Páginas

DIMANCH 24

SENKYÈM DIMANCH PAK, ANE C
Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Yo rakonte Legliz la tout sa Bondye te fè avèk yo”.
NAN TRAVAY APOT YO 14, 20b- 26
Jou sa yo:
Pòl ak Banabe tounen Lis ak Ikonyòm avèk Antyòch, yo asire kè disip yo, yo ankouraje yo pou yo rete nan lafwa a, yo di yo kijan nou gen pou nou pase anpil tray pou nou antre nan peyi wa Bondye a. Yo enstale prèt pou yo nan chak Legliz, yo lapriyè, yo fè jèn, yo renmèt yo nan men Granmèt la yo te kwè nan li a.
Yo travèse Pisidi, yo rive Panfili, yo anonse pawòl Granmèt la Pèje, yo desann Atali. Yo sot la, yo fè vwal pou Antyòch, kote yo te renmèt yo nan gras Bondye a pou travay la yo te reyalize a.
Lè yo rive, yo rasanble Legliz la, yo rapòte tout sa Bondye te fè avèk yo, epi kijan li te louvri pòt lafwa a bay nasyon yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 144, 8-9.10-l1. 12-13ab
R/ M’ap fè lwanj pou non ou tout tan, Bondye mwen ki wa.
Granmèt la gen pitye, li gen mizerikòd, li gen pasyans, li gen anpil kè sansib. Granmèt la bon pou tout moun, kè l’ sansib pou tout sa l’ fè. R.
Y’ap fè lwanj ou, Granmèt, tout sa w’ fè yo; sen w’ yo ap fè konpliman pou ou. Y’ap deklare glwa peyi wa w’ la, y’ap anonse pouvwa ou.R.
Pou yo fè pitit moun yo konnen mèvèy ou yo, ak glwa grandè peyi wa w’ la. Rèy ou an, se rèy tout tan, kòmandman w’ nan pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Granmèt la ap siye tout dlo nan je yo”.
NAN LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 21, l-5a
Mwen menm, Jan, mwen wè yon syèl nouvo ak yon tè nouvo. Premye syèl la ak premyè tè a pati, lanmè a menm pa gen sa ankò. Mwen menm Jan, mwen wè vil ki sen an, Jerizalèm nouvo a, k’ap desann sot nan syèl la kot Bondye a, ki abiye tankou yon fi k’ap marye ki anbeli pou mari l’. Mwen tande yon gran vwa ki sot nan twòn nan, k’ap di: “Men tant Bondye a avèk lèzòm yo, l’ap abite avèk yo; y’ap pèp li, li menm Bondye avèk yo l’ap Bondye yo. Bondye ap siye tout dlo sot nan je yo, p’ap gen lanmò, ni dèy, ni rèl, ni doulè ankò; paske premye bagay yo pati”.
Sa a ki te chita sou twòn nan, li di: “Men mwen fè tout bagay nouvo”. Li di m’: “Ekri, pawòl sa yo byen fidèl, yo vre”.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Mwen ba nou yon kòmandman nouvo, pou nou youn renmen lòt”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN     13, 31-33a. 34-35
Lè Jida fin sòti nan chanmòt la, Jezi di:
“Koulye a Pitit moun nan jwenn glwa a, Bondye jwenn glwa nan li tou. Si Bondye jwenn glwa nan li, Bondye ap fè l’ jwenn glwa nan li menm, l’ap fè l’ jwenn glwa a tout suit.
Ti pitit mwen yo, se pou yon ti moman ankò mwen avèk nou. Mwen ba nou yon kòmandman nouvo, pou nou youn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an, se konsa pou nou youn renmen lòt. Se konsa tout moun ap rekonèt nou se disip mwen, si nou youn gen bon kè pou lòt.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
«SE POU NOU YOUN RENMEN LÒT»
Jodi a, Jezi envite nou pou nou youn renmen lòt. Menm nan mond sa ki tèlman konplike kote nou dwe viv la, konplike akoz byen ak mal la ki melanje ladan li. Trè souvan nou gen tandans gade bagay yo trè negative, kòm yon move nouvèl, alòske nou menm ki se kretyen nou sanse pote Bòn Nouvèl Jezikri a nan mond nou an ki chaje vyolans ak enjistis.
Vrèman vre, Jezi di nou « pou nou youn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an, se konsa pou nou youn renmen lòt» (Jn 13,34). E youn nan fason nou ka manifeste renmen sa a, se lè nou mete pawòl Bondye a an pratik, lè nou anonse toutan, tout kote Levanjil la ki se Jezikri menm.
«Men, nou tout k'ap pote richès Bondye sa a nan kè nou, nou tankou veso ki fèt an tè» (2 Ko 4,7). Ki trezò sa a menm? Se Pawòl Bondye a, Bondye Li menm menm, e nou menm, nou se veso ki fèt an tè a. Men richès sa se yon trezò nou pa ka kenbe pou nou menm sèl, paske fòk nou pataje li: «Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a. Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kava» (Mt 28,19-20). Pap Jan Pòl II te ekri: «Moun ki vrèman rankontre ak Kris la, li pa kapab kenbe li pou li menm sèl, li dwe anonse li».
An nou anonse Levanjil la avèk konfyans; ann fè sa nenpòt kote nou ye, ak tout mwanyen nou genyen nan men nou: nan pawòl, nan aksyon ak panse, nan jounal, sou entènèt, nan travay ak bò kote zanmi nou yo…«Se pou tout moun konnen nou se moun ki gen bon kè. Granmèt la ap vini anvan lontan» (Filip 4,5).
Kòm konsekans, tankou Pap Jan Pòl II te souliye sa, fòk nou itilize nouvo teknoloji yo, san nou pa mezire, san nou pa wont, pou nou fè konnen bon nouvèl Legliz la nan tan sa a, san nou pa bliye nou kapab rive transfòme mond nou an si vrèman nou se moun ki gen bòn volante, si nou chanje kè nou.
LAPRIYÈ: Granmèt, nan Jibile Mizerikòd sa, aprann nou konnen kisa mizerikòd la ye tout bon vre, pou nou kapab pratike li nan lavi nou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap padone yon moun ki blese mwen, swa akòz li te frape m’, swa li te di m’ yon move pawòl.


No hay comentarios:

Publicar un comentario