MAK
KI SEN, Evanjelis
Fèt
Koulè
Wouj
PREMYE MOSO LABIB
“Mak, pitit mwen an,
salye nou”
NAN PREMYE LÈT APOT PYÈ KI
SEN 5, 5b-14
Nou
menm mwen renmen anpil la:
Nou
tout, se pou nou konsidere nou pi ba pase lòt yo paske Bondye reziste moun k’ap
leve tèt yo, se sa k’ rabese tèt yo li bay gras la. Konsa se pou nou rabese tèt
nou anba men Bondye ki gen pouvwa, pou l’ leve nou nan tan vizit la, renmèt li
tout tèt chaje nou, paske se li menm k’ap okipe nou.
Se
pou nou kontwole tandans nou, pou nou veye, paske dyab la ki ènmi nou an, li
tankou yon lyon k’ap rele, l’ap fè laviwonn, antan l’ap chèche moun pou l’
devore; se pou nou reziste l’ avèk fòs nan lafwa, antan nou konnen se menm
soufrans la frè nou yo ki sou tout tè a ap sibi. Bondye tout gras la, li menm
ki rele nou nan glwa tout tan l’ nan nan Jezikri, se li menm k’ap fè nou fin
bon nèt, aprè nou fin soufri yon ti kras, l’ap asire nou, l’ap rann nou
solid. Konpliman ak otorite pou li pou
tout tan gin tan. Amèn.
Pa
lentèmedyè Silven mwen konsedere kòm yon frè ki fidèl, mwen ekri yon ti mo tou
kout, mwen ankouraje nou, mwen asire nou, sa a se vre gras Bondye a, kote nou
ye a.
Legliz
la ki rasanble Babilòn nan salye nou, ni Mak, pitit mwen an. Se pou nou youn salye lòt nan yon bo ki sen.
Gras
pou nou tout ki nan Jezikri. Amèn.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 88,
2-3. 6-7. 16-17
R/ Mizerikòd ou, Granmèt, se tout tan m’ap chante l’.
Mizerikòd
Granmèt la se tout tan m’ap chante l’, pou jenerasyon ak jenerasyon m’ap anonse
verite ou nan bouch mwen. Sèke mwen di: “Se pou tout tan mizerikòd la bati”,
nan syèl la mwen asire verite ou.R.
Syèl
yo ap fè lwanj pou mèvèy ou, Granmèt, ni verite w’ la nan Legliz sen yo. Paske
kilès nan nyaj yo ki egal ak Granmèt la, k’ap sanble ak Granmèt la nan pitit
Bondye yo? R.
Ala
kontantman pou pèp la ki konn fè konpliman; Granmèt, nan limyè fas ou y’ap
mache, o non ou y’ap fete tout lajounen, nan jistis ou a y’ap leve tèt yo.R.
LEVANJIL
“Preche Bòn Nouvèl la bay
tout kreyati”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ MAK KI SEN 16,
15-20
Lè
sa a: Jezi parèt devan onz yo, li di yo:
“Ale
sou tout tè a, preche Bòn Nouvèl la bay tout kreyati. Moun k’ap kwè epi k’ap batize, l’ap sove; men
moun ki pa kwè, l’ap kondane.
Men
siy pou moun k’ap kwè yo: o non m’ y’ap chase demon yo, y’ap pale lang nouvo,
y’ap pran sèpan; menm si yo bwè pwazon, sa p’ap fè yo anyen; y’ap poze men sou
malad yo, malad yo ap geri.”
Granmèt
Jezi, lè l’ fin di yo sa, li monte nan syèl la, li chita adwat Bondye.
Yo
menm menm yo pati, y’ap preche tout kote, pandan Granmèt la ap ba yo konkou, ap
asire pawòl yo ak siy l’ap fè rive.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Jodi
a, n'ap fete Mak ki Sen, Levanjelis. Nan okazyon sa, n'ap gade sa nou jwenn an
gwo nan estrikti Labib la: Labib la genyen de gwo moso: Ansyen Kontra a (tout
sa k’ te pase avan Jezi) ak Nouvo Kontra a (kote nou jwenn tout sa ki gen pou
wè ak Jezi, ak premye disip li yo). Poto mitan Nouvo Kontra a se Levanjil la,
ki se istwa lavi Jezi, ak jan l’ mouri epi li leve byen vivan. Epi istwa sa a, yo ekri l’ kat fwa, nan kat
vèsyon diferan, daprè kat temwen ki sòti nan gwoup douz apot Jezi yo. Kat
temwayaj sou lavi Jezi, se yo ki rele liv Evanjil yo nou jwenn anndan Bib la,
nan pati Nouvo Kontra a. Liv yo ekri nan lang grèk la, epi nan lang sa a, mo «
Evanjil » vle di « Bòn Nouvèl». Gen yon liv Bòn Nouvèl ki ekri daprè temwayaj
Matye, gen sa k’ ekri daprè Mak, lè fini gen youn daprè Lik ak yon lòt ankò,
daprè Jan.Se gras a liv sa yo, Pawòl la pa t’ pèdi lè temwen yo te mouri,
okontrè li tonbe jis kote l’ jwenn nou, menm de mil ane aprè evènman yo te fin
pase, nan yon peyi ki byen lwen ak peyi kote Jezi te viv. Ayibobo pou Matye,
Mak, Lik ak Jan !
Jodi
a se fèt Mak ki Sen. Sa vle di n’ap sonje Mak, youn nan douz zanmi Jezi te
chwazi kòm apòt li, ak youn nan kat temwen ki te ekri istwa lavi Jezi, pou Bòn
Nouvèl la te ka gaye toupatou ak pou tout tan. Nan moso Levanjil daprè Mak nou
li jodi a, nou kapab wè ki chanjman Bòn Nouvèl la reyalize nan lavi yon moun,
depi l’ kwè nan Pawòl la. Depi yon moun aksepte Jezi nan kè l’, pa gen yon fòs
ki pi fò pase l’, pa gen yon maladi ki ka fè l’ febli, pa gen yon rèv li pa ka
reyalize.
Premye
moso Labib nou li jodi a enpòtan tou.
Lèt Sen Pyè ekri a fè n’ sonje ke tout sa nou jwenn onon Jezi, se pa pou
nou vante tèt nou pou sa, men se pou nou sèvi avè l’ pou nou youn sèvi lòt.
LAPRIYÈ : Mèsi, Jezi, pou tout sa ou reyalize nan lavi m’ak
fòs Pawòl ou a !
PWOPOZISYON : M’ap
pataje sa mwen konnen de Labib ak yon moun ki bezwen sa.
No hay comentarios:
Publicar un comentario