Páginas

SAMDI 30

Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
"Travèse Masedwán, pote nou sekou".
NAN TRAVAY APOT YO
16, 1-10
Jou sa yo: Pòl rive Dèb ak Lis.
Te gen yon disip la yo te rele Timote, pitit yon Juif ki te gen lafwa, papa l’ te payen. Frè yo ki te Lis avèk Ikonyòm yo, yo te bay bon temwayaj sou li. Pòl te vle pati avèk li, li pran l’, li fè l’ resevwa sikonsizyon akoz Juif yo ki te nan kote sa yo; men tout moun te konnen papa l’ te payen.
Pandan y’ap travèse vil yo, yo t’ap transmèt yo desizyon yo pou yo kenbe, sa Apot yo ak ansyen Jerizalèm yo te deklare yo. Legliz yo t’ap vin solid nan lafwa a, chak jou yo t’ap gen plis moun.
Yo travèse Friji ak rejyon Galat la, Lespri Sen an te anpeche yo pale pawòl Bondye a nan Lazi. Lè yo rive nan Mizi, yo t’ap eseye ale nan Bitini; men lespri Jezi pa t’ pèmèt yo. Yo travèse Mizi, yo desann Twoas.
Nan nuit Pòl gen yon vizyon: se yon mesye Masedwán ki te kanpe, ki t’ap lapriyè l’, ki t’ap di: "Travèse nan Masedwán, vin pote nou sekou". Kon l’ wè vizyon an, menm lè a nou chèche pati nan Masedwán, nou te gen lasirans se Bondye ki te rele nou pou nou anonse yo levanjil la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 99, 2. 3. 5.
R/ Fè lwanj pou Granmèt la, tout tè a.
Fè lwanj pou Granmèt la, tout tè a, sèvi Granmèt la nan kè kontan; antre devan fas li avèk gran fèt.R.
Konnen Granmèt la se li menm ki Bondye; se li menm ki fè nou, se pou li nou ye, pèp li ak mouton pak li.R.
Sèke Granmèt la bon; pou tout tan kè l’ sansib, pou jenerasyon ak jenerasyon verite l’ la.R.
LEVANJIL
"Nou pa fè pati tè a, men mwen chwazi nou sot sou tè a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 15, 18-21
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Si tè a rayi nou, konnen li te rayi m’ anvan nou. Si nou te fè pati tè a, tè a ta renmen sa k’ pou li; men paske nou pa fè pati tè a, okontrè mwen chwazi nou sot sou tè a, se pousa tè a rayi nou an. Sonje pawòl mwen an, sa m’ te di nou an: "Sèvitè a pa pi gran pase mèt li. Si yo te pèsekite m’, nou menm tou y’ap pèsekite nou; si yo te kenbe pawòl mwen yo, y’ap kenbe pa nou yo tou". Men tout bagay sa yo, y’ap fè nou yo poutèt non mwen, paske yo pa konnen sila a ki voye m’ nan".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Nou toujou  nan sezon Pak la! Se tankou prentan nan lavi kretyen an. Se yon fèt ki ba nou pi gwo kè kontan ke yon moun ta kapab santi, paske se fèt laviktwa lavi sou lanmò. Sèke Jezi ki leve byen vivan sòti pami mò yo, Li ba nou yon lespwa tou nèf, li louvri pòt syèl pou nou.
Nan premye lekti a, liv Travay Apot yo prezante nou yon gran nèg, ki rele Timote, se konpanyon misyon apot Pòl, aprè konvèsyon l’. Tan Pak la pa sèlman envite nou fè kè nou kontan, men tou li envite nou pou nou ale nan misyon, ale fè patizan pou Jezi, al rakonte mèvèy Bondye fè nan lavi nou. Kidonk, lajwa ak lespri misyonè, se de (2) bagay ki karaterize tan Pak la. Yon misyon ki enplike yon konba an favè jistis, renmen ak verite.
De mesye sa yo, Pòl ak Timote pa t’ pè bay temwayaj sa a. Yo te konnen ki konsekans sa te kapab pote, men yo pa t’ pè, yo pa t’ fè bak ni gade dèyè. Mache avèk Jezi, se chwazi chemen lakwa, chemen doulè, chemen soufrans.
An menm tan tou, se chwazi chemen viktwa a, paske Jezi yo te touye a, li pa rete nan tonbo a men li triyonfe sou tout fòs mal yo, e limyè rezireksyon li a briye nan tout linivè.
LAPRIYÈ: Tanpri Jezi, kenbe m’ sou chemen an avèk ou, paske avèk ou mwen p’ap janm pèdi batay.

PWOPOZISYON: Pak mande m’ pase sot nan rayi vin nan renmen: jodi a m’ap rekonsilye ak yon moun ki lènmi mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario