Koulè Blan
PREMYE LEKTI
"Lespri Sen an avèk
nou deside pou yo pa poze okenn lòt chaj sou nou pase bagay sa yo ki nesesè
yo".
LEKTI TRAVAY APOT YO
15,
22-31
Jou
sa yo : Apot yo ak ansyen yo deside ansanm ak tout Legliz la pou yo chwazi kèk
mesye nan pami yo, pou yo voye yo Antyòch avèk Pòl ak Banabe, se Jid, sa yo bay
ti non Basabas la, epi Silas, moun ki gen gran konsiderasyon nan pami frè yo ;
yo ekri pa lantremiz yo :
"Apot
yo ak ansyen yo, frè yo, pou sila yo ki Antyòch, Siri ak Silisi yo, frè yo ki
nan pami nasyon yo, sali. Kòm nou tande gen kèkzen ki sòti nan pami nou bò isit
la, k’al twouble nou lòt bò a, yo boulvèse nam nou avèk pawòl yo, men se pa nou
menm ki te bay lòd; nou deside, nou tout ansanm tankou yon sèl moun pou nou chwazi
kèk mesye, pou nou voye yo kote nou ansanm avèk Banabe ak Pòl nou renmen anpil
yo, se moun ki bay lavi yo pou non Granmèt nou Jezikri. Konsa nou voye Jid ak
Silas, yo menm y’a rapòte nou menm bagay sa yo nan pawòl yo.
Lespri
Sen an deside avèk nou, pou yo pa opoze okenn dòt chaj sou nou pase bagay sa yo
ki nesesè yo: pou nou evite bagay yo sakrifye bay zidòl, ni san, ni vyann
toufe, ni move plezi, n’a aji byen antan nou prezève tèt nou sot nan bagay sa
yo. Kouraj".
Yo
menm menm, yo pati, yo desann Antyòch; yo rasanble foul la, yo renmèt lèt la.
Lè yo li l’, yo kontan avèk konsolasyon.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 56,
8-9.10-12
(r.: l0a)
R/ M’ap fè lwanj ou nan pèp yo, Granmèt.
Kè
m’ pare, Bondye kè m’ pare; m’ap chante, m’ap resite sòm.
Leve,
bèlte m’, leve, gita bandyo, m’ap reveye devan jou a.R.
M’ap
fè lwanj ou nan pèp yo, Granmèt, m’ap resite sòm pou ou nan nasyon yo.
Paske
ou gran, kè sansib ou rive jous nan syèl yo, fidelite ou rive jous nan nyaj yo.
Leve
anlè syèl yo, Bondye, anlè tout tè a bèlte ou.R.
LEVANJIL
«Sa m’ kòmande nou, se
pou nou youn renmen lòt».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ SEN JAN 15, 12-17
Lè
sa a : Jezi di disip li yo :
"Men
kòmandman m’, se pou nou youn renmen lòt, menm jan mwen renmen nou an. Pèsòn pa
renmen pi plis pase moun ki bay lavi l’ pou zanmi l’ nan.
Nou
menm nou se zanmi m’, si nou fè sa mwen kòmande nou yo. Mwen p’ap rele nou
sèvitè ankò, paske sèvitè a pa konnen sa mèt li ap fè; men mwen rele nou zanmi,
paske tout sa m’ tande kot Papa m’, mwen fè nou konnen yo.
Se
pa nou menm ki chwazi m’; men se mwen menm ki chwazi nou, mwen mete nou, pou
nou ale, pou nou pote fwi, pou fwi nou an dire; konsa, pou nenpòt ki sa nou
mande Papa a o non m’, Li ba nou l’. Men sa m’ kòmande nou, se pou nou youn
remnen lòt".
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Nan
yon mond ki plen ak vyolans ak enkonpreyansyon, Jezi di nou: «Se pou nou youn
renmen lòt, menm jan mwen renmen nou-an ». Si nou fè sa tout bon vre, nou menm
kretyen, tè a chanje lontan. Lè w’ renmen tout bon vre ou bliye tèt ou pou w’
sonje lòt la. Pawòl sa klè, men li konplike anpil.
Nou
ta ka poze tèt nou kesyon sa a: Kijan nou dwe renmen pou n’ rive renmen jan
Bondye renmen? Si nou fouye nan Bib la n’ap wè kòman Bondye tèlman renmen nou
li bay sèl Pitit li a pou nou (Jn 3, 16).
Li
bliye pwòp tèt li pou l’ bese byen ba pou sove nou chak. Pòl di nou konsa ke
renmen Bondye a tèlman gran ke pa gen okenn bagay ki ka separe nou ak li (Rm 8,
35). Li kontinye pou di nou pa kenbe anyen nan kè nou pou lòt yo sof dèt renmen
an (Rm 13, 8), paske renmen an akonpli tout lalwa a.
Frè
ak sè m’, nou anfas yon reyalite ki depase nou men ki nesesè pou nou. Li pa
fasil pou renmen. Men sila a ki mande nou sa, ban nou yon modèl. A pati de
modèl sa a, nou tout ki vle swiv li pou sèvi l’ kòm temwen, nou sèten ke n’ap
ranpòte laviktwa sou fòs mal la. Konsa n’ap rete zanmi Bondye paske nou fè sa
l’ mande nou.
Renmen
rezime tout sa pwofèt yo te konn di ak tout sa ki ekri nan Lalwa a. Nan Legliz
la tout sa n’ap fè se pou n’ kapab fè renmen an rive gaye sou tout fas tè a. Sa
vle di renmen se rasin misyon Legliz la. Se paske Bondye renmen nou, se paske
li gen kè sansib pou nou ki fè li chwazi nou kòm misyonè.Misyon sa a nou
resevwa l’ nan batèm nou. An nou pa rete chita, an nou ale fè patizan pou Jezi,
pou di kòman li gran e kòman li renmen nou chak.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri, fè nou favè pou nou konfime konduit
nou byen nan mèvèy pak yo, pou sa n’ap rapousuiv ak kè kontan yo, yo pwoteje
nou, yo sove nou ak pouvwa tout tan an. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Kite Bondye renmen mwen pou mwen ka
transmèt lanmou sa bay lòt yo, antan m’ap sèvi yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario