Páginas

MADI 19

Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Yo t’ap pale ak Grèk yo tou, yo t’ap anonse yo Granmèt Jezi”.
NAN TRAVAY APOT YO
11, 19-26
Jou sa yo:
Sa yo ki te gaye akoz tray la, ki te rive sou Etyèn nan, yo travèse jous Fenesi, Chip ak Antyòch, san yo pa deklare pawòl la bay pèsòn, sof Juif yo sèlman. Kèkzen nan yo te moun Chip ak Sirèn, konsa lè yo rive Antyòch, yo te pale ak Grèk yo tou, yo te anonse yo Granmèt Jezi. Men Granmèt la te avèk yo, anpil kantite moun ki kwè vin tounen kot Granmèt la. Pawòl la rive nan zòrèy Legliz la ki Jerizalèm nan, osijè bagay sa yo, yo voye Banabe jous Antyòch. Lè l’ rive, li wè gras Bondye a, li kontan; li ankouraje tout moun pou yo rete nan bon dispozisyon kè yo nan Granmèt la; paske se te yon mesye ki bon, ki te plen ak Lespri Sen ak lafwa. Anpil foul vin jwenn Granmèt la. Banabe pati al Tas, pou l’ chèche Sòl; lè l’ jwenn li, li mennen l’ Antyòch. Yo rete pandan tout ane a la nan Legliz la, yo t’ap bay anpil foul ansèyman, atèl pwen pou premye fwa yo rele disip Antyòch yo kretyen”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 86, 1-3. 4-5. 6-7
R/ Fè lwanj Granmèt la, tout nasyon yo.
Fondasyon l’ yo sou mòn yo ki sen yo; Granmèt la renmen pòt Siyon yo pase tout tant Jakòb yo. Y’ap di bèl bagay sou ou, vil Bondye a.R.
M’ap sonje Raab ak Babilòn pami sa yo ki konnen m’ yo; men Filisti ak Ti avèk Etyopi, sa yo fèt isit la. Osijè Siyon, y’ap di: “Sa a ak sa a fèt ladan l’, Sila a ki anwo nèt la rann li fèm”.R.
Granmèt la ekri nan liv pèp yo: “Sa yo fèt isit la”. Y’ap chante tankou moun k’ap kondui gwoup dans: “Tout sous mwen yo nan ou”.R.
LEVANJIL
“Mwen menm ak Papa a nou fè yon sèl”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 10, 22-30
Se te fèt konsekrasyon Tanp la Jerizalèm, se te tan frèt. Jezi t’ap mache nan Tanp la, nan pòtay Salomon an. Juif yo antoure l’, yo t’ap di l’: “jouskilè w’ap kenbe souf nou kout? Si ou se Kris la, di nou sa klè”. Jezi reponn yo: “Mwen pale ak nou, nou pa kwè. Travay yo mwen fè o non Papa m’ nan, se yo menm ki sèvi m’ temwen. Men nou pa kwè, paske nou pa fè pati bann mouton m’ yo. Mouton m’ yo tande vwa m’, mwen konnen yo, yo suiv mwen, mwen ba yo lavi tout tan an, yo p’ap peri tout tan, pèsòn p’ap wete yo sot nan men m’. Papa m’ daprè sa l’ ban mwen, li pi gran pase tout moun, pèsòn pa kapab wete anyen sot nan men Papa m. Mwen menm ak Papa nou fè yon sèl.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
“Mwen menm ak Papa a nou fè yon sèl”.
Jodi a nou wè Jezi ki « t’ap mache nan Tanp la, nan pòtay Salomon an» (Jan 10, 23), nan okazyon fèt konsekrasyon Jerizalèm nan. Lè sa a juif yo te di  li: «Si ou se Kris la, di nou sa klè», e Jezi reponn yo: «Mwen pale ak nou, nou pa kwè» (Jan 10,24-25).
Se sèl lafwa ki kapab fè moun nan rive rekonèt Jezikri kòm Pitit Bondye. Nan lane 2000, nan rankont li te fè ak jèn yo kote yo rele «Tor Vergata», Pap Jan Pòl II te pale sou sa li rele «Laboratwa lafwa a». Pou reponn kesyon «Ki moun yo di mwen ye? » (Lik 9, 18), gen anpil repons… Men Jezi pase sou plan pèsonèl, li mande disip li yo: «Bon, nou menm, ki moun nou di mwen ye? ». Pou nou rive reponn kesyon sa a kòmsadwa, tankou Pyè, fòk se Bondye ki ta fè nou konnen repons la: «Ou se Kris la, Moun Bondye chwazi pou voye a». (Matye 16,16)
Menm si Bondye vle tout moun kwè pou yo ka sove, se sèl moun ki gen kè yo senp ki akeyi kado sa a. Nou li nan liv Pwovèb: «Moun ki soumèt devan Bondye, se yo ki gen bon konprann» (Pwovèb 11,2).
Men ki kòmantè Sen Toma d’Aken fè sou pasaj levanjil sa a: «Mwen kapab wè granmesi limyè solèy la, men si mwen fèmen je mwen, mwen pa wè;  se pa fòt solèy la, men se fòt pa mwen».
Jezi di juif yo, si yo pa kwè, omwen se pou yo kwè nan zèv li yo ki manifeste pouvwa Bondye a: « Travay yo mwen fè o non Papa m’ nan, se yo menm ki sèvi m’ temwen» (Jn 10, 25).
Jezi konnen mouton li yo e mouton li yo koute vwa li. Se lafwa ki pouse nou frekante Jezi nan lapriyè. Kisa lapriyè a ye si se pa frekantasyon Jezi, ki renmen nou e k’ap mennen nou kot Papa a? Rezilta ak rekonpans entimite nou genyen ak Jezi nan lavi sa a, se lavi pou toutan an, tankou nou te li sa nan Levanjil la.
LAPRIYÈ: Granmèt, fè nou solidè youn ak lòt pou nou kapab tounen yon twoupo ki fè ou plezi. Pa kite nou abandone pak la pou nou tounen mouton ki egare. Pwoteje nou anba menas lènmi an, ki toujou ap wode pou li kapab manje nou. Amèn.

PWOPOZISYON: M’ap chèche viv nan kominyon ak Bondye tout bon vre antan mwen viv nan kominyon ak sila a ki bò kote mwen, k’ap tann mwen pou mwen konprann li, pou mwen ede li?

No hay comentarios:

Publicar un comentario