Koulè Blan
PREMYE LEKTI
"Yo deside pou yo
monte kot Apot yo ak ansyen yo Jerizalèm osijè kesyon sa a".
LEKTI TRAVAY APOT YO
15, 1-6
Jou
sa yo:
Gen
kèk moun ki desann sot nan Lajide, yo t’ap anseye frè yo: "Si nou pa
resevwa lasikonsizyon daprè abitid Moyiz la, nou pa kapab sove". Vin gen
diskisyon ki pa piti ant Pòl ak Banabe kont yo, yo deside pou Pòl ak Banabe
monte avèk kèkzen nan lòt yo kot Apot yo ak prèt yo Jerizalèm poutèt kesyon sa
a. Yo menm, Legliz la kondui yo, yo travèse Fenisi, ak Samari, y’ap rakonte
kijan payen yo chanje wout vin nan lafwa; yo fè tout frè yo vin gen gran kè
kontan. Lè yo rive Jerizalèm, Legliz la ak Apot yo ak ansyen yo resevwa yo, yo
anonse tout sa Bondye te fè avèk yo. Men gen kèkzen nan ti gwoup farizyen yo ki
te gen lafwa yo ki leve, yo di se pou payen yo resevwa sikonsizyon, epi se pou
yo pase yo lòd pou yo obsève lalwa Moyiz la. Apot yo ak ansyen yo rasanble pou
yo ekzamine kesyon sa a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 121,
1-2.3-4a.
4b-5 (r.: 1)
R/ Nan lakay Granmèt la n’a prale ak kè kontan.
Mwen
kontan poutèt yo di m’: "nan lakay Granmèt la n’a prale"
Pye
nou deja kanpe nan pòt ou yo, Jéruzalèm.R.
Sèke
se la ras yo ap monte, ras Granmèt la, temwayaj Izrayèl, pou fè lwanj non
Granmèt la. Sèke se la fotèy yo enstale pou jijman an, fotèy kay David la.R
LEVANJIL
"Moun ki rete nan
mwen, epi mwen menm nan li, moun sa a pote anpil fwi".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ SEN JAN 15, 1-18
Lè
sa a: Jezi di disip li yo:
"Mwen
se veritab pye rezen an, Papa m’ se kiltivatè a. Tout branch nan mwen ki pa
donnen fwi, l’ap wete l’; tout branch ki donnen fwi, l’ap netwaye l’ pou l’
donnen plis fwi. Nou menm nou deja pwòp gras a pawòl la mwen te pale nou an.
Rete nan mwen, epi mwen menm nan nou. Menm jan branch la pa kapab donnen fwi
pou kont li a, si l’ pa ret nan pye rezen an, konsa tou nou menm non plis, si
nou pa rete nan mwen. Mwen se pye rezen an, nou se branch yo; moun ki ret nan
mwen, epi mwen menm nan li, moun sa a donnen anpil fwi, paske san mwen menm nou
pa kapab fè anyen. Si yon moun pa ret nan mwen, y’ap jete l’ deyò, tankou
branch la, l’ap seche, y’ap ranmase l’ y’ap jete l’ nan dife, l’ap boule. Si
nou ret nan mwen, epi pawòl mwen yo rete nan nou, tout sa nou vle, nou mèt
mande l’, l’ap rive pou nou. Se nan sa Papa m’ jwenn bèlte l’, pou nou donnen
anpil fwi, pou nou vin disip mwen".
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
«RETE NAN MWEN, EPI MWEN MENM NAN NOU».
Jodi
a, yon lòt fwa ankò, n’ap kontanple Jezi ki antoure ak disip li yo, nan yon anbyans
entimite, bon jan zanmitay. Li ba yo sa nou te kapab rele dènye enstwiksyon,
avan li te separe ak yo, enstwiksyon sa yo genyen yon gwo valè puiske yo
reprezante yon testaman.
Nou
imajine sa pase nan senak la. Se la Jezi te lave pye disip li yo, yon lòt fwa
ankò li anonse ke l’ap pati kite yo, li transmèt yo lanmou fratènèl, e li
konsole yo lè li ba yo Lekaristi a ak pwomès Sentespri a (Jn 14). Lè nou li
chapit kenz levanjil la, nou jwenn ankourajman pou nou youn byen soude ak lòt
nan lanmou.
Granmèt
la avèti disip li yo sou danje ak difikilte y’ap gen pou fè fas: « Si yo
pèsekite m', y'a pèsekite nou tou» (Jn 15, 20), men li konseye yo pou yo pa
kite moral yo kraze akòz mond la ki pa renmen yo: Li renouvle yo pwomès li te
fè ke l’ap voye Defansè a, li ba yo
garanti l’ap ede yo nan tout sa yo mande, e finalman Li priye Papa pou yo, pou
nou tout, nan gwo lapriyè li fè antan ke prèt.
Pou
nou menm, danje a pa sòti deyò: menas la se nan nou li sòti, lè nou youn rayi
lòt nan Legliz la (Kò Mistik Kris la) e lè nou pa kapab mete tèt nou ansanm, ak
lè nou (ki se kò a) dozado ak Jezi (ki se tèt la). Rekòmandasyon Jezi a klè: «
Mwen se pye rezen an, nou se branch yo; moun ki ret nan mwen, epi mwen menm nan
li, moun sa a donnen anpil fwi, paske san mwen menm nou pa kapab fè anyen»(Jn
15,5).
Premye
jenerasyon kretyen yo te kite ekzanp viv nan tèt ansanm nan pou nou. Men yon
temwayaj Sen Inyas d’Antyòch te kite pou nou: «An nou tout kouri ansanm nan yon
sèl tanp, se yon sèl lotèl, yon sèl Kris ki sòti nan Papa a».
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri aprann nou kraze divizyon nan
fason n’ap travay ansanm pou nou bati yon kominote ki chita sou renmen ak
fratènite.
PWOPOZISYON: Rete
soude ak Bondye Papa nan lapriyè pou nou ka gen lavi nan li. Fè solidarite youn
ak lòt antan youn ap ede lòt.
No hay comentarios:
Publicar un comentario