Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Konsa nasyon yo tou
Bondye ba yo gras pou yo konvèti vin nan lavi a”.
NAN
TRAVAY APOT YO 11, 1-18
Jou
sa yo:
Apot
yo ak frè yo ki te nan Jide a, yo tande kijan nasyon yo te resevwa pawòl Bondye
a tou. Konsa lè Pyè monte Jerizalèm, moun ki te sot nan sikonsizyon yo, yo fè
diskisyon kont li, y’ap di: “Pouki sa ou antre kay moun ki pa fè sikonsizyon,
ou manje avèk yo”? Pyè menm kòmanse, li ekspoze yo jan bagay la te pase, antan
l’ di:
“Mwen
te nan vil Jope a, mwen t’ap lapriyè, mwen wè vizyon antan m’ sòti an espri, se
yon veso ki t’ap desann, tankou yon gran nap, yo te soutni kat kwen yo nan syèl
la; li rive jous kote m’. Pandan m’ ap ekzamine bagay sa a anndan kè m’, mwen
wè bèt kat pat tè yo, ak zannimo, ak bèt k’ap glise atè yo, ak zwazo syèl yo.
Mwen
tande yon vwa k’ap di m’: “Leve, Pyè: touye epi manje”. Mwen di: “Pa ditou,
Granmèt, paske bagay ki sal, ki pa pwòp, pa janm antre nan bouch mwen”. Vwa a
reponn yon dezyèm fwa sot nan sèl la: “Sa Bondye pwòpte, ou menm pa di li sal”.
Bagay sa a fèt twa fwa, epi tout bagay ramase ankò nan syèl la:
Menm
lè a gen twa mesye ki parèt nan kay la, kote mwen te ye a, yo te voye yo depi
sot Sezare vin kote m’. Espri a menm di m’ pou m’ ale avèk yo san ezite. Sis
frè sa yo tou vin avèk mwen, nou antre nan kay mesye a. Li rakonte nou kijan li
te wè yon zanj nan kay li a ki kanpe, ki di l’: “Voye al Jope, fè chèche Simon,
sa yo rele Pyè a; 1’a deklare pawòl k’ap fè ou sove ou menm ak tout kay ou”.
Men
kon m’ kòmanse pale, Espri Sen an tonbe sou yo, tankou li te fè nan nou nan
kòmansman. Mwen vin sonje pawòl Granmèt la, jan l’ te di: “Jan te batize nan
dlo, nou menm menm se nan Lespri Sen an n’ap resevwa batèm”. Si Bondye ba yo
menm favè li te ba nou an, nou menm ki te kwè nan Granmèt Jezikri a, mwen menm
menm ki sa m’ te ye pou m’ te kapab jennen Bondye a”?
Lè
yo tande sa, yo pe bouch yo; yo fè lwanj Bondye, y’ap di: “Konsa ni pou nasyon
yo tou Bondye fè yo favè pou yo chanje chemen vin nan lavi a”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 41,
2-3; Ps 42, 3. 4
R/ Nanm mwen swaf kote ou, Bondye ki vivan an.
Tankou
yon mouton ki anvi al nan sous dlo yo, konsa nanm mwen anvi al kote ou, Bondye.
Nanm
mwen swaf kot Bondye, Bondye vivan an, kilè m’a prale, pou m’ parèt devan fas
Bondye? R.
Voye
limyè w’ la ak verite w’ la; se yo menm k’ap kondui m’, k’ap mennen m’, sou mòn
ou ki sen an, ak nan tant ou a. R.
LEVANJIL
“Mwen se pòt mouton yo”.
MEN BÒN NOUVÈL DAPRÈ JAN KI
SEN 10, 1-10
Lè
sa a: Jezi di:
“Amèn,
amèn, mwen di nou, moun ki pa pase nan pòt la pou l’ antre nan pak mouton yo,
men ki monte yon lòt kote, moun sa a se yon vòlè ak yon asasen. Men moun ki
antre nan pòt la, se gadyen mouton yo. Moun sa a gad baryè a louvri pou li,
mouton yo koute vwa l’. Mouton pa l’ yo, li rele yo sou non yo chak, epi li fè
yo sòti. Lè l’ fin met pwòp mouton pa l’ yo deyò, li sòti devan yo, mouton yo
suiv li, paske yo konnen vwa l’; men yo pa suiv yon etranje; okontrè yo sove
pou li, paske yo pa rekonèt vwa etranje yo.
Jezi
di yo pwovèb sa a; men yo menm yo pa t’ konnen ki sa li t’ap pale yo a.
Konsa
Jezi di yo ankò: “Amèn, amèn, mwen di nou, mwen se pòt mouton yo. Tout kalite
moun ki te vini yo, se vòlè ak asasen, mouton yo pa t’ koute vwa yo. Mwen se
pòt la. Si yon moun antre pa lantremiz mwen, l’ap sove, l’ap antre, l’ap sòti,
l’ap jwenn manje. Vòlè a pa vin fè lòt bagay pase vòlè, touye, detwi. Mwen menm
mwen vini pou yo jwenn lavi, pou yo jwenn li an kantite”.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Bondye
se lanmou, se mizerikòd. Kisa ki volonte li? Volonte li se pou tout moun rive
genyen lavi epi genyen li an kantite, san mank. Jezikri se Pawòl Bondye a ki
tounen moun, pou li kapab fè tout moun konnen kilès Bondye ye epi kisa ki
volonte Bondye.
Jezikri
te vini sou tè a premyèman pou pèp Bondye te chwazi a, pèp Jwif la, li te vini
pou li te kapab reyalize pwomès Bondye yo. Men kòm pèp sa a te genyen kè li
fèmen, kòm li te genyen tèt li di, li te refize kwè nan sila ki te san pou san
moun ak san pou san Bondye a. Se pou sa lagras Bondye a debòde limit tè Juif yo
pou li te kabab rive jwenn tout moun, nan tout kwen sou fas tè a.
Jezikri
vini pou li kapab sove tè a, pou li kapab kreye yon limanite tou nèf. Li antre
nan chè a pou li kapab sanktifye li, renouvle li, epi pou li kapab menmen tout moun
bay Bondye. Jodi a l’ap di nou li se pòt la, kote nou dwe pase pou nou antre
nan patiraj Bondye Papa a, pa genyen lòt pòt kote nou kapab pase. Kijan nou kapab marye parabòl sa a ak
reyalite lavi nou jodi a?
Tout
moun ki batize nan Legliz la se mouton Bondye e se Jezikri ki Gadyen yo, li
konnen vwa mouton li yo e mouton li yo konnnen vwa li. Konsa, menm si yon vòlè
ta pase sou tèt mi an pou li antre nan patiraj la, li p’ap reyisi paske mouton
yo p’ap koute vwa li. Zanmi mwen, si ou nan patiraj Granmèt la, se pou w’
aprann koute vwa li pou w’ pa konfonn vwa pa li ak vwa ènmi an. Nou dwe veyatif
pou nou pa tonbe nan pyèj satan.
LAPRIYÈ: Tanpri Granmèt, fè mwen tounen yon mouton nan pak ou
a, ki kapab koute vwa ou epi mache dèyè ou san gade dèyè, paske se ou k’ap
mennen mwen nan sous dlo ki fre a.
PWOPOZISYON: M’ap tounen yon bon gadyen pou yon moun ki grangou, m’ap ba li manje.
No hay comentarios:
Publicar un comentario