Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Yo chwazi sèt mesye ki
plen ak Espri Sen an”.
NAN TRAVAY APOT YO 6,1-7
Jou
sa yo, foul disip yo t’ap gwosi, Grèk yo bougonnen kont Ebre yo, paske nan sèvis
chak jou a yo te meprize vèv pa yo. Douz yo konvoke foul disip yo, yo di: “Se
pa nòmal pou nou kite pawòl Bondye a, epi pou n’ap sèvi sou tab yo. Frè m’ yo,
chèche sèt mesye nan pami nou ki gen bon temwayaj sou yo, ki plen ak Espri Sen
an ak sajès, n’a enstale yo pou travay sa a. Kanta nou menm, n’ap rete nan
priyè ak sèvis pawòl la”. Pawòl la fè tout foul la plezi, yo chwazi Etyèn, yon
mesye ki plen lafwa ak Espri Sen, Filip, Pwokò, Nikanò, Timon, Pamenas, ak
Nikola, yon moun Antyòch ki te fèk vin tounen disip. Yo prezante yo devan Apot
yo, yo priye, yo poze men sou yo. Pawòl Granmèt la t’ap devlope, foul disip yo
t’ap vin anpil menm nan Jerizalèm.Yon foul prèt t’ap obeyi lafwa a.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 32,
1-2. 4-5. 18-19
R/ Se pou kè sansib ou sou nou, Granmèt, menm jan nou
espere nan ou a.
Fete
nan Granmèt la, nou menm ki kòrèk yo; lwanj la ale ak moun ki dwat yo.
Fè
lwanj pou Granmèt la sou gita, sou enstriman dis kòd la, chante pou li.R.
Sèke
pawòl Granmèt la dwat, tout aksyon l’ yo nan fidelite, li renmen jistis ak
jijman, kè sansib Granmèt la plen tè a.R
Men
je Granmèt la sou moun ki respekte l’ yo, sou moun ki espere sou kè sansib li,
pou l’ delivre nanm yo sot nan lanmò, pou l’ ba yo manje nan grangou.R.
LEVANJIL
“Yo wè Jezi k’ap mache sou
lanmè a”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 6, 16-21
Lè
aswè rive, disip Jezi yo desann sou lanmè a. Yo monte nan batiman an, yo rive
lòt bò lanmè Kafanawòm nan. Li te fè nwa deja, Jezi pa t’ ko rive kote yo. Men
lanmè a t’ap monte, paske yon gwo van t’ap soufle. Yo te deja rame anviwon kat
ak senk kilomèt, lè yo wè Jezi k’ap mache sou lanmè a, li rive tou pre batiman
an, yo pè. Li menm li di yo: “Se mwen menm, pa pè”. Yo te vle pran l’ nan
batimán an; menm lè a batimán an rive atè, kote yo t’a prale a.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
“SE
MWEN MENM. PA PÈ”.
Jodi
a, Jezi ba nou yon sipriz. Nou te abitye ak yon Redanmtè ki te toujou panche
sou mizè ak pwoblèm nou, e ki pa t’ ezite itilize pouvwa li genyen antan ke
Bondye pou li delivre nou. Pou mete nou nan kontèks dewoulman evénman yo,
aksyon jodi a dewoule aprè miltiplikasyon pen ak pwason pou bay foul moun ki te
grangou yo manje. Se kounye a atò mirak la vin etone nou!
Mache
sou lanmè a, sa plis sanble yon aksyon pou lakòz etònman. Men se pa yon chow
Jezi vle ba nou, se pa yon ekzibisyon l’ap fè! Antan l’ap mache sou dlo a, Jezi
montre nou pouvwa li genyen sou bagay Bondye kreye yo. Men atravè aksyon sa a
tou, nou kapab dekouvri pouvwa li genyen sou Malen an ke yo reprezante avèk yon
toubiyon dlo nan mitan lannuit.
«Pa
pè» (Jn 6,20), se sa Jezi di disip li yo nan moman sa a. «Men, konfyans! mwen
ranpòte laviktwa sou tè a» (Jn 16,33), se sa Jezi ta pral di yo pi ta, nan
Senak la. Finalman, granmaten jou Dimanch Pak la, lè Li te fin leve byen vivan
sot nan tonm nan, se Jezi ki te di medam yo: «Pa pè». Granmesi temwayaj Apot
yo, nou konnen viktwa Jezi ranpòte sou lènmi lèzòm yo: peche ak lanmò a. Se pou
sa, jodi a, pawòl li yo fè gwo eko nan kè nou ak yon fòs espesyal, paske se
pawòl yon Moun ki vivan.
Menm
pawòl Jezi te adrese bay Pyè ak lòt Apot yo, Jan Pòl II, sila ki te vini aprè
Pyè a, li te repete menm pawòl sa yo nan kòmansman ministè li kòm Pap: «Pa pè».
Se yon envitasyon pou nou ouvri kè nou, e menm ekzistans nou, bay Redanmtè a
pou, ansanm ak li, nou kapab sispann tranble devan menas ènmi li.
Devan
frajilite pèsonèl nou pou nou byen mennen misyon Granmèt la konfye nou (yon
apèl, yon pwojè apostolik, yon sèvis…), nou gen asirans ke Mari, li menm tou -
ki se kreyati menm jan ak nou - li te tande menm pawòl sa yo, ke zanj la te di
li avan li te asime misyon Granmèt la te
rezève pou li. An nou pran ekzanp sou li, pou nou kapab reponn envitasyon Jezi
fè nou chak jou, nan chak sikonstans.
LAPRIYÈ : Jezi, ou menm ki gen pouvwa sou tout bagay, tanpri ede nou venk fòs mal
la.
PWOPOZISYON : M’ap eksplike yon zanmi m’ yon eksperyans lafwa m’ te
viv nan lavi mwen pou ede li kwè nan Granmèt la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario