Koulè Blan
DIMANCH PANNTKOT
PREMYE LEKTI
"Tout moun
vin plen ak Lespri Sen an epi yo kòmanse pale".
NAN TRAVAY APOT YO 2, 1-11
Lè jou lapanntkot yo rive bout, tout moun te ansanm nan
menm kote a; san zatann, vin gen yon bwi ki sot nan syèl la tankou bwi van ki
rive byen fò, li plen tout kay la, kote yo te chita a. Anpil ti mòso
lang tankou dife vin parèt sou yo, li chita sou yo chak. Tout moun vin plen ak
Lespri Sen an, epi yo kòmanse pale divès lang, daprè sa Lespri Sen an te pèmèt
yo pale. Jerizalèm menm te gen Juif yo ki abite peyi a, ni moun relijye ki sot
nan tout nasyon ki anba syèl la. Lè vwa a rive, foul la rasanble, lespri yo
twouble, paske chak moun t’ap tande nan pwòp lang li sila yo ki t’ap pale yo.
Tout moun te sezi, yo t’ap gade, yo t’ap di: "Èske tout mesye sa yo k’ap
pale yo, se pa moun Lagalile yo ye?
Kòman fè n’ap tande yo nou chak nan lang pa nou, kote nou
fèt la ? Pat, Mèd, Elamit ak moun ki abite Mezopotami, Lajide, Lakapadòs,
Pon ak Lazi, Friji ak Panfili, Lejip ak pati Libi a ki bò Sirèn nan, etranje ki
sot a Wòm, Juif tou ak payen ki antre nan relijyon an, Krèt ak Arab, nou tande
y’ap pale mèvèy Bondye yo nan lang nou".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 103.
1ab e 24ac. 29bc-30. 31 e 34
R/ Voye Lespri ou, Granmèt, refè fas tè a.
Fè konpliman pou Granmèt la, nanm mwen : Granmèt
Bondye m’, ou gran anpil.
Ala anpil travay
ou yo anpil, Granmèt : tè a plen ak kreyati ou.R.
Lè ou raple lespri yo, y’ap mouri, se nan pousyè yo y’ap
tounen.
W’ap voye Lespri ou, y’ap kreye, w’ap refè fas tè a.R.
Se pou bèlte Granmèt la pou tout tan ; se pou
Granmèt la kontan nan travay li yo.
Se pou pawòl mwen fè l’ plezi, mwen menm menm m’ap kontan
nan Granmèt la.R.
DEZYÈM LEKTI
"Se nan
yon sèl Lespri nou tout nou batize nan yon sèl kò".
PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO
2, 3b-7. 12-13
Frè m’ yo:
Pèsòn pa kapab di: "Granmèt Jezi", si se pa nan
Lespri Sen an. Gen divès kalité favè, men se yon sèl Lespri a. Gen divès
kalite sèvis, men se yon sèl Granmèt la. Gen divès kalite aktivite, men se yon
sèl Bondye a ki fè tout bagay nan tout moun. Sèlman yo bay chak moun
manifestasyon Lespri a pou bezwen an. Sèke menm jan kò a fè yon sèl, men li gen
anpil manb, tout manm kò a, malgre yo anpil la, se yon sèl kò yo fè kan
menm : se konsa tou pou Jezikri. Reyèlman vre se nan yon sèl Lespri nou
tout nou batize pou nou fè yon sèl kò, swa Juif, swa payen, swa esklav, swa
moun lib ; epi nou tout se nan yon sèl Lespri a nou pase swaf nou.
Pawòl Granmèt la.
KANTIK
Vini, Lespri
Sen, voye yon reyon limyè ou sot nan syèl la.
Vini, Papa pòv
yo, vini, ou menm ki bay kado yo, vini, limyè kè yo.
Ou menm ki
konsole nou si byen, ki abite nanm nou avèk dousè ou, frechè ki dous,
Nan travay ou
se repo, nan chalè ou se frechè, nan lapenn ou se konsolasyon.
Limyè ki sen
anpil, plen fon kè fidèl ou yo.
San pouvwa ou,
pa gen anyen nan moun, anyen ki pa pèvèti.
Lave sa k’ sal,
wouze sa k’ sèk, geri sa k’ blese.
Asoupli sa k’
rèd, chofe sa k’ glase, drese sa k’ kwochi.
Bay fidèl ou yo
ki met konfyans yo nan ou sèt kado sakre yo.
Ankouraje bon
kalite nan nou, bay lanmò delivrans, bay kè kontan toutan.
LEVANJIL
"Menm jan
Papa a voye m’ nan, mwen voye nou : resevwa Lespri Sen an".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 20, 19-23
Lè aswè rive, jou sa a, premye jou semèn nan, tout pòt yo
te fèmen, kote disip yo te rasanble poutèt yo te pè Juif yo, Jezi rive, li
kanpe nan mitan, li di yo : "Lapè pou nou". Pandan l’ap di sa,
li rnontre yo men yo ak bò kòt la. Disip yo kontan, lè yo wè Granmèt la. Li di
yo ankò : "Lapè pou nou. Menm jan Papa a voye m’ nan, mwen menm tou
mwen voye nou". Lè l’ fin di sa, li soufle, li di yo: "Resevwa
Lespri Sen an. Moun nou renmèt peche yo, peche yo ap renmèt, moun nou kenbe
peche yo, y’ap ret kenbe".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a n’ap selebre kloti fèt Paskal la. Avèk gwo fèt
Lapannkòt la, kè kontan Pak la rive nan dènye bout li puiske Lespri Sen
an vini estimile nou pou nou kapab tounen temwen kè kontan sa antan nou sòti
pou nou ale nan tout kwen.Tèks nou li pou jodi a, yo fè nou sonje ke premye fwi
Lespri Sen an, se tèt ansanm. San konsiderasyon kilti, lang, tandans, elatriye;
Lespri a ki se Granmèt voye nou renouvle fas tè a, renouvle li paske nou pa
senp manb tribi oubyen ras diferan, men nou kòmanse fè pati yon sèl pèp: yon pèp ki fòme ak tout pitit Bondye.Inite sa
a nou jwenn nan Nouvo Kreyasyon an, li soti nan batèm nan ke nou te resevwa a,
kote nou kòmanse fè pati yon sèl kò: Legliz Kris la. Se poutèt sa Dezyèm Lekti
a pale nou sou don divèsite ki genyen nan Legliz la.Li pa toujou fasil pou nou
aksepte lòt gwoup oubyen mouvman nan Legliz la, ki diferan ak gwoup oubyen
mouvman pa nou, men tèks nou li pou jodi a yo envite nou rekonèt ke gwoup ak
mouvman sa yo fòme yon sèl kò ak gwoup oubyen mouvman pa nou yo.
Levanjil la asosye
yon dezyèm dimansyon Lespri Sen an ak reyalite sa a, puiske tèt ansanm n’ap viv
ladan li a, se pa pou satisfaksyon pèsonèl nou, men se pou nou kapab rete soude
youn ak lòt nan misyon an. Misyon nou genyen kòm apot, se yon misyon ki rale
nou soti kote nou kache a akòz laperèz, kote nou kapab santi fòs Lespri Sila ki
resisite a, li menm ki ba nou lapè epi ki voye nou tounen mesaje renmen ak
padon. Jezi ki resisite, ou menm ki soufle Lespri ou sou disip ou yo, fè fòs ak
gras Lespri a pouse nou fòme yon sèl kò pou nou kapab anonse Bòn Nouvèl renmen,
padon ak espwa bay mond lan, pa sèlman ak pawòl nan bouch, men sitou nan aksyon
nou yo. Fè Lespri Sen an yon lapriyè pou li kapab fè tout kretyen mete tèt yo
ansanm, epi pou tout travay misyonè kapab pote fwi.
LAPRIYÈ: Jezi ki resisite,
ou menm ki soufle Lespri ou sou disip ou yo, fè fòs ak gras Lespri a pouse nou
fòme yon sèl kò pou nou kapab anonse Bòn Nouvèl renmen, padon ak espwa bay mond
lan, pa sèlman ak pawòl nan bouch, men sitou nan aksyon nou yo.
PWOPOZISYON: Priye Lespri Sen an pou li kapab fè tout
kretyen mete tèt yo ansanm, epi pou tout travay misyonè kapab pote fwi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario