Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Ou se yon veso mwen
chwazi pou l’ pote non m’ devan nasyon yo”.
NAN TRAVAY APOT YO 9, 1-20
Jou
sa yo:
Sòl
t’ap respire menas ak kou toujou kont disip Granmèt yo, li prezante devan chèf
prèt yo, li mande l’ lèt pou Damas nan sinagòg yo, pou, si l’ jwenn kèk moun
k’ap suiv wout sa a, gason kon fi, li kondui yo prizonye Jerizalèm.
Pandan
li t’ap vwayaje, li te prèske rive Damas. Yon moman, yon limyè sot nan syèl la
li antoure l’; li tonbe atè a, li tande yon vwa k’ap di l’: “Sòl, Sòl, poukisa
w’ap pèsekite m’ nan”?
Li
di: “Kilès ou ye, Granmèt”?
Li
menm li di: “Mwen se Jezi, sa a w’ap pèsekite a; sa rèd pou ou, pou w’ap voye
pye kont fwenn nan”.
Li
tranble, li sezi, li di: “Granmèt, ki sa w’ vle pou m’ fè”?
Granmèt
la di l’: “Leve, antre nan vil la, la a y’a di w’ ki sa ou gen pou w’ fè”.
Mesye
yo ki t’ap vwayaje ansanm avèk li yo, yo te kanpe, yo te sezi lè yo tande vwa
a, men yo pa wè pèsòn. Sòl menm leve sot atè a; li louvri je l’, men li pa wè
anyen. Yo kondui l’ nan men, yo fè l’ antre Damas. Li ret la twa jou san l’ pa
wè, san l’ pa manje, san l’ pa bwè.
Te
gen yon disip nan Damas yo te rele Ananyas; Granmèt la di l’ nan vizyon:
“Ananyas”!
Li
di: “Men mwen, Granmèt”.
Granmèt
la di l’: “Leve, al nan ri yo rele Dwat la, chèche nan kay Jid la yon moun Tas yo
rele Sòl. Men l’ap lapriyè”. (Li wè yon moun yo rele Ananyas k’ap antre epi
k’ap poze men sou li, pou l’ kapab wè ankò).
Ananyas
reponn: “Granmèt, mwen te tande anpil moun rakonte sa mesye sa a fè, konbyen
mal li fè sen w’ yo nan Jerizalèm; epi isit la li gen pouvwa nan men chèf prèt
yo pou l’ mare tout moun k’ap rele non ou”.
Granmèt
la di l’: “Ale, paske se yon veso mwen chwazi, pou l’ pote non m’ devan nasyon
yo, ak wa yo, ak pitit Izrayèl yo. Mwen menm m’ap montre l’ tout sa l’ gen pou
l’ sibi pou non m’”.
Ananyas
ale, li antre nan kay la, li poze men sou li, li di: “Sòl frè m’, Granmèt Jezi
voye m’, li menm ki te parèt devan ou sou wout la kote ou t’ap vini an, pou ou
kapab wè, pou ou plen ak Espri Se an”. Menm lè a se tankou kal ki sot tonbe nan
je l’, li vin wè ankò, li leve, li resevwa batèm. Lè l’ pran manje, li vin gen
fòs.
Li
rete kèk jou avèk disip yo ki te Damas yo. Menm lè a nan sinagòg yo li t’ap
preche Jezi se Pitit Bondye.
Pawòl Granmèt la
SÒM REPONS 116, 1.
2
R/ Ale sou tout tè a, preche bòn nouvèl la.
Fè
lwanj Granmèt la, tout nasyon yo, fè lwanj li ansanm, tout pèp yo.R.
Paske
kè sansib li asire sou nou, verite Granmèt la dire pou tout tan.R.
LEVANJIL
“Chè m’ se yon manje tout
bon vre, san m’ se yon bwason tout bon vre”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ JAN KI SEN 6, 53-60
Lè
sa a:
Juif
yo t’ap diskite antre yo, yo t’ap di: “Kijan sa a kapab ba nou chè l’ pou nou
manje”?
Jezi
di yo:
“Amèn,
amèn mwen di nou, si nou pa manje chè Pitit moun nan, si nou pa bwè san l’, nou
p’ap gen lavi nan nou. Moun ki manje chè m’, ki bwè san m’, li gen lavi ki p’ap
janm fini an: mwen menm m’ap resisite l’ nan dènye jou a.
Kò
m’ se yon manje tout bon vre, san m’ se yon bwason tout bon vre. Moun ki manje
chè m’, ki bwè san m’, li ret nan mwen, mwen menm nan li.
Menm
jan Papa a ki vivan an voye m’ nan, epi mwen viv akoz Papa a; konsa tou moun ki
manje m’, l’ap viv akoz mwen tou. Sa a se pen an ki desann sot nan syèl la. Se
pa tankou zansèt nou yo ki te manje mán nan, epi ki te mouri yo. Moun ki manje
pen sa a l’ap viv pou tout tan”.
Li
di sa nan sinagòg la antan l’ap bay ansèyman nan Kafanawòm.
An nou fè Lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Jodi
a Pòl ap envite nou poze Jezi kesyon sa a, epi koute repons l’ap ba nou: “Kilès
ou ye Granmèt mwen?” “Mwen se Jezi w’ap pèsekite a”. Sòl pa t’ gen okenn lòt
lide nan tèt li, sèlman sòti pou al menase patizan Jezi yo, epi touye yo. Li pa
t’ epaye pèsonn, li te atake fi kou gason.
Pawòl
sa a fè nou konprann kijan li nesesè pou nou swiv Jezi, paske se li ki chemen
an. Sòl t’al kote prèt an chèf la pou l’ mande l’ yon lèt pou l’al nan Sinagòg
Vil Damas yo, pou l’ mete anba kòd tout moun ki yo se kretyen, epi mennen yo
nan prizon. Kidonk, Pòl te jwenn yon pèmisyon legal pou pèsekite kretyen yo.
Se
konsa, li te tou pre Damas lè yon limyè sòti nan syèl la san zatann, ki frape
li, lè li tande vwa Granmèt la, epi li tonbe atè; se te Jezi li menm ki te fè
premye pa pou l’ te rele Sòl, pou l’ kab tounen Apot li, li pase twa jou san li
pa wè ni l’ pa manje ni bwè ; sa fè nou sonje Jezikri ki te mouri epi ki te
leve byen vivan aprè twa jou nan fènwa
tonbo a. Sa fè nou sonje tou konvèsyon Sòl, se yon chanjman, sa vle di sòti nan
lamò al nan lavi. Sòl te vin avèg, se yon senbòl ki montre nou, kouman nou dwe
chanje vizyon pa n’ tou, pou nou wè daprè vizyon Jezi ki te chwazi nèg sa a
tankou yon zouti, pou l’ pote non l’ devan tout nasyon yo; sa fè nou wè plan
Bondye Granmèt la se pa plan pa nou, Jezi te vle montre Sòl pwogram misyon an.
Aprè rankont li ak Jezi, Sòl vin rele Pòl. Jezi fè l’ tounen Apot epi temwanyaj
apostolik li a pra l’ lakòz li anpil soufrans. Nou wè lè yon moun rankontre
Jezi, li pa kapab rete menm moun nan ankò, se tout lavi l’ ki vin transfòme pou
l’ kab jwenn fòs pou l’ swiv Jezikri nan tout sakrifis.
Levanjilis
Sen Jan an di nou se Jezi ki ofri pwòp tèt li, tout lavi l’ ak tout sa l’ ye
pou nou. Frè ak sè m’ yo, se pou nou aprann ofri tèt nou pou lòt yo, nan fason
n’ap sèvi yo; puiske Jezi ban nou ekzanp lan. Ann mande Bondye ba nou lagras li
pou n’ kab kenbe jis nan bout, antan n’ap pran ekzanp sou Sen Pòl, Apot nasyon
yo.
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt, ede m’ fè yon konvèsyon radikal nan
lavi m’ tankou Sòl, pou lavi m’ ka transfòme. Amèn
PWOPOZISYON: M’ap chèche dekouvri nan lavi m’ tout sa ki fè m’ pa kapab rankontre ak
Jezi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario