Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Bondye reyalize pwomès
la, antan l’ fè Jezi resisite”.
NAN TRAVAY APOT YO
13,
26-33
Jou
sa yo : Lè Pyè rive Antyòch Pisidi, li di nan sinagòg la : “Mesye frè m’ yo,
pitit ras Abraam, epi nou menm ki krenn Bondye, se pou nou pawòl delivrans sa a
yo voye l’. Sa yo ki te abite Jerizalèm yo, ni chèf li yo, yo pa rekonèt li, ni
pawòl pwofèt yo yo konn li chak saba a, yo reyalize pawòl sa yo antan yo jije
l’.Yo pa jwenn okenn koz lanmò nan li, yo mande Pilat pou yo touye l’. Lè yo
fin reyalize tout sa k’ te ekri sou li, yo desann li sot sou bwa a, yo depoze
l’ nan yon kavo. Men Bondye leve l’ sot nan pami mò yo sou twazyèm jou a; li
parèt pandan anpil jou devan sa yo ki te monte avèk li sot Galile a rive
Jerizalèm nan, yo menm ki sèvi l’ temwen jous koulye a devan foul la. Nou menm
nou anonse nou reyalizasyon pwomès la yo te fè bay papa nou yo ; Bondye
reyalize l’ pou pitit nou yo antan l’ fè Jezi resiste, jan sa ekri nan sòm
dezyèm nan : “Ou se Pitit mwen ; jodi a mwen anfante ou”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 2. 6-7.
8-9. 10-11
R/ Se Pitit mwen ou ye: jodi a mwen anfante ou.
“Mwen
enstale wa m’ nan sou Siyon, mòn mwen an ki sen an” ! M’ap anonse desizyon l’
nan. Granmèt la di m’: “Se Pitit mwen ou ye, se mwen menm jodi a ki anfante ou.R.
Mande
m’, m’ap ba ou nasyon yo kòm eritaj ou, posesyon ou, se limit tè a. W’ap
kòmande yo ak yon bagèt an fè, tankou vèso ki fèt ak tè, w’ap kraze yo”.R.
Koulye
a, wa yo, konprann, pran leson, nou menm k’ap jije tè a. Sèvi Granmèt la ak
krent, fete devan l’ avèk sezisman.R.
LEVANJIL
“Mwen se chemen an,
verite a, ak lavi a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ JAN KI SEN 14, 1-6
Lè
sa a: Jezi di disip li yo:
“Pa
kite kè nou twouble. Se pou nou kwè nan Bondye, epi kwè nan mwen menm tou. Nan
kay Papa m’ nan gen anpil kote pou rete. Otreman mwen ta di nou, paske m’a
prale pare yon plas pou nou. Lè m’a fin al prepare plas la pou nou an, m’a
tounen vin pran nou avèk mwen, konsa, kote m’ap ye a, se la n’a ye tou. Epi
kote m’a prale a, n’a konnen l’, n’a konnen chemen an”. Toma di l’: “Granmèt,
nou pa konnen kote w’a prale; kòman nou kapab fè konnen chemen an”? Jezi di l’:
“Mwen se chemen an, verite a, ak lavi a. Pèsòn pa vin kot Papa a, sof si l’
pase pa lantremiz mwen”.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
“Mwen
se chemen an, verite a, ak lavi a. Pèsòn pa vin kot Papa a, sof si l’ pase pa
lantremiz mwen”.
Jodi
a, se katriyèm vandredi nan tan Pak la. Jezi envite nou pran yon ti repo.
Trankilite ak lajwa ap koule nan yon rivyè lapè, sòti nan Kè Jezi ki leve byen
vivan pou rive nan kè pa nou, ki souvan boulvèse, ki twouble.
Tan
nou yo, se tan boulvès, ajitasyon, agwas. Se tan kote «papa manti a» enfekte
entelijans lèzòm nan fè yo konfonn byen an ak mal la, nan fè yo pran limyè a
pou fènwa a, e nan mete dout nan kè yo ki fè yo pèdi lespwa nan yon lavi an plen ke monde la pa kapab
ofri yo ni ba yo, malgre tout bèl bagay ki ladan li.
Tout
moun kapab wè fwi travay dyab la. Moun ki pèdi tèt li a, li pèdi kontak Bondye,
li pa sèlman bliye, li pèdi Chemen an ke li te deja bliye a.
Jodi
a nou gen yon mond ki make ak lagè, tout kalite vyolans, egoyism fas ak lavi (
kontrasepsyon, avòtman, etanazi,…), destwiksyon lafanmi, dezoryantasyon
lajenès, elatriye: se sou baz sa ke sosyete pwogrè k’ap chante kantamwa li a
chita.
Nan
mitan sitiyasyon sa a, avèk anpil dousè, Jezi ki se Prens Lapè a, vin di tout
moun ki gen bòn volonte yon lòt fwa ankò: «Pa kite kè nou twouble. Se pou nou
kwè nan Bondye, epi kwè nan mwen menm tou» (Jn 14,1). Antan li chita adwat
Papa, li ta renmen wè nou chita bò kote li yon jou, « kote m’ap ye a, se la n’a
ye tou» (Jn 14,3). Nou pa kapab gen pretèks menm jan ak Toma. Paske nou konnen
Chemen an byen. Granmèsi Granmèt la, nou konnen wout ki mennen kay Papa a, kote
ki gen anpil plas. Nan syèl la nou gen yon plas ki rezève pou nou, l’ap rete
vid si nou pa chita ladan l’.An nou avanse avèk tout konfyans bò kote Sila ki
se Chemen an, Verite a ak Lavi tout bon vre a.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri vin fè kè nou poze. Pa pouvwa
Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON:
Kontanple Jezi ki se Chemen ki mennen kot Papa a. Kontanple kòman mwen kapab
«chemen» ki mennen lòt yo kot Jezi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario