Páginas

SAMDI 23

Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Men nou vire nan direksyon nasyon yo”.
NAN TRAVAY APOT YO
13, 44-52
Nan saba ki suiv la, prèske tout vil la te rasanble pou koute pawòl Bondye a. Lè Juif yo wè foul yo, yo plen ak raj, yo atake sa Pòl t’ap di yo antan y’ap blasfeme. Pòl ak Banabe menm kenbe fèm, yo di: “Se nou menm ki te gen pou nou pale pawòl Bondye a an premye; men kòm nou repouse l’, nou montre nou pa merite lavi ki p’ap janm fini an, men n’ap vire nan direksyon nasyon yo. Se konsa Granmèt la te pase nou lòd: “Mwen mete ou kòm limyè nasyon yo, pou w’ sèvi delivrans jous nan bout tè a”. Lè nasyon yo tande sa, yo kontan, yo fè lwanj pou pawòl Granmèt la, tout sa yo Bondye te rezève pou lavi ki p’ap janm fini an, yo kwè. Pawòl Granmèt la menm t’ap simen nan tout rejyon an. Juif yo menm rasanble medam relijye yo ak medam lasosyete a, ak chèf vil yo, yo monte pèsekisyon kont Pòl ak Banabe, yo chase yo sot nan limit peyi yo. Men yo menm, yo souke pousyè pye yo, yo rive Ikonyòm. Disip yo te plen ak kè kontan ak Lespri Sen.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 97, 1. 2-3ab. 3cd4
R/ Tout limit tè a ap wè delivrans Bondye nou an.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, poutèt mèvèy li fè.
Men dwat li sove pou li, bra li ki sen an.R.
Granmèt la fè konnen delivrans li a, devan fas nasyon yo li devwale jistis li a.
Li sonje kè sansib li ak verite l’ pou kay Izrayèl la.R.
Tout limit tè a ap wè delivrans Bondye nou an.
Bat bravo pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
Chante pou Granmèt la sou gita, sou gita ak son mizik;
sou twonpèt ki dous ak son kòn, fè konpliman devan fas Granmèt la ki wa a.R.
LEVANJIL
“Moun ki wè m’, li wè Papa a tou”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 14, 7-14
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Si nou te konnen m’, nou ta konnen Papa m’ tou; koulye a nou deja konnen l’, nou wè l”.
Filip di l’: “Granmèt, montre nou Papa a, sa kont nou”.
Jezi di l: “Depi tout tan sa a mwen avèk nou, epi nou pa konnen m’? Filip moun ki wè m’, li wè Papa a tou. Kòman ou fè di: “Montre nou Papa a”? Nou pa kwè mwen nan Papa a, epi Papa a nan mwen? Pawòl yo, sa mwen deklare nou yo, se pa ak pwòp fòs mwen mwen deklare yo. Papa a ki rete nan mwen an, se li menm ki fè aksyon yo. Nou pa kwè mwen nan Papa a epi Papa a nan mwen? O mwen poutèt aksyon yo, se pou nou kwè.
Amèn, amèn, mwen di nou, moun ki kwè nan mwen, aksyon mwen fè yo, li menm tou l’ap fè yo, epi l’ap fè bagay ki pi gran ankò pase sa yo. Paske mwen menm m’a prale kay Papa a. Nenpòt ki sa nou mande Papa a o non m’, m’ap fè l’ pou Papa a jwenn bèlte l’ nan Pitit la. Si nou mande m’ kichòy o non m’, m’ap fè l”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
«Mwen nan Papa a, epi Papa a nan mwen»
Jodi nou envite pou nou rekonèt Papa a ki fè nou konnen li nan Jezi. Filip te fè yon bon lide: « montre nou Papa a, sa kont nou» (Jn 14,8). Wè Papa a, se dekouvri Bondye kòm orijin, sous kote tout lavi jayi, jenewozite, kado ki fè tout bagay renouvle san rete. Kisa nou bezwen ankò? Se nan Bondye nou sòti, e tout moun gen dezi pou retounen bò kote Bondye, menm si li pa fin konsyan de sa; tout moun ta renmen tounen lakay Papa epi rete la pou toutan. Vrèman vre, se la nou kapab jwenn tout bagay ki konble dezi nou yo: lavi, limyè, lanmou, lapè.  Sen Inyas d’Antyòch ki te soufri mati nan kòmansman dezyèm syèk la te di: « Anndan mwen, mwen tande yon vwa k’ap pale tou ba e k’ap di: ‘Vini kay Papa a’!».
Jezi fè nou dekouvri pwofondè entimite relasyon resipwòk li genyen ak Papa a. «Mwen nan Papa a, epi Papa a nan mwen» (Jn 14,11). Pawòl ak aksyon Jezi, se nan Papa yo sòti, e Papa eksprime li plènman nan Jezi. Tout sa Papa vle di nou, li eksprime li atravè pawòl ak aksyon Pitit la. Tout sa li vle reyalize an favè nou, li fè li atravè Pitit li a. Lafwa nou nan Pitit la pèmèt «nou ka pwoche bò kot Papa a» (Efez 2,18).
Lafwa nan Jezi ak fidelite yon kè ki ranpli ak senplisite, chwa pou nou swiv li ak obeyi li chak jou, sa fè nou antre nan yon kontak misterye men reyèl avèk mistè Bondye a menm,  e li fè nou benefisye tout richès bonte ak mizerikòd li. Se lafwa sa ki fè Bondye kapab kontinye  nan lavi nou travay lagras li te kòmanse nan Pitit li a: «moun ki kwè nan mwen, aksyon mwen fè yo, li menm tou l’ap fè yo» (Jn 14,12).
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri fè nou rete an kontak ak ou toutan.
Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPZISYON: Dekouvri vizaj Bondye nan yon frè, yon sè ki nan vwazinaj mwen.


No hay comentarios:

Publicar un comentario