou plezi.R.
Sakrifis pou
Bondye, se yon lespri ki kraze, yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye p’ap meprize
l’.Aji ak bon kè pou Siyon, Granmèt nan bòn volonte ou pou miray Jerizalèm yo
kapab rebati. Lè sa a w’a aksepte sakrifis jistis, kado avèk sakrifis antye.R.
LEVANJIL
"Pibliken
an desann an règ lakay li, men pa farizyen an".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 18, 9-14
Lè sa a:
Te gen kèk moun ki te met konfyans yo
nan yo menm kòm si se yo menm ki kòrèk, yo t’ap meprize lòt yo, Jezi di parabòl
sa a pou yo:
"De moun te monte nan kay sakre a
pou yo lapriyè: youn te farizyen, lòt la te pibliken. Farizyen an kanpe la,
l’ap lapriyè anndan kè l’: "Bondye, mwen di ou mèsi, paske mwen pa tankou
rès moun yo, yo vòlè, yo adiltè, oubyen menm tankou pibliken sa a. Mwen fè jèn
de fwa chak semèn, mwen bay dizyèm pati nan tout sa m’ genyen".
Pibliken an menm kanpe byen lwen, li pa
t’ vle leve je l’ nan syèl la, men li t’ap frape lestomak li li t’ap di:
"Bondye, pitye pou mwen, mwen se pechè".
Mwen di nou, sila a desann lakay li an
règ plis pase lòt la, paske tout moun ki leve tèt li, y’ap fè l’ bese l’, moun
ki bese tèt li, y’ap fè l’ leve l’".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Nan meditasyon
pawòl Bondye pou jodi a, n’ap dekouvri kòman Bondye nou an, se yon Bondye
mizerikòd, yon Bondye ki pran lapenn pou
pitit li yo, yon Bondye ki fèb pou moun ki fè kè yo piti devan l’.
Nan premye lekti
a, ke nou li nan liv pwofèt Oze a, Bondye Granmèt la di n’ se pa gwo sakrifis
ki pi enpòtan pou li, se pa sa sèlman l’ap tann nan men nou. Bondye, nan bouch
pwofèt la, mande pèp la pou l’ pratike mizerikòd, pou l’ fè kè l’ sansib pou
frè l’ak sè l’ yo, menm jan kè pa l’ sansib pou li. Se nan kalfou renmen Bondye
konvoke nou, kote li menm li toujou ap tann nou.
Nan Levanjil Lik la, Jezi t’ap pale ak
yon seri de moun ki te mete konfyans yo nan pwòp tèt pa yo, yo te panse yo
korèk nèt, se yo ki pi bon pase tout moun. Parabòl Jezi a pale sou de moun, men
de moun sa yo reprezante de gwoup moun nan sosyete jwif la: youn se farizyen,
lòt la se pibliken. Pibliken an, se yon anplwaye leta ki t’ap ranmase lajan
enpo. Farizyen an, se sila ki konnen Labib byen, li toujou ale nan tanp la, li
fè tout jefò l’ pou l’akonpli Lalwa Moyiz la.
Kesyon nou kapab
poze : poukisa se farizyen an ki tounen lakay li san lagras? Nan kisa li antò?
N’ap jwenn repons la nan dènye pati parabòl la: «Mwen di nou, sila a desann
lakay li an règ plis pase lòt la, paske tout moun ki leve tèt li, y’ap fè l’
bese l’, moun ki bese tèt li, y’ap fè l’ leve l’». Nan chapit douz ak trèz
premye lèt Pòl ekri moun Legliz korent yo, li mande yo mete koze renmen an nan
tout sa y’ap di ak nan tout sa y’ap fè. Paske ou mèt fè sa w’ vle, sote,
ponpe pou w’ rive pi sen pase tout moun, si w’ pa gen renmen sa p’ap sèvi w’
anyen.
Nan tan n’ap viv la gen moun ki pa pale
de renmen, men yo pale de “enèji pozitif” ; lè li nan ou, li fè kè w’ kontan,
li fè w’ reyisi nan tout sa w’ap fè. Se renmen an ki nan nou, nou dwe alimante
l’ chak jou, pou l’ ka pouse rasin nan kè nou, pou li ka pran fòs nan lavi nou
; sèke nou p’ap wont, paske tout fwi renmen, menm si li jèmen nan doulè, l’ap
toujou bon.
LAPRIYÈ
: Bondye Papa, ou menm ki se renmen, ou
menm ki mande pou nou youn renmen lòt menm jan ou renmen nou an, tanpri aprann
nou renmen san ipokrizi, san manti, san fent, pou n’ rive bati sosyete ou vle
pou tout pitit ou yo. Amèn
PWOPOZISYON
: Koute Bondye jodi a, ki mande n’
derasinen tout sa ki negatif nan kè nou, nan panse nou, dekwa pou jèm lanmou
kapab jwenn plas pou grandi nan kè nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario