Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Mete Sòl ak Banabe apa
pou mwen”.
NAN TRAVAY APOT YO
12,
24-13. 5a
Jou
sa yo:
Pawòl
Granmèt la t’ap devlope, li t’ap vin anpil. Banabe menm ak Sòl tounen sot
Jerizalèm, lè yo fini misyon yo, yo pran Jan, sa yo te rele Mak la. Nan Legliz
la ki Antyòch la, te gen pwofèt ak savan sakre, nan pami yo se te Banabe ak
Simon, sa yo rele Nwa a, Liziyis moun Sirèn nan, ak Manaèn, ki te grandi tou
piti ansanm avèk Ewòd, chèf ka peyi a, epi Sòl. Pandan y’ap fè sèvis yo pou
Granmèt la, epi y’ap fè jèn, Espri Sen an yo: “Mete Sòl ak Banabe apa pou mwen,
pou travay la mwen chwazi pou yo a”. Yo fè jèn, yo priye, yo poze men sou yo,
yo kite yo ale. Yo menm, lè Espri Sen an fin voye yo, yo pati al Selesi, yo sot
la yo fè vwal pou Chip. Lè yo rive Salamin, yo t’ap preche pawòl Bondye a nan
sinagòg Juif yo. Yo te gen Jan nan sèvis la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 66,
2-3. 5. 6 e 8
R/ Se pou pèp yo fè lwanj ou, Bondye, se pou tout pèp
yo fè lwanj ou.
Se
pou Bondye pran pitye pou nou, se pou l’ beni nou; se pou l’ fè figi l’ klere
sou nou.
Pou
yo rekonèt chemen w’ yo sou tè a, sove ou la nan tout nasyon yo.R.
Se
pou nasyon yo kontan, se pou yo danse, paske ou jije pèp yo yon fason kòrèk,
ou
dirije nasyon yo sou tè a.R.
Se
pou pèp yo fè lwanj ou, Bondye, se pou tout pèp yo fè lwanj ou.
Se pou Bondye nou an beni nou, se pou tout
limit tè a krenn li.R.
LEVANJIL
“Mwen menm limyè a mwen
vin sou tè a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ JAN KI SEN 12, 44-50
Lè
sa a: Jezi rele byen fò, li di:
“Moun
ki kwè nan mwen, se pa nan mwen menm li kwè, men nan sa a ki voye m’ nan. Moun
ki wè m’, li wè sa a ki voye m’ nan. Mwen limyè a, mwen vin sou tè a, pou tout
moun ki kwè nan mwen, yo pa rete nan fènwa. Si yon moun tande pawòl mwen yo, li
pa kenbe yo, se pa mwen menm k’ap jije l’; mwen pa vini pou m’ jije tè a, men
pou m’ sove tè a. Moun ki meprize m’, ki pa resevwa pawòl mwen yo, li gen sa a
k’ap jije l’. Pawòl la mwen pale a, se li menm k’ap jije l’ nan dènye jou a.
Paske mwen menm se pa nan mwen menm mwen pran pou m’ pale; men sa a ki voye m’
nan, Papa a, se li menm ki ban m’ kòmandman kisa pou m’ di, epi kisa pou m’
pale. Mwen konnen kòmandman l’ nan se lavi tout tan an. Sa m’ pale yo, se jan
Papa a di m’ nan, se konsa mwen pale”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Se
nan jan Jezi mouri epi li leve byen vivan, nou ka rann nou kont kilès Jezi ye.
Se yon moun li ye, menm jan ak tout moun, epi l’ mouri tankou yon moun. Se sa
k’ fè li konn rele tèt li « Pitit lòm » plizyè fwa nan Labib, pou nou sonje ke
se lòm li ye tout bon. Menm tan tou, li plis pase Pitit lòm, se Pitit Bondye li
ye tou. Jezi se Bondye ki te tounen moun, ki te vini sou latè pou nou te ka
konnen kilès Bondye ye, pou li te ka eksprime jan l’ renmen nou pou tout tan,
yon fason nou ka konprann. Se nan sans sa nou ka konprann pawòl Levanjil jodi a
la : yon moun ki kwè nan Jezi, se nan Papa Bondye li kwè, paske tout sa Jezi
di, tout sa Jezi fè, tout sa Jezi ye, se onon Granmèt la.
Antan
ke gran frè nou an, Jezi pran devan, li louvri chimen lavi nèt ale a pou nou.
Pwomès sa a pa gen dat ekspirasyon, li valid pou tout tan gen tan. Se sa k’ fè
Jezi te voye Lespri Sen an, pou chwazi moun nan mitan nou k’ap ede l’ gaye Bòn
Nouvèl la toupatou nan lemonn, pou yon jenerasyon apre lòt, jan nou wè nan
premye moso Labib jodi a.
Se
ofri Jezi ap ofri nou bòn nouvèl renmen Bondye a. Si n’akeyi renmen li an nan
kè nou, n’ap sove, paske se renmen sa a ki pou chanje tout bagay nèt nan lavi
nou, se renmen sa a k’ap fè n’ jwenn kè poze ak kè kontan.Men si n’ meprize l’,
si n’ rejte l’, se pa Jezi k’ap kondane nou, se nou menm k’ap rate okazyon an
dèske nou te fèmen kè nou byen di, nou pa t’ vle resevwa kado a. Lè nou plede
chache kè kontan ak kè poze nan lòt kote, ki pa sòti nan Bondye, nou p’ap janm
jwenn sa n’ap chèche a, nou p’ap janm satisfè.
LAPRIYÈ: Mèsi Granmèt, paske ou te voye Pitit ou a montre nou
kilès ou ye. Tanpri, fè Lespri Sen ou an louvri kè m’, pou m’ ka mete tout
konfyans mwen nan ou menm sèl !
PWOPOZISYON: Nan
kisa w’ konn mete konfyans ou? Fè atansyon: Kaka je pa linèt!
No hay comentarios:
Publicar un comentario