Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Yo t’ap travèsè antan
y’ap anonse pawòl Bondye a”
NAN TRAVAY APOT YO 8,1-8
Jou
sa yo vin gen yon gran pèsekisyon kont Legliz la ki te Jerizalèm nan; tout moun
se gaye nan rejyon Jide ak Samari a sof Apot yo. Gen moun ki krenn Bondye ki
okipe Etyèn, yo fè gran dèy sou li. Sòl menm t’ap ravaje Legliz la; li t’ap
antre nan kay yo, li t’ap mete ni gason ni fi deyò, li t’ap mennen yo nan
prizon. Konsa sa yo ki te gaye yo, yo t’ap travèse ap pote bòn nouvèl pawòl
Bondye a. Filip desann nan yon vil Samari, li t’ap bay moun yo ansèyman sou
Jezikri. Foul moun yo te fikse lide yo sou sa Filip t’ap di, yo tout t’ap
koute, yo te wè siy yo li te fè yo. Sèke anpil nan sa yo ki te gen espri papwòp
yo, yo te sòti, antan y’ap rele byen fò; anpil moun ki pa t’ kapab fè mouvman,
ki te enfim, yo te vin geri. Te vin gen gran kè kontan nan vil sa a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 65,
l-3a. 4-5. 6-7a
R/ Bat bravo pou Bondye, tout tè a.
Bat
bravo pou Bondye, tout tè a, chante glwa non l’, fè lwanj li. Di Bondye: “A la
respè travay ou yo merite”.R.
Tout
tè a ap adore ou, l’ap chante pou ou, l’ap chante pou non ou”. Vini, n’a wè
travay Bondye yo, li merite respè nan aksyon li fè pou pitit moun yo.R.
Li
fè lanmè a vin tounen tè sèk, y’ap pase rivyè a apye; n’ap kontan nan li kote
sa a. Li menm k’ap kòmande nan pouvwa l’ pou tout tan.R.
LEVANJIL
“Sa a, se volonte Papa a,
pou tout moun ki wè Pitit la, li gen lavi tout tan an”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ JAN KI SEN 6, 35-40
Lè
sa a: Jezi di foul yo:
“Mwen
menm mwen se pen lavi a; moun ki vin jwenn mwen p’ap grangou, moun ki kwè nan
mwen p’ap janm swaf. Men mwen te di nou, nou wè m’, epi nou pa kwè. Tout sa
Papa a ban mwen, l’ap vin jwenn mwen; moun ki vin jwenn mwen, mwen p’ap jete l’
deyò; paske mwen pa desann sot nan syèl la pou m’ fè volonte pa m’, men volonte
sila a ki voye m’ nan. Men volonte sila a ki voye m’ nan, Papa a, sèke tout sa
l’ ban mwen, pou m’ pa pèdi anyen nan yo, men pou m’ fè l’ resisite nan dènye
jou a. Sa a se volonte Papa m’ nan ki voye m’ nan, pou tout moun ki wè Pitit
la, epi ki kwè nan li, jwenn lavi tout tan an; mwen menm m’ap fè l’ resisite
nan dènye jou a”.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Yè
nou te medite sou kalite lafwa Etyèn. Lavi li se te yon gwo temwayaj
lafwa. San li te bay la pa t’ manke
kontribye nan fè lafwa pwopaje. Aprè lanmò li, nan Jerizalèm yon gran
pèsekisyon te vin devlope kont Legliz la. Anpil nan moun ki te dispèse yo te
kontinye simaye bòn nouvèl pawòl Bondye a.
Malgre
tout pèsekisyon patizan Jezi yo te
jwenn, sa pa t’ anpeche yo kontinye ap anonse Bondye vivan an; okontrè, sa te
pèmèt yo pwoklame pawòl la ak plis fòs pou yo te kapab lakòz anpil moun pran
wout konvèsyon. Menm si gen kote yo pa t’ resevwa yo, yo pa t’ pèdi enèji, yo pa t’ pèdi fòs ak
lespwa, yo pa t’gade dèyè, pou yo pa t’ gade lòt kote. Jezi ap rele nou, e si
nou chèche li, li p’ap kache pou nou pa wè li, paske se li menm k’ap chèche nou
an premye; si nou kwè nan li kòm pitit Bondye, n’ap gen lavi ki p’ap janm fini
an.
Jezi
kontinye di nou ke si nou vin jwenn li ak tout kè nou, ak tout nanm nou, l’ap
nouri nou ak pen lavi a, nou p’ap grangou ni swaf. E moun ki vin jwenn li deja
pote laviktwa sou tout fòs lanmò.
Sa
bon pou nou kwè nan Jezi e kontanple li, paske li se Limyè mond lan, pou nou pa
rete nan fènwa inyorans ak peche. Doktrin li an pa ekzije nou lòt bagay ke
renmen ak mizerikòd. Pawòl Jezi, se pawòl Bondye Papa a, e li mande pou nou kwè
nan li, rete nan li e fè li tounen pwòp byen nou; sa vle di sèvi li avèk
fidelite, konsa n’ap tounen apot li tout bon vre, nou kapab fè patizan pou li,
pou tout moun rive kwè nan li e genyen lavi tout bon vre a. Si nou kwè tout bon
vre, nou p’ap manke jwenn kè kontan li pwomèt la.
LAPRIYÈ: Mèsi Granmèt paske ou rele mwen pou fè wout ansanm
ak ou. Mèsi paske ou ba nou asirans w’ap avèk nou toutan.
PWOPOZISYON: Si ou
abiye yon moun ki touni, se pou Jezi ou fè sa.
No hay comentarios:
Publicar un comentario