Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Yo pa t’ kapab reziste
sajès la ak Espri a ki t’ap pale a”.
NAN TRAVAY APOT YO 6, 8-15
Jou
sa yo, Etyèn te plen gras ak fòs, li t’ap fè anpil pwodij ak siy nan pèp la.
Gen kèk ki leve, yo te fè pati nan sinagòg sa yo rele Esklav libere yo,
Sireneyen yo ak Aleksandren yo, ak sa ki te nan Silisi ak Lazi yo, yo t’ap
diskite avèk Etyèn. Yo pa t’ kapab reziste sajès la ak Espri a ki t’ap pale a.
Lè sa a yo voye kèk moun an kachèt pou di yo te tande l’ap di pawòl blasfèm
kont Moyiz ak kont Bondye. Konsa yo soulve pèp la ak ansyen yo ak skrib yo, yo
fonse ansanm, yo sezi l’, yo kondui l’ nan tribinal la. Yo mete fo temwen ki
di: “Mesye sa a pa sispann pale pawòl kont kote sa a ki sen an ak kont lalwa a.
Reyèlman nou tande l’ap di: “Jezi moun Nazarèt sa a ap detwi kote sa a, l’ap chanje
abitid Moyiz te transmèt nou yo”. Yo tout t’ap gade l’ fiks, yo tout ki te
chita nan tribinal la, yo te wè fas li tankou fas yon zanj.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 118,
23-24.26-27.
29-30
R/ Ala kontantman pou moun k’ap mache nan lalwa Granmèt
la.
Menm
si chèf yo chita, y’ap pale kont mwen, sèvitè w’ la ap reflechi sou desizyon w’
yo.
Sèke
temwayaj ou yo se plezi m’, desizyon w’ yo se konsèy mwen.R.
Mwen
deklare chemen m’ yo, ou koute m’; aprann mwen desizyon w’ yo. Fè m’ konprann
chemen kòmandman w’ yo, m’a reflechi sou mèvèy ou yo.R.
Vire
chemen manti a lwen m’, ban m’ lalwa w’ la avèk bon kè ou.Mwen chwazi chemen
verite a, mwen mete jijman w’ yo devan m’.R.
LEVANJIL
“Pa travay pou manje k’ap
peri a, men pou sa a k’ap dire pou lavi tout tan an”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ JAN KI SEN 6, 22- 29
Nan
landmen, foul la ki te kanpe lòt bò lanmè a, li wè lòt batiman an pa t’ la, se
yon sèl ki te la, epi Jezi pa t’ monte sou batiman an avèk disip li yo, men
disip li yo te pati pou kont yo, Gen lòt batiman ki te vin rive sot Tiberyad,
bò kote yo te manje pen an, lè yo te fin rann Granmèt la gras. Lè foul la wè
Jezi pa t’ la ni disip li yo, yo monte nan kannòt yo, yo rive Kafanawòm, y’ap
chèche Jezi. Lè yo jwenn li lòt bò lanmè a, yo di l’: “Rabi, ki lè ou rive isit
la”? Jezi reponn yo, li di: “Amèn, amèn mwen di nou, si n’ap chèche m’, se pa
paske nou te wè mirak, men paske nou te manje nan pen yo epi vant nou te plen.
Se pa pou nou travay pou manje k’ap disparèt la, men se pou nou travay pou
manje k’ap dire pou lavi tout tan an, sa Pitit moun nan ap ba nou an; li menm
Bondye Papa a make ak so l’ la”. Yo di l’: “Kisa pou nou fè si nou vle fè
travay Bondye”? Jezi reponn, li di yo: “Men travay Bondye a, se pou nou kwè nan
sila a li voye a”.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Jodia
a, aprè Jezi te fin bay pakèt foul moun yo manje, foul la pa vle lache l’ yon
may: moun yo te fou ap chèche Jezi, se konsa yo te rive jis nan Kafanawòm. Yè
tankou jodi a, moun toujou ap chèche Bondye. Èske pakèt relijyon ki eziste
jounen jodi a pa pwouve sa? Èske yo pa montre kijan moun swaf Bondye?
Men
gen anpil moun ki ta vle itilize Bondye pou pwòp bezwen yo. Lè nou byen gade,
istwa a fè nou konnen kijan pafwa, gen moun ki eseye itilize non Bondye pou rezoud
pwoblèm politik oubyen lòt pwoblèm.
Jodi
a foul la deplase al jwenn Jezi. Pou kisa? Se kesyon sa a Jezi poze lè li di:
«N’ap chèche m’, se pa paske nou te wè mirak, men paske nou te manje nan pen yo
epi vant nou te plen» (Jn 6,26). Jezi pa egare, li konprann tout bagay. Li
konnen foul la pa t’ gen kapasite pou konprann mirak pen an. Li anonse, sa ki
nouri moun nan tout bon vre a, se yon maje espirityèl k’ap fè nou viv tout tan
(Jn 6, 27). Manje sa a, se Bondye menm ki bay li, li bay li atravè Pitit li a.
Tout sa ki fè grandi lafwa nan Li, se yon manje kote nou kapab mete tout fòs
nou ak enèji nou.
Nan
sans sa a, nou kapab konprann poukisa Pap la ankouraje nou travay pou
re-evanjelize mond nou an anpil fwa ki pa chèche Bondye pou bon rezon. Pè
Konsil Vatikan II yo, raple nou nan konstitisyon ‘‘Gaudium et Spes’’ (‘‘Legliz
la nan mond la ak nan tan sa a’’): «Legliz la k’ap sèvi Bondye sèl la, li
konnen trè byen se Bondye k’ap konble dezi pwofon ki nan kè moun nan, yon dezi
ke manje late p’ap janm fin konble».
E
nou menm, poukisa nou kontinye ap mache dèyè Jezi? Kisa Legliz la pote pou nou?
Èske nou sonje sa Konsil Vatikan II te di? Èske nou gen konviksyon ke manje a
ap fè nou pi byen?
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tout sa nou genyen se ou ki ban ou yo.
Aprann nou itilize yo pou konstwi yon sosyete ki pi kòrèk pou glwa ou ka
eklate. Amèn
PWOPOZISYON:
Dekouvri Jezi ki pa lwen, li prezan nan lavi chak moun k’ap viv bò kote m’.
No hay comentarios:
Publicar un comentario