Páginas

DIMANCH 17

Koulè Blan
KATRIYÈM DIMANCH PAK, ANE C
DIMANCH BON GADYEN AN
PREMYE MOSO LABIB
“Men nou vire nan direksyon nasyon yo”.
NAN TRAVAY APOT YO
13, 14. 43-52
Jou sa yo:
Pandan Pòl ak Banabe t’ap vwayaje, yo rive Antyòch Pisidi; yo antre nan sinagòg la, jou saba a, yo chita:
Anpil Juif avèk etranje ki adore Granmèt la, yo suiv yo, yo menm yo pale pou ankouraje yo, pou yo rete nan gras Bondye a.
Nan saba ki suiv la, prèske tout vil la te rasanble pou koute pawòl Bondye a. Lè Juif yo wè foul yo, yo plen ak raj, yo atake sa Pòl t’ap di yo antan yo di pawòl blasfèm.
Pòl ak Banabe menm kenbe fèm, yo di: “Se nou menm nou te gen pou nou pale pawòl Bondye a an premye; men kòm nou repouse l’, nou montre nou pa merite lavi ki p’ap janm fini an, men n’ap vire nan direksyon nasyon yo. Se konsa Granmèt la pase nou lòd: “Mwen mete ou kòm limyè nasyon yo, pou w’ ede sove jous nan bout tè a”.
Lè nasyon yo tande sa, yo kontan, yo fè lwanj pou pawòl Granmèt la, tout sa yo Bondye te rezève pou lavi ki p’ap janm fini an, yo kwè. Pawòl Granmèt la t’ap simen nan tout rejyon an.
Juif yo menm rasanble medam relijye yo ak medam lasosyete a, ak chèf lavil yo, yo monte pèsekisyon kont Pòl ak Banabe, yo chase yo sot nan limit peyi yo. Men yo menm, yo souke pousyè pye yo, yo rive Ikonyòm. Disip yo te plen ak kè kontan ak Espri Sen.
Pawòl Granmèt la
SÒM REPONS 99, 2. 3. 5
R/ Nou se pèp li ak mouton pak li.
Fè lwanj pou Granmèt la, tout tè a, sèvi Granmèt la nan kè kontan; antre devan fas li avèk gran fèt.R.
Konnen Granmèt la se li menm ki Bondye; se li menm ki fè nou, se pou li nou ye, pèp li ak mouton pak li a.R.
Sèke Granmèt la bon; pou tout tan kè l’ sansib, pou jenerasyon ak jenerasyon verite l’ la. R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Mouton an ap kondui yo, l’ap mennen yo nan sous dlo lavi yo”.
NAN LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 7, 9. 14-b-17
Mwen menm Jan, mwen wè yon gran foul, pèsòn pa t’ kapab konte l’, li te sòti nan tout nasyon, ras pèp ak lang, yo te kanpe devan twòn nan ak devan Mouton an, yo te abiye ak rad blan, branch palm nan men yo.
Youn nan ansyen yo di m’: “Sa yo se sa ki vin sot nan gran tray la, yo lave rad yo, yo blanchi yo nan san Mouton an. Se pousa yo devan twòn Bondye a, y’ap sèvi l’ lajounen kon nannuit nan Tanp li a, sa a ki chita sou twòn nan ap abite anlè yo. Yo p’ap grangou ni swaf ankò, solèy p’ap tonbe sou yo, ni okenn chalè, paske Mouton an, ki nan mitan twòn nan, l’ap kondui yo, l’ap mennen yo nan sous dlo lavi a, Bondye ap souye tout dlo nan je yo”.
Pawòl Granmèt la
LEVANJIL
“Mwen menm mwen bay mouton m’ yo lavi ki p’ap janm fini an”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN     10, 27-30
Lè sa a: Jezi di:
“Mouton m’ yo tande vwa m’, mwen konnen yo, yo suiv mwen, mwen ba yo lavi ki p’ap janm fini an, yo p’ap janm peri, pèsòn p’ap wete yo sot nan men m’. Papa m’ daprè sa l’ ban mwen, li pi gran pase tout moun, pèsòn pa kapab wete anyen sot nan men Papa m’. Mwen menm ak Papa a nou fè yon sèl”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
«Mouton m’ yo tande vwa m’, mwen konnen yo.»
Frè m’ ek sè m’ yo, nou rive nan 4èm dimanch Pak kote nou kontinye ap fete Jezi ki mouri epi ki leve byen vivan. Nan dimanch sa a, n’ap fete Jezi ki se Bon Gadyen an.
Jodi a, Jezi gade limanite tankou Bon Pastè a, ki chaje sou do li mouton yo te remèt nan men li yo pou li kapab pran swen yo. Bon Gadyen an gen yon lyen sere ak mouton li yo, youn kapab rekonèt lòt, youn fidèl anvè lòt: «Mouton m’ yo tande vwa m’, mwen konnen yo, yo suiv mwen» (Jan 10, 27). Vwa Bon Gadyen an se toujou yon apèl pou nou kapab swiv li, pou nou kite li aji nan nou.
Nan premye moso labib la, nou wè kòman Pòl ak Banabe te sibi anpil pèsekisyon nan men Jwif yo poutèt pawòl Bondye a, men devan pèsekisyon sa a yo mesye yo pa t’ fè bak, yo te kite lavil la epi yo ale nan lòt vil kote gen moun ki te swaf pawòl Bondye a.
Kris la rachte nou, pa sèlman avèk ekzanp lavi li ak doktrin li (lansèyman li), men tou avèk san li ki te koule.  Li te peye chè pou nou, e se pou sa li pa vle youn nan nou pèdi. Men, fòk nou rekonèt gen moun ki koute vwa Bon Gadyen an, konsa tou gen lòt ki refize koute li. Anons Levanjil la lakòz anpil moun kontan, konsa tou li lakòz anpil lòt moun tris. Kisa kèk moun genyen epi kèk lòt pa genyen? Nan jan li t’ap medite, reflechi sou pwofondè mistè Bondye, Sen Ogisten te reponn konsa: «Bondye p’ap kite ou si ou pa kite li», Li p’ap abandone ou si ou pa abandone Li. Piga ou rann Bondye koupab, ni Legliz la, ni lòt yo, paske pwoblèm fidelite ou a, se pa pwoblèm yo, men se pwoblèm pa ou. Bondye pa refize bay gras li a a pèsonn, e se sa menm ki ba nou fòs: Se pou nou rete nan gras Bondye. Nou pa merite anyen, sèlman gras Bondye ki kouvri nou.
Puiske nou se pèp li ak mouton Pak Bondye (Sòm 89), an nou fè lwanj pou li, pou lavi li ban nou, pou sakrifye li sakrifye lavi l’ pou nou, paske li bon, li gen kè sansib.
Nan dezyèm moso labib la, nan liv apokalips, liv ki rakonte sa k’ap rive nan dènye tan yo, apòt Jan ap rakonte sa li wè nan revelasyon li. Yon foul moun, rad yo te blan, branch palmye nan men yo. Epi youn nan ansyen yo di l’: Sa yo, se sa ki vin sot nan gran tray ki blanchi rad yo nan san mouton an e yo gen pwoteksyon nan men mouton an, yo p’ap janm grangou, ni swaf, l’ap mennen yo nan sous dlo lavi a, l’ap siye dlo nan je yo.
Nou vin gen lafwa lè nou tande ak konprann pawòl Bondye, e pi gwo danje a se lè nou soud e nou pa tande apèl Bon Gadyen an, paske nou gen tèt nou plen ak bwi, oubyen pi grav toujou, lè nou fè kòmsi nou pa tande, nou di sa pa konsène nou. Moun ki fè ekspre ki bouche zòrèy li plizyè fwa pou li pa tande apèl Bondye, moun sa a pèdi kontak ak Jezi, e li p’ap gen kè kontan kòm kretyen; se konsa li pral chèche manje nan lòt patiraj, kote vant li p’ap janm plen ni li p’ap jwenn lavi pou tou tan. Poutan, Jezi sèl sila ki kapa di: «Mwen ba yo lavi ki p’ap janm fini an» (Jan  10,28).
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, tanpri, fè m’ tounen yon mouton dosil nan men Jezi, pou m’ kapab kite l’ mennen m’ kote li vle.
PWOPOZISYON: M’ap trete lòt yo ak dousè, menm jan Jezi Bon Gadyen an fè pou mwen an.


No hay comentarios:

Publicar un comentario