Koulè Blan
TWAZYÈM DIMANCH PAK, ANE C
PREMYE MOSO LABIB
“Nou menm nou sèvi pawòl
sa yo temwen, ak Espri Sen an”.
NAN TRAVAY APOT YO 5,
27b-32. 40b-41
Jou
sa yo:
Gran
prèt la poze Apot yo kesyon, li di: “Nou te pase nou lòd sevè pou nou pa t’ bay
lansèyman sou non sa a; epi gade nou plen Jerizalèm ak ansèyman nou an nou vle
fè san mesye sa a tonbe sou nou”.
Pyè menm reponn ak Apot yo, yo di: “Nou dwe obeyi
Bondye plis pase lèzòm. Bondye papa nou yo te leve Jezi, li menm nou te touye a
antan nou te pandye l’ sou kwa a. Bondye leve l’ adwat li kòm chèf ak sovè, pou
l’ bay Izrayèl regrè ak delivrans peche yo. Kanta nou menm, nou sèvi pawòl sa
yo temwen, ak Espri Sen an Bondye bay tout moun ki obeyi l’ yo”.
Yo
avèti Apot yo pou yo pa janm pale o non Jezi, epi yo lage yo. Yo menm menm yo
pati tou kontan sot devan tribinal la paske yo te konsidere yo te merite soufri
move tretman pou non Jezi.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 29, 2 e
4.5 e 6.
11 e 12a e 13b
R/ M’ap fè lwanj ou, Granmèt, paske ou delivre m’.
M’ap
fè lwanj ou, Granmèt, paske ou delivre m’, ou pa bay ènmi m’ yo kè kontan sou
do m’.Granmèt, ou wete lavi m’ sot anba tè a, ou fè m’ viv, pou m’ pa desann
nan fòs la.R.
Chante
pou Granmèt la, sen l’ yo, fè lwanj pou souvni l’ ki sen. Sèke pou yon moman
kòlè l’ rive, men se pou lavi renmen l’ nan dire. Nan aswè gen dlo nan je, nan
maten se kè kontan.R.
Koute,
Granmèt, pran pitye pou mwen, Granmèt, pote m’ sekou. Ou chanje plent mwen an
an chante dans. Granmèt Bondye m’, pou tout tan m’ap fè lwanj ou.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Li merite sa, Mouton an
yo te touye a, pou l’ resevwa pouvwa ak ran Bondye a”.
NAN LIV APOKALIPS APOT JAN
KI SEN 5, 11-14
Mwen
menm Jan, mwen wè, mwen tande vwa anpil zanj alantou fotèy la ak vivan yo ak
ansyen yo; kantite yo se te mil milyon ki t’ap pale ak vwa byen fò: “li merite
sa, Mouton an yo te touye a, pou l’ resevwa pouvwa ak ran Bondye, ak sajès, ak
fòs, ak konsiderasyon ak glwa, ak benediksyon”.
Tout
kreyati ki nan syèl la ak sou tè a ak anba tè a, ni sa k’ nan lanmè a, yo tout
mwen tande y’ap di: “Pou sila a ki chita sou twòn nan ak pou Mouton an
benediksyon, konsiderasyon, glwa ak pouvwa pou tout tan gen tan”. Kat vivan yo
t’ap di: “Amèn”. Vennkat ansyen yo tonbe sou fas yo, yo adore sa a k’ap viv pou
tout tan gen tan an.
Pawòl Granmèt la
LEVANJIL
“Jezi rive, li pran pen
an, li ba yo ak pwason an”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIRI A
DAPRÈ JAN KI SEN 21, 1-19
Lè
sa a:
Jezi
parèt ankò devan disip yo bò lanmè Tiberyad la. Men kijan li te parèt la.
Se
te Simon Pyè ak Toma, sa yo rele Didim nan, ak Natanayèl, moun Kana Galile a,
ak pitit Zebede yo ak de lòt nan disip li yo, yo te ansanm. Simon Pyè di yo:
“M’a pral lapèch”. Yo di l’: “N’a prale avèk ou tou”. Yo sòti, yo monte nan
batiman an, men nan nuit sa a yo pa pran anyen.
Lè
granmaten rive, Jezi te kanpe sou bò lanmè a men disip yo pa t’ rekonèt se te
Jezi.
Jezi
di yo: “Timoun yo, èske nou gen pwason”?
Yo
reponn li: “non”.
Li
di yo: “Voye filè a adwat batiman an, n’a jwenn”. Yo voye l’, yo pa t’ kapab
redi l’, tèlman te gen anpil pwason. Disip Jezi te renmen an di Pyè: “Se
Granmèt la”. Lè Simon Pyè tande se Granmèt la, li pase rad li nan ren l’, (li
te nikò), li lage kò l’ nan lanmè. Lòt disip yo rive nan batiman an (yo pa t’
lwen tè a, se te apeprè san mèt) y’ap remòke filè pwason yo.
Lè
yo desann atè a, yo wè chabon dife ki poze, epi pwason ak pen sou li, Jezi di
yo: “pote nan pwason yo nou sot pran koulye a”. Simon Pyè monte, li redi file a
atè, plen ak gwo pwason, sansenkant twa. Epi malgre te gen tout kantite sa a,
filè a pa chire. Jezi di yo: “Vin manje”. Pèsòn nan sa k’ t’ap manje yo pa t’
gen kouraj mande l’: “Kilès ou ye”? Yo te konnen se Granmèt la. Jezi rive, li
pran pen an, li ba yo, ni pwason an tou.
Sa
te fè twazyèm fwa Jezi te parèt devan disip li yo, lè l’ te fin resisite sot
nan pami mò yo.
Lè
yo fin manje, Jezi di Simon Pyè: “Simon pitit Jan, èske w’ renmen m’ plis pase
sa yo”? Li di l’: “Wi, Granmèt, ou konnen mwen sansib pou ou”. Li di l’: “Okipe
ti mouton m’ yo”.
Li
di l’ ankò: “Simon pitit Jan, èske ou renmen m”?
Li
di l’: “Wi Granmèt, ou konnen mwen sansib pou ou”.
Li
di l’: “Okipe ti mouton m’ yo”.
Li
di l’ pou twazyèm fwa a: “Simon pitit Jan, èske ou sansib pou mwen”?
Pyè
pran lapenn, paske li te di l’ twazyèm fwa a “Èske ou sansib pou mwen”? Li di
l’: “Granmèt, ou konnen tout bagay; ou konnen mwen sansib pou ou”. Li di l’:
“Okipe bann mouton m’ yo”.
An
verite, an verite mwen di ou, lè ou te pi jèn, ou te konn mare ren w’, epi ou
ale kote w’ te vle; men lè w’ap vin vye, w’ap lonje men w’ yon lòt ap mare ren
w’, l’ap kondui w’ kote ou pa vle”. Li te di sa pou l’ montre ki kalite mòd jan
lanmò li t’ap sibi pou l’ fè wè glwa Bondye. Lè l’ fin di sa, li di l’: “Suiv
mwen”.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Jodi
a se twazyèm dimanch Pak. Dimanch sa a se pwolongasyon dimanch Rezireksyon an,
kote nou selebre kokenn chenn evènman leve byen vivan Jezi a; se yon evènman ki
enpòtan nan lavi nou kòm kretyen, kòm moun k’ap chèche asirans yo nan Bondye.
Tankou
Sen Pòl te di sa, nan youn nan lèt li yo, si Kris la pa t’ resisite, lafwa n’
pa t’ap kanpe sou anyen. Fèt Pak la se fèt kè kontan, se fèt limyè, lajistis,
laverite, solidarite, pèseverans. Se mèvèy Pak sa a k’ap oryante lavi nou chak
jou, ki ba nou tout enèji pou n’ kontinye mache travay pou bati wayòm Bondye a
tout kote n’ pase, kòmanse nan fanmi n’ yo ak nan kote n’ap travay yo.
Toutotan
gen tèt ansanm, youn kore lòt, youn sansib pou lòt, youn travay men nan men ak
lòt, youn sèvi lòt, se Pak n’ap selebre! Sa vle di, n’ap viv reyalite nouvo
lavi nan Lespri Bondye a ki abite nan nou an.
Jan,
nan Liv Apokalips la fè n’ konnen kòman Sila a ki leve byen vivan sòti pami mò
yo, li merite tout glwa, konpliman, lwanj, respè ak adorasyon. Vivan yo ak
ansyen yo, ansam ak tout zanj yo te la pou yo te remèt Granmèt la onè li
merite, li menm ki te rabese tèt li nan kondisyon moun nou an pou l’ te ka sove
n’ anba pouvwa peche ak lanmò a, pou l’ pataje lavi pa l’ la ak nou.
Liv
Lajenèz la pale nou sou kreyasyon linivè ak tout sa ki ladan l’. Ladan l’ nou
dekouvri Bondye te kreye nou pou n’ adore l’ epi viv nèt ale bò kote l’. Peche
a , dezobeyisans la te vin mete nou dozado ak Bondye;, men Li te voye pwòp
Pitit li a vin rekonsilye nou ak li nan mizerikòd li ki san limit la. Nou dwe
fè kè n’ kontan e nou dwe mete n’ an aksyon pou n’ gaye Bòn Nouvèl renmen
Bondye a pou limanite, pou n’ deklare delivrans li pote pou tout moun
alawonnbadè, pou n’ envite yo kase tèt tounen vin jwenn Bondye nan fè sa ki
byen, nan mete nou youn nan sèvis lòt.
Nan
Levanjil la, nou wè Jezi ki leve byen vivan an, li parèt nan mitan disip li yo
san yo pa t’ konnen si se li. Li parèt tankou yon moun nòmal, men lè yo
dekouvri konsekans pawòl Jezi di yo a, yo vin wè se te Mèt la.
Yo
di nou yon tèm ki enpòtan avan yo te konprann se te Jezi. Yo di n’: Disip Jezi
renmen an… sa vle di se renmen Bondye a chak jou ki pou ede n’ dekouvri prezans
li nan mond lan. Renmen Bondye sa a, san dout ki nan nou chak, ki se pi gran
mèvèy. Se pou nou antre nan fon kè nou, pou n’ dekouvri vrè pèsonalite n’, pou
n’ kapab rive viv an akò ak sa n’ye a.
Jezi ki mouri, ki leve epi k’ap manje epi k’ap pale
ak zanmi l’ yo, se yon reyalite ki depase tout konpreyansyon nou, men ki mande
nou pou nou kite Lespri Sen an ede n’ pou n’ viv reyalite Pak la nan bon zèv,
nan makonnen aksyon n’ yo ak kwayans nou, pou n’ prezève lavi, pou n’ defann
lavi, pou n’ travay pou rekonsilyasyon moun ak Bondye, moun ak moun, epi moun
ak pwòp tèt li.
Bondye
gen konfyans nan nou malgre feblès nou. Anpil fwa nou ezite nan anpil desizyon,
angajman; men Jezi vle di n’ ale pi devan, pa abandone, fè sa n’ gen pou n’ fè
a. Li swiv nou nan chak ti moman lavi n’, san l’ pa pouse n’, tankou yon papa
k’ap mache sou menm pa ak pitit li pou l’ aprann li mache, tankou yon manman ki
aksepte deranje l’ nan somèy devan tout ti « way » pitit li fè sou kabann.
Bondye n’ nan sansib pou nou e li prèt pou l’ mache ak nou, pou l’ travay ak
nou. Se pou Bondye beni nou!
LAPRIYÈ: Granmèt, mèsi pou lavi pa w’ la ou pataje ak nou nan
vini w’ te vin bay pwòp lavi w’ pou nou. Ede n’ konprann chak jou kòman w’
renmen n’, epi ede n’ mete n’ chak jou nan sèvis Levanjil, pou nou ka kontinye
kolabore nan travay liberasyon tè a. Amèn!
PWOPOZISYON: Pataje
sa ou genyen ak yon moun ki nan bezwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario