Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Granmèt Jezi, resevwa espri m’”.
NAN TRAVAY APOT YO
7, 51-8,1a
Jou sa yo: Etyèn t’ap di foul la ak ansyen yo ak skrib yo:
“Tèt di, je ak zòrèy bouche, tout tan n’ap reziste Espri Sen an; menm jan ak papa nou yo, se konsa nou ye tou. Kilès nan pwofèt yo papa nou yo pa t’ pèsekite? Yo te touye sa yo ki te anonse davans sila a ki kòrèk la t’ap vini an, li menm nou te renmèt koulye a, nou te touye a. Nou menm ki te resevwa lalwa a nan men zanj yo epi nou pa t’ kenbe l’ la”. Lè yo tande bagay sa yo, yo t’ap fè kè yo vin di kont li, yo t’ap sere dan kont li. Li menm li te plen ak Espri Sen an, li fikse syèl la, li wè glwa Bondye a ak Jezi ki kanpe adwat Bondye, li di: “Mwen wè syèl yo louvri, ak Pitit moun nan ki kanpe adwat Bondye”. Yo leve vwa yo byen fò, yo fèmen zòrèy yo, yo fonse ansanm sou li. Yo jete l’ deyò vil la, yo kòmanse kalonnen l’ ak kout wòch. Temwen yo te depoze rad yo nan pye yon jenòm yo te rele Sòl. Pandan yo t’ap kalonnen l’ ak kout wòch, Etyèn t’ap lapriyè, li t’ap di: “Granmèt, resevwa espri m’”. Sòl menm te dakò avèk sa yo ki te touye l’ la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 30, 3cd-4. 6ab; 7b e 8a. 17 e 21ab
R/ Se nan men ou, Granmèt, mwen renmèt espri m’.
Se pou ou sèvi m’ yon wòch kachèt ak yon kay defans, pou ou k’ap sove m’.
Paske fòs mwen ak kachèt mwen se ou menm, poutèt non ou w’a kondui m’, w’a swen m’.R.
Paske fòs mwen ak kachèt mwen se ou menm, poutèt non ou w’a kondui m’, w’a swen m’.R.
Se nan men ou mwen renmèt espri m’; ou delivre m’, Granmèt, Bondye verite a.
Mwen menm se nan Granmèt la mwen met esperans mwen.
M’ap danse, m’ap kontan nan kè sansib ou a.R.
Mwen menm se nan Granmèt la mwen met esperans mwen.
M’ap danse, m’ap kontan nan kè sansib ou a.R.
Klere fas ou sou sèvitè w’ la. Sove m’ nan kè sansib ou a.
W’a kache yo nan kachèt fas ou a devan tranzaksyon lèzòm.R.
W’a kache yo nan kachèt fas ou a devan tranzaksyon lèzòm.R.
LEVANJIL
“Se pa Moyiz, men se Papa m’ ki bay pen ki sot nan syèl la”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 6, 30-35
Lè sa a: foul la di Jezi:
“Ki siy ou fè, pou nou wè, pou nou kwè nan ou? Kisa ou fè? Papa nou yo te manje mán nan dezè a, jan sa ekri a: “Li ba yo pen sot nan syèl la pou yo manje”. Jezi di yo: “Amèn, amèn mwen di nou, se pa Moyiz ki te ba nou pen sot nan syèl la, men se Papa m’ ki ba nou pen ki sot nan syèl la, veritab pen an. Pen Bondye a se sa a ki desann sot nan syèl la epi ki bay tè a lavi a”. Yo di l’: “Granmèt, toujou ba nou pen sa a”. Jezi di yo: “Mwen menm mwen se pen lavi a; moun ki vin jwenn mwen p’ap grangou, moun ki kwè nan mwen p’ap janm swaf.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Enkwayab! Anpil moun chèche repons nan mirak oubyen nan reyalite majik, ki depase entelijans lèzòm. Men anpil fwa sa pa ede yo rive kwè, yo pa jwenn rezilta ki rive konvenk yo ke reyèlman yo nan bon chemen an. Konsa yo vole tankou papiyon: yo sote sòti nan yon bò pou yo ale nan yon lòt; finalman san jwenn anyen, yo pa kapab koute Granmèt la, Kreyatè mond lan k’ap rele yo pandan l’ap di yo: «Mwen se pen lavi a, moun ki vin jwenn mwen p’ap janm grangou, moun ki kwè nan mwen p’ap janm swaf» (Jn 6,35).
Anpil kretyen, e menm kèk katolik tonbe nan erè lè yo konsidere Lekaristi a kòm yon senp senbòl. Men an reyalite se nan li Kris la ofri an plen tout li menm kòm Pen lavi a. Granmèt la envite nou gen konfyans. Si nou fè li konfyans, nou p’ap pase wont.
Se Jezi konseye nou sispann trakase tèt nou pou “pen materyèl”; li mande nou sèlman pou nou chèche sa ki fondamantal, sa ki esansyèl menm jan Mari te fè li a, nou dwe chèche Kris la avan tout bagay, paske se nan li tout bagay jwenn akonplisman. Mirak Jezi yo pèmèt nou kontanple pouvwa lanmou Bondye.
Jodi a, nou kontanple lanmou sa a yon fason espesyal nan Lekaristi a, ki se Kris la menm k’ap nouri nou ak pwòp lavi pa li e ki ba nou garanti lavi tout tan an, antan nou fè kò nèt ale ak Bondye nan letènite a.
An nou pran ezkanp sou Etyèn ki pa t’ pèdi konfyans nan Bondye, malgre li te nan men asasen. Atravè eksperyans Etyèn nan, nou konpran se sèl moun ki konnen ke Bondye se sèl fòs li ki kapab santi fòs Bondye nan li.
An nou kore lavi nou sou Bondye, li menm ki se kachèt ak kay defans nou.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt mèsi, paske ou rele mwen vin pataje pen an, pen lavi a, ki se ou menm menm. Granmesi pen sa a, fè m’ tounen yon moun nouvo.
PWOPOZISYON: Lapriyè pou patizan lapè k’ap sibi pèsekisyon.
No hay comentarios:
Publicar un comentario