Koulè Blan
SIZYÈM DIMANCH PAK, ANE-C
PREMYE LEKTI
"Lespri
Sen an avèk nou deside pou yo pa poze okenn lòt chaj sou nou pase bagay sa yo
ki nesesè yo"
NAN TRAVAY APOT YO 15, 1-2. 22-29
Jou sa yo:
Gen kèk moun ki desann sot nan
Lajide, yo t’ap anseye frè yo: “Si nou pa resevwa lasikonsizyon daprè abitid
Moyiz la, nou pa kapab sove”. Vin gen diskisyon ki pa piti ant Pòl ak Banabe
kont yo, yo deside pou Pòl ak Banabe monte avèk kèkzen nan lòt yo kot Apot yo
ak prèt yo Jerizalèm sou kesyon sa a.
Lè sa a atò Apot yo ak ansyen yo
deside ansanm ak tout Legliz la pou yo chwazi kèk mesye nan pami yo, pou yo
voye yo Antyòch avèk Pòl ak Banabe, se Jid, sa yo bay ti non Basabas la, epi
Silas, moun ki gen gran konsiderasyon nan pami frè yo; yo ekri pa lantremiz yo:
"Apot yo ak ansyen yo, frè yo,
pou sila yo ki Antyòch, Siri ak Silisi yo, frè yo ki nan pami nasyon yo, Sali!
Kòm nou tande gen kèkzen ki sòti nan pami nou bò isit la, k’ap twouble nou lòt
bò a, yo boulvèse nanm nou avèk pawòl yo, men se pa nou menm ki te bay lòd sa
a; nou deside, nou tout ansanm tankou yon sèl moun pou nou chwazi kèk mesye,
pou nou voye yo kote nou ansanm avèk Banabe ak Pòl nou renmen anpil yo, se moun
ki bay lavi yo pou non Granmèt nou Jezikri. Konsa nou voye Jid ak Silas, yo
menm y’a rapòte nou menm bagay sa yo nan pawòl yo.
Lespri Sen an deside avèk nou, pou
yo pa poze okenn lòt chaj sou nou pase bagay sa yo ki nesesè yo: pou nou evite
bagay yo sakrifye bay zidòl, ni san, ni vyann toufe, ni move plezi, n’a aji
byen antan nou prezève tèt nou sot nan bagay sa yo. Kouraj".
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS
66, 2-3. 5. 6 e 8
R/ Se pou pèp yo fè lwanj ou, Bondye,
se pou tout pèp yo fè lwanj ou.
Se pou Bondye pran pitye pou nou, se
pou l’ beni nou; se pou l’ fè figi l’ klere sou nou. Pou yo
rekonèt chemen w’ yo sou tè a, delivrans ou a nan tout nasyon yo.R.
Se pou nasyon yo kontan, se pou yo
danse, paske ou jije pèp yo yon fason kòrèk, ou dirije nasyon yo sou tè a.R.
Se pou pèp yo fè lwanj ou, Bondye,
se pou tout pèp yo fè lwanj ou. Se pou Bondye nou an beni nou, se
pou tout limit tè a respekte l’.R.
DEZYÈM LEKTI
"Li
montre m’ vil ki sen an k’ap desann sot nan syèl la".
NAN LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 21,
10-14. 22-23
Mesaje a soulve m’ nan lespri sou
yon mòn ki gran, ki wo, li montre m’ vil ki sen an, Jerizalèm, k’ap desann sot
nan syèl la, kot Bondye, li gen bèlte Bondye a, limyè l’ te tankou bijou kalite
siperyè, tankou bijou yo rele jasp la, tankou kristal. Li te gen
yon miray ki gran, ki wo, ki gen douz pòt, nan pòt yo te gen douz mesaje, ak
non ki ekri, non douz ras pitit Izrayèl yo. Nan direksyon solèy leve: twa pòt,
nan direksyon nò: twa pòt, nan direksyon sid: twa pòt, nan direksyon solèy
kouche: twa pòt. Miray vil la te gen douz kolòn; sou yo te gen douz non douz
Apot Mouton yo.
Mwen pa wè kay sakre ladan l’: se
Granmèt Bondye ki gen tout pouvwa a ki kay sakre l’ ak Mouton an. Vil la pa
bezwen solèy ni lalin, pou yo klere l’; paske klète a klere l’, epi lanp li se
Mouton an.
Pawòl
Granmèt la.
LEVANJIL
"Lespri
Sen an ap soufle nou tout sa m’ap di nou".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 14, 23-29
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Si yon moun renmen m’, l’ap
kenbe pawòl mwen, Papa m’ ap renmen l’, n’ap vin jwenn li, n’ap abite lakay li.
Moun ki pa renmen m’, li pa kenbe pawòl mwen yo. Pawòl la nou tande a, se pa
nan mwen li sòti, men se nan sila a ki voye m’ nan, Papa a.
Mwen di nou bagay sa yo, pandan m’
ret avèk nou toujou. Avoka a menm, Lespri Sen an, sa Papa a ap voye o non m’
nan, se li menm k’ap aprann nou tout bagay, l’ap soufle nou tout sa m’ te di
nou yo.
Se lapè mwen kite pou nou, se lapè
m’ nan mwen ba nou; se pa tankou tè a bay li a mwen ba nou li. Pa kite kè nou
twouble, pa kite l’ sote. Nou te tande mwen te di nou: "M’a prale epi m’ap
vin jwenn nou". Si nou te renmen m’, nou ta kontan sètènman poutèt m’a
pral kay Papa a, paske Papa a pi gran pase m’. Koulye a
menm mwen di nou sa anvan sa rive, pou lè l’ rive nou kapab kwè".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «SI YON MOUN RENMEN M’, L’AP KENBE
PAWÒL MWEN, PAPA M’ AP RENMEN L’, N’AP VIN JWENN LI, N’AP ABITE LAKAY LI»
Jodi a, avan nou
selebre Lasansyon an ak Lapannkòt la, nou jwenn opòtinite pou nou reli pawòl
Jezi te pwononse nan okazyon dènye soupe Granmèt la, kote nou kapab wè divès
fason nou kapab prezante yon mesaj ki trè espesyal, paske se yon mesaj ki sòti
nan linyon Kris la ak Papa ak volonte Bondye genyen pou asosye nou nan mistè
lanmou sa a.
Yon jou
yo te prezante Sen Terèz de Lanfan Jezi plizyè kado pou li te chwazi, e li menm
li te di ak anpil desizyon, malgre li te jèn: «Mwen pran tout». Lè li te grandi
li te vin konprann pawòl sa a t’ap tounen yon reyalite antan li vle tounen lanmou
Legliz la, paske yon kò san lanmou pa ta gen okenn sans. Bondye se mistè lanmou
sa a, yon lanmou konkrè, pèsonèl, ki tounen moun nan Jezi Pitit la, ki rive bay
tout bagay: Li menm menm, lavi li ak aksyon li, se mesaj ki pi klè e se pi gran
mesaj Bondye.
Se nan lanmou sa a lapè
a sòti, yon lanmou ki boule tout bagay. Jounen jodi a, lapè a se yon bagay nou
manke: sa parèt tankou yon rèv; nou vle lapè, men toupatou se angwas ak
vyolans. N’ap rive gen lapè a sèlman lè nou fikse je nou sou Jezi, paske se li menm
ki ba nou li tankou fwi lanmou total li a. Men se pa tankou mond la ba nou li
ke li ba nou li (cf. Jan 14,27), paske lapè Jezi a se pa yon senp trankilite
nan anviwònman n’ap viv, okontrè: solidarite a vin tounen fratènite, kapasite
pou nou gade tèt nou epi gade lòt yo avèk je ki nouvo, menm jan Granmèt la fè
sa, pou nou youn padone lòt.
«Avoka a menm, Lespri Sen an, sa Papa a ap voye o non
m’ nan, se li menm k’ap aprann nou tout bagay, l’ap soufle nou tout sa m’ te di
nou yo» (Jan 14, 26). Nan dènye jou Pak sa yo, ann mande Bondye louvri kè nou
pou nou akeyi Lespri li a: nou te resevwa li nan batèm nou ak nan konfimasyon
nou, men nou dwe kite li travay nan nou pou li kapab oryante nou.
LAPRIYÈ: Granmèt, mèsi, pou pawòl ou a k’ap gide lavi mwen.
PWOPOZISYON: Prete atansyon ak sa Lespri Sen an ap di w’.
No hay comentarios:
Publicar un comentario