Koulè Wouj
FILIP AK JAK
KI SEN, Apot
(Fèt)
PREMYE LEKTI
"Granmèt la parèt devan Jak,
aprè sa devan tout Apot yo".
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU
KORENTYEN YO 15, 1-8
Mwen fè nou sonje frè m’ yo, Bòn
Nouvèl la mwen te preche nou an, li menm nou te resevwa a, nan li nou rete a,
pa lentèmedyè l’ nou sove a, si nou kenbe l’ jan mwen te anonse nou li,
otreman, se pou granmesi nou ta kwè.
Reyèlman mwen te transmèt nou tou
dabò sa mwen menm mwen te resevwa: Jezikri mouri pou peche nou yo, daprè sa k’
ekri yo, yo antere l’, li resisite sou twazyèm jou a, daprè sa k’ ekri yo, li
parèt devan Sefas, aprè sa devan onz yo; aprè sa li parèt devan plis pase senk
san frè ansanm, nan pami yo gen anpil ki la jous koulye a, kèk menm mouri; aprè
sa li parèt devan Jak, aprè sa devan tout Apot yo; aprè tout moun, li parèt
devan m’ tou, mwen menm ki tankou yon pitit ki fèt anvan tèm.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
18, 2-3. 4-5
R/ Sou tout tè a yo tande vwa yo.
Syèl yo ap rakonte glwa Bondye,
travay men l’, platfòm syèl la ap anonse l’. Jou ap
deklare pawòl bay jou, nannuit ap montre syans bay nuit.R.
Pa gen langaj ni pawòl, pou yo pa
konprann vwa yo. Sou tout tè a bwi vwa yo sòti, jous nan limit tè a pawòl yo rive.R.
LEVANJIL
"Depi
tout tan sa a mwen avèk nou, epi nou pa konnen m’"?
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 14, 6-14
Lè sa a: Jezi di Toma:
"Mwen se chemen an, verite a ak
lavi a. Pèsòn pa vin kot Papa a, sof si l’ pase pa lentèmedyè m’. Si nou te
konnen m’, nou ta konnen Papa m’ tou; koulye a nou konnen l’, epi nou wè
l’".
Filip di l’: "Granmèt, montre
nou Papa a, epi sa ap kont nou".
Jezi di l’: "Depi tout tan sa a
mwen avèk nou, epi nou pa konnen m’? Filip, moun ki wè m’, li wè Papa a tou. Kijan ou fè
di: "Montre nou Papa a"? Ou pa kwè mwen nan Papa a, epi Papa a nan
mwen? Pawòl yo mwen pale nou an, se pa nan mwen menm mwen pale yo. Papa a ki
rete nan mwen an, se li menm ki fè travay yo. Nou pa kwè mwen nan Papa a, epi
Papa a nan mwen? Omwen poutèt travay yo se pou nou kwè.
Amèn, amèn, mwen di nou, sa ki kwè
nan mwen, travay mwen fè yo, l’ap fè yo tou, l’ap fè pi gran pase yo menm,
paske m’a pral kay Papa a; nenpòt ki sa n’ap mande Papa a o non m’, m’ap fè l’,
pou Papa a kapab jwenn glwa nan Pitit la. Si nou mande yon bagay o non m’, m’ap
fè li".
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a Legliz la
ap fete de (2) gwo poto mitan l’ ki se Sen Jak ak Sen Filip. Nan meditasyon
jodi a n’ap kontanple lavi Apot sa yo ki te bay tout yo menm pou kòz Levanjil
la. Koute Sen Jan k’ap di nou Jezi se sèl chemen ki pou mennen nou kay Papa a. Se
poutèt sa nou pa dwe janm bouke chèche Jezi nan lavi nou pou nou swiv li. Tankou
Pòl ap fè patizan l’ yo sonje tout pawòl li te montre yo, se pou yo kenbe yo pou
yo pa dwe janm dekouraje; se pou yo kenbe fèm nan lafwa yo, paske se gras a
pawòl la yo delivre.
Frè ak sè m’ yo,
se avèk nou Pòl ap pale, l’ap anonse sa ki nan nannan lafwa kretyen an: Jezi te
mouri, Papa l’ te leve l’ byen vivan sòti nan pami mò yo e se sou sa lafwa nou
chita; se temwayaj Apot yo ak tout moun ki te wè l’, fi tankou gason; li te
parèt sou yo aprè li te fin leve byen vivan an, se sa ki baz lafwa yon kretyen.
Se pou nou kwè nan sa premye patizan yo ekri kite pou nou; Jezi mouri epi li
leve byen vivan pou l’ fè nou kado yon lavi tou nèf, verite sa a nou dwe
respekte l’. Se Sen Jan ki di nou: Jezi
se chemen, laverite ak lavi, pèsonn pa kab al jwenn Papa a san li pa pase kot
Jezi.
Nan Levanjil la Jezi
devwale gwo entimite li genyen ak papa li, li devwale idantite li kòm sila k’ap
viv an kominyon ak Bondye Papa lè li di Filip: “Depi tout
tan sa a mwen avèk nou, epi nou pa konnen m’? Filip, moun
ki wè m’, li wè Papa a tou. Kijan ou fè di: "Montre nou
Papa a"? Ou pa kwè mwen nan Papa a, epi Papa a nan mwen? Pawòl yo mwen
pale nou an, se pa nan mwen menm mwen pale yo. Papa a ki rete nan mwen an, se
li menm ki fè travay yo.”
Vrèman vre,
patizan sila yo pa t’ konprann si Jezi se pòtre ak Papa a tout bon vre, kòm si
li egal ego ak li. Repons Jezi bay Filip la, se menm repons la li ta kapab ba
nou tou jodi a. Koute sa Jezi di ankò, yon moun ki kwè nan zèv mwen yo, li
kapab fè yo tou si li kwè tout bon vre; kidonk nou kapab fè bagay ki pi gwo
ankò. Li te pale avèk yo konsa, se yon fason pou l’ di yo li pral jwenn Papa l’,
li p’ap sou tè a ankò; travay li te kòmanse a, se nou k’
pou kontinye l’. Ak fòs pa nou, nou p’ap kapab, fòk nou gen yon lafwa fèm,
tankou Sen Filip ak Sen Jak, Apot, ki te gen yon lafwa solid e ki te temwaye mistè Pak la.
Ann mande Jezi pa lentèsesyon patizan sa yo, pou li ogmante lafwa nou pou
n’ kab kwè menm jan avèk yo.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri menm jan ak Sen Filip ak Sen Jak, fè nou
mete nou nan sèvis Legliz ou a. Pa pouvwa Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON: M’ap rekonèt se
atravè lòt yo mwen kapab sèvi Jezi tout bon vre.
No hay comentarios:
Publicar un comentario