Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Yo rapòte Legliz la tout
sa Bondye te fè avèk yo”.
NAN
TRAVAY APOT YO 14, 19-28
Jou
sa yo:
Gen
kèk Juif ki vin sot Antyòch ak Ikonyòm; yo pran tèt foul yo, yo kalonnen Pòl ak
kout wòch, yo trennen l’ deyò lavil la, yo te konprann li te mouri. Disip yo
menm antoure l’, li leve, li antre nan lavil la, nan landmen, li pati Dèbe
ansanm ak Banabe.
Lè
yo fin anonse Levanjil la nan vil sa a, epi yo fin bay anpil moun lansèyman, yo
tounen Lis, Ikonyòm, Antyòch, y’ap ankouraje kè disip yo, y’ap ba yo konsèy pou
yo rete nan lafwa a, yo di yo kijan nou gen pou nou pase anpil tray pou nou
antre nan rèy Bondye a. Yo enstale prèt pou yo nan chak Legliz, yo lapriyè, yo
fè jèn, yo renmèt nan men Granmèt la yo te kwè nan li a.
Yo
travèse Pisidi, yo rive Panfili, yo anonse pawòl Granmèt la Pèje, yo desann
Atali. Yo sot la, yo fè vwal pou Antyòch, kote yo te renmèt yo nan favè Bondye
a pou travay la yo te reyalize a. Lè yo rive, yo rasanble Legliz la, yo rapòte
tout sa Bondye te fè avèk yo, epi kijan li te louvri pòt lafwa a bay nasyon yo.
Yo te rete yon ti moman avèk disip yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 144,
10-11. 12-13ab. 21
R/ Zanmi w’ yo, Granmèt, ap fè konnen bèlte rèy ou an.
Y’ap
fè lwanj ou, Granmèt, tout sa w’ fè yo; sen w’ yo ap fè konpliman pou ou.Y’ap
deklare bèlte rèy ou an, y’ap anonse pouvwa ou.R.
Pou
yo fè pitit moun yo konnen mèvèy ou yo, ak bèlte grandè rèy ou an.Rèy ou an, se
rèy tout tan, kòmandman w’ nan pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
Se
pou bouch mwen fè lwanj Granmèt la, se pou tout chè m’ fè konpliman pou non l’
ki sen pou tout tan ak tout tan gen tan.R.
LEVANJIL
“Se lapè m’ nan mwen ba
nou”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ JAN KI SEN 14,
27- 31a
Lè
sa a: Jezi di disip li yo:
“Se
lapè mwen kite pou nou, se lapè m’ nan mwen ba nou; se pa tankou tè a bay li a
mwen ba nou li. Pa kite kè nou twouble, pa kite l’ sote. Nou te tande mwen te
di nou: “M’a prale epi m’ap vin jwenn nou”. Si nou te renmen m’, nou ta kontan
sètènman poutèt m’a pral kay Papa a, paske Papa a pi gran pase m’. Koulye a
menm mwen di nou sa anvan sa rive, pou lè l’ rive nou kapab kwè. Mwen p’ap di
nou anpil bagay ankò. Sèke chèf tè sa a rive, li pa gen okenn pouvwa sou mwen.
Men se pou tè a konnen mwen renmen Papa a, epi se daprè kòmandman Papa a ban
mwen an, se konsa mwen aji”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a
REFLEKSYON
Jezi
pale ak disip li yo avan l’al kay Papa; pawòl sa yo Jezi t’ap di yo, ("se
lapè mwen kite pou nou, se lapè m’ nan mwen ba nou, se pa tankou tè a bay li a
mwen ba nou li"), se yon fason pou l’ te kapab montre disip li yo li se
moun Bondye te voye nan lachè a, aprè li fin resisite, sa se moman pa l’ ki
rive pou l’al jwenn Papa l’, men avan l’ale nan bèlte Papa a, li vin swete
disip li yo lapè. Lapè sa a te gen yon pakèt enpòtans nan je disip yo, paske se
yon kè poze ki p’ap janm fini. Frè m’ ak sè m’ yo, nou imajine ki kalite lapè
sa Jezi te vin pote bay disip yo! Mwen kwè ke lè nou tande pale de kè poze, se
pa yon bagay ki etonan.
Jounen
jodi a lemond ap travèse yon gwo kriz ki se kriz lapè, paske lapè se yon bagay ki
manke nou anpil nan visa a. Si nou reflechi byen nou kapab poze tèt nou kesyon,
ki diferans ki genyen ant lapè mond lan ak lapè Jezi t’ap bay la? Pou mond lan, lapè se sinonim trankilite,
enterè pèsonèl, se bliye frè n’ ak sè nou yo; pandan setan lapè Jezikri se fòs
Lespri Sen an ki enkane anndan nou, pou jistis Bondye kapab reye sou tè a.
Epoutan lapè a se renmen ki sot nan Papa a, se fè volonte papa antan n’ap viv
sou tè a. Lapè sa a Jezikri ap ofri nou an jodi a, se pou nou chache konprann
li e sèvi ak li nan lavi frè n’ ak sè nou yo. Se pa yon bagay piti sa ye, men
se yon bagay pou nou gade gwo nan fon kè nou paske se li k’ap pèmèt nou viv
pawòl Bondye a, e se li menm tou k’ap pèmèt nou viv renmen Papa san limit nan
viv youn ak lòt.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt,
ou menm ki te voye Jezi sou tè a, pou li te kapab simaye lapè ki sot nan ou a,
tanpri fè mond n’ap viv jounen jodi a merite jwenn kalite kè poze sa a.
PWOPOZISYON: M’ap aprann fè lapè ak moun ki nan dezakò ak mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario