Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Si ou kwè ak tout kè ou,
ou kapab batize”.
NAN
TRAVAY APOT YO 8,26-40
Jou
sa yo:
Zanj
Granmèt la pale ak Filip, li di:
“Leve,
al nan sid, sou wout ki desann sot Jerizalèm al Gaza a: li pa gen pèsòn. Li
leve, 1’ale.
Te
gen yon mesye Etyopi, yon minis Kandas, rèn Etyopi a, li te gen gwo pouvwa, se
li menm ki te responsab tout richès li yo, li te vin adore Jerizalèm.
Pandan
l’ap tounen, li te chita nan charyo li, l’ap li pwofèt Izayi. Espri a di Filip:
“Pwoche, rive kot charyo sa a”. Filip pwoche, li tande l’ap li pwofèt Izayi a;
li di: “Èske ou kwè ou konprann sa w’ap li a”? Li di:
“Epi,
kijan mwen ta kapab, si pèsòn pa montre m’”? Li mande Filip pou l’ monte, pou
l’ chita avèk li. Pasaj sa k’ ekri a li t’ap li a, men li: “Tankou yon mouton
yo kondui labatwa, tankou yon mouton devan moun k’ap koupe lenn li, san vwa, se
konsa li pa louvri bouch li. Yo rabese l’, yo wete jijman l’. Ras li, ki moun
k’ap rakonte l’? paske yo wete lavi l’ sot sou tè a”. Minis la pran lapawòl, li
di Filip: “Tanpri, osijè ki moun pwofèt la ap di sa a? Èske se osijè pwòp tèt
pa l’ oubyen osijè yon lòt”? Filip ouvri bouch li, li kòmanse depi nan pasaj sa
k’ ekri la a, li ba l’ bòn nouvèl Jezi a.
Pandan
yo t’ap vwayaje sou wout la, yo rive nan yon dlo, li di minis la: “Men dlo; ki
sa k’ anpeche m’ batize”? Filip di:
“Si
ou kwè ak tout kè ou, ou kapab”. Li reponn, li di:
“Mwen
kwè Jezikri se Pitit Bondye”. Li pase lòd pou yo fè rete charyo a. Yo tou le de
desann nan dlo a, ni Filip, ni minis la, li batize l’.
Pandan
y’ap monte sot nan dlo a, Espri Granmèt la sezi Filip, minis la pa wè l’ ankò;
li kontinye wout li ak kè kontan. Filip menm rive Azòt, li travèse, l’ap bay
bòn nouvèl la nan tout vil yo, joustan li rive Sezare.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 65,
8-9. 16-17. 20
R/ Bat bravo pou Bondye, tout tè a.
Fè
konpliman pou Bondye nou, nasyon yo, fè tande vwa lwanj li; li menm ki mete
nanm nou nan lavi, ki pa kite pye nou frape.R.
Vini,
koute, nou tout ki krenn Bondye, m’ap rakonte tout sa l’ fè pou nanm mwen.
Se
kote l’ mwen rele ak bouch mwen, mwen fè lwanj li ak lang mwen.R.
Konpliman
pou Bondye, ki pa meprize priyè m’, li pa wete kè sansib li sot sou mwen.R.
LEVANJIL
“Mwen se pen vivan an, ki
desann sot nan syèl la”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ JAN KI SEN 6, 44-52
Lè
sa a: Jezi di foul yo:
“Pèsòn
pa kapab vin jwenn mwen, si Papa a ki voye m’ nan pa rale l’; epi mwen menm
m’ap fè l’ resisite l’ nan dènye jou a. Men sa ki ekri nan pwofèt yo: “Yo tout
ap jwenn ansèyman nan men Bondye”.
Tout
moun ki koute Papa a epi ki kite l’ ba l’ ansèyman, l’ap vin jwenn mwen.
Se
pa paske gen moun ki wè Papa a, sof sa a ki sot nan Bondye a, se li menm ki wè
Papa a. Amèn, amèn mwen di nou, moun ki
kwè nan mwen, li gen lavi tout tan an.
Mwen
se pen lavi a.
Papa
nou yo te manje mán nan dezè a, yo mouri; sa a se pen ki desann sot nan syèl
la, pou si yon moun manje ladan l’, li pa mouri.
Mwen se pen vivan an ki desann sot nan syèl
la. Si yon moun manje nan pen sa a, l’ap
viv tout tan, epi pen an m’ap bay la, se kò m’ pou lavi tè a”.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Frè
ak sè m’ yo, Granmèt la toupuisan. Li fè sa li vle, lè li vle, kote li vle, ak
moun li vle, pou moun li vle. Se kalite ansèyman sa a premye moso labib nou sot
li a ap ba nou jodi a. Anpil fwa Bondye itilize plizyè mwayen pou li pale ak
nou. Men sa konn rive ke nou pa konprann touswit kisa l’ap di nou oubyen nou pa
menm rann nou kont ke l’ap pale ak nou. Chak jou Bondye ap pale ak nou atravè
Labib la men nou pa toujou konprann, menm jan sa te pase pou minis rèn Etyopi
a, ki t’ap li pwofèt Izayi pandan li te sòti Jerizalèm san ke li pa t’ rive
konprann. Bondye Granmèt la te itilize Filip kòm entèmedyè pou ede minis la
konprann sans pawòl li t’ap li a, e sa te pèmèt li fè yon premye pa nan lavi
espirityèl, antan li te chwazi plonje nan dlo batèm nan ki lave peche li. Li te
di Filip: “Mwen kwè Jezikri se Pitit Bondye”.
Mezanmi, sa se premye kondisyon pou yon moun
batize. Sa rele lafwa, sa rele chemen delivrans. Se lafwa ki pèmèt nou antre
nan sous lagras Bondye a pou nou kapab tounen yon moun nouvo nan Jezikri, pou
nou kapab sove. E lafwa se yon kado Bondye fè nou pou nou kapab pwoche pi pre
li chak jou epi pou nou viv pou li. Se poutèt sa sòm 65 la ap envite nou bat
bravo pou Bondye, paske se li menm k’ap delivre nanm nou, k’ap kase tout chenn
ki te mare nou yo.
Youn
nan pi gwo fason Bondye pale ak nou, se nan Jezikri, Pitit li a. Bondye di nou
li se renmen, li se konpasyon, li se mizerikòd. Nan Lekaristi a, li ba nou pwòp
chè li ak san li pou li kapab nouri lavi pa nou ak lavi pa li. Sa se yon gwo
mistè renmen, sa se yon mèvèy ki pa gen parèy.
Pa
gen sakreman ki pi gwo ke Lekaristi. Se sa Levanjil sen Jan an ap di nou jodi
a. Nou dwe toujou sonje sa, lekaristi se sakreman ki pi konsekan pami sèt
sakreman yo. Nan chak sakreman nou jwenn yon favè nan men Bondye, pa ekzanp nan
batèm nan nou jwenn favè padon pou peche nou yo, men nan Lekaristi a, favè nou
jwenn se pwòp lavi Bondye nan lavi pa nou. Nan finisman Levanjil nou li jodi a,
se Jezi menm ki di: “Mwen se pen vivan an ki desann sot nan syèl la. Si yon
moun manje nan pen sa a, l’ap viv tout tan, epi pen an m’ap bay la, se kò m’
pou lavi tè a”.
Lòt
ansèyman Jezi ba nou, sèke okenn moun pa kapab vin jwenn li si se pa Papa li ki
atire li. Sa fè nou konprann, tankou gen yon chan ki di sa: se pa nou menm ki
renmen Bondye, men se li menm ki te renmen nou an premye. Se li menm ki te ale
chèche nan dezè kote nou te ye a pou li te kapab mennen nou bwè dlo ki fre nan
patiraj li.
Kidonk,
si nou pou Granmèt la, si nou deja nan Legliz, nou pa genyen pou n’ap chante
kantamwa, nou pa genyen pou nou ap lonje dwèt sou lòt yo, menm jan farizyen an
te fè pou pibliken an; okontrè nou dwe kite Bondye fè nou tounen yon Filip ki
pou mennen lòt yo ba li antan n’ap ede yo konprann kijan li renmen yo, kijan li
vle lavi pou tout moun.
LAPRIYÈ: Granmèt, mèsi pou pwòp lavi pa w’ ou ba nou nan
sakreman Lekaristi a. Ladan li ou montre ki kalite renmen ou genyen pou nou epi
kijan ou vle fè youn ak nou, pou nou kapab viv pou toutan. Aprann nou renmen w’
chak jou pi plis pou nou kapab toujou viv nan kominyon ak ou. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap eseye konprann nan ki fason Bondye ap pale ak mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario