Koulè Blan
PREMYE LEKTI
"Granmèt la louvri kè l’ pou l’
met atansyon nan sa Pòl t’ap di yo".
NAN TRAVAY APOT YO 16, 11-15
Nou navige sot Twoas, nou rive tou
dwat Samotras, epi nan landmen nou rive Neapolis; nou sot la, nou rive Filip,
vil ki pi enpòtan nan rejyon Masedwán nan, kote anpil etranje abite.
Nou te rete pase kèk jou nan vil sa
a. Jou saba a, nou sòti deyò pòt la, bò larivyè a, kote yo konn lapriyè a, nou
chita, nou t’ap pale avèk medam yo, ki te rasanble yo.
Yon madanm yo rele Lidi, yon machann
vlou nan vil Tiati, ki te adore Bondye, li t’ap koute; Granmèt la louvri kè l’
pou l’ fè atansyon nan sa Pòl t’ap di yo. Lè l’ fin batize, ni kay li tou, li
ensiste, li di: Si nou konsidere m’ kòm fidèl Granmèt la, antre lakay mwen,
rete la". Li fòse nou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
149, 1-2. 3-4. 5-6a e 9b
R/
Granmèt la
jwenn plezi nan pèp li a.
Chante pou Granmèt la yon kantik nouvo;
lwanj li nan Legliz sen yo. Se pou Izrayèl kontan nan sila a ki fè l’ la, se
pou pitit Siyon yo danse pou wa yo.R.
Se pou yo fè lwanj pou non l’ avèk
dans, sou tanbou ak gita se pou yo chante pou li. Paske Granmèt la jwenn plezi
nan pèp li a, l’ap fè pòv yo jwenn konsiderasyon nan delivrans la.R.
Se pou sen yo fete nan bèlte a, se
pou yo kontan sou kabann yo. Lwanj Bondye yo nan bouch yo: bèlte sa a pou tout
sen l’ yo.R.
LEVANJIL
"Lespri
laverite a ap sèvi m’ temwen".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
15, 26-16, 4
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Lè Avoka a ap rive, li menm
m’ap voye ba nou sot kot Papa a, lespri laverite a ki sòti nan Papa a, se li
menm k’ap sèvi m’ temwen. Nou menm tou n’ap sèvi m’ temwen, paske se depi nan
kòmansman nou avèk mwen. Mwen di nou bagay sa yo, pou nou pa dekontwole. Y’ap
mete nou deyò nan kay reyinyon yo. Men lè a ap rive, tout moun k’ap touye nou,
y’ap konprann se yon sèvis yo rann Bondye. Y’ap fè nou sa, paske yo pa konnen
ni Papa a ni mwen menm. Men mwen di nou bagay sa yo, pou lè lè pa yo a rive,
nou sonje mwen te di nou sa".
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Legliz Jezikri a pran anpil kou, men li toujou kanpe
byen fèm. Nan tan pèsekisyon Legliz la, se nan moman sa a li
pran bon jan rasin, moman kote fondasyon an vin pi solid, kote lafwa boujonnen.
Kòman nou ka eksplike sa? Lè
yo t’ap chèche febli Legliz la, se lè sa a li pi fò, lè y’ap maspinen oubyen
touye kretyen yo, se lè sa a pi plis moun konvèti, lè y’ap depeyize yo, se lè
sa a yo mache fè patizan pou Jezi tout kote, lè y’ap chèche toufe yo, se lè sa
a yo preche Levanjil la ak plis kouraj. Men nan tan n’ap viv la, yon tan tout
moun gen libète relijye pou yo viv lafwa yo jan yo vle, se nan epòk jodi a
mwens moun ap chèche vin kretyen, oswa yo di y’ap swiv Kris la men yo pa dakò
ak Legliz. Sa vle di se yon Legliz ki pase mòd, nou pa dwe lite pou li ankò,
alevwa mouri.Sepandan nan Levanjil jodi a, Jezi ba nou yon mesaj ki trè
enpòtan: “Y’ap mete nou deyò nan kay reyinyon yo. Men lè a ap
rive, tout moun k’ap touye nou, y’ap konprann se yon sèvis yo rann Bondye. Y’ap fè nou
sa, paske yo pa konnen ni Papa a ni mwen menm. Men mwen di nou bagay sa yo, pou
lè lè pa yo a rive, nou sonje mwen te di nou sa”. Tan pou nou bay temwanayaj
pou Jezi p’ap janm fini, toutotan Rèy Bondye a pa tabli sou tout fas tè a.
LAPRIYÈ: Mèsi Bondye Papa,
pou gwo lespwa ou ba nou lè ou leve Jezi byen vivan, ou mete l’ Granmèt, tanpri
ba nou fòs temwaye mèvèy li fè pou nou. Amèn
PWOPOZISYON: M’ap kite Lespri Laverite a manifeste nan mwen pou m’
sèvi Jezi temwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario