Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
« Si gen
jalouzi nan kè nou, pa vante tèt nou ».
NAN LÈT APOT JAK KI SEN 3, 13-18
Nou menm mwen renmen anpil la :
Kilès ki gen sajès epi ki gen disiplin nan pami
nou ? Se pou l’ montre travay li nan dousè sajès la apati yon bon konduit.
Men si nou gen yon anvi ki anmè, avèk si gen jalouzi nan kè nou, pa vante tèt
nou, pou nou vin tounen moun k’ap bay manti kont laverite a.
Sèke se pa sajès sa a ki desann sot anwo a, men se sou tè
a li sòti, nan bèt, nan dyab. Sèke kote ki gen jalouzi ak batay, se dezòd ak
tout kalite move aksyon. Men sajès la ki sot anwo a, tou dabò li gen yon
konduit respektab, epi li chèche lapè, li tou dou, li gen bon jan, li mete kè
l’ nan sa k’ bon, li plen mizerikòd ak bon fwi, li pa gen prejije, li pa fè
ipokrit. Fwi jistis la se nan lapè li simen, pou moun yo k’ap fè
lapè a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 18,
8. 9. 10. 15
R/ Jistis Granmèt la dwat, yo fè kè
kontan.
Lalwa Granmèt la san tach, li refè nam, temwayaj Granmèt
la fidèl, li bay ti moun yo sajès.R.
Jistis Granmèt la dwat, yo fè kè kontan, kòmandman
Granmèt la klè, li klere je yo.R.
Krent Granmèt la nèt, li dire pou tout tan gen tan,
jijman Granmèt la vre, yo kòrèk yo tout ansanm.R.
Se pou pawòl bouch moun yo fè ou plezi, ni refleksyon kè
m’ devan fas ou. Granmèt, sekou m’ak Redanmtè mwen.R.
LEVANJIL
« Mwen
kwè, Granmèt, ede mank lafwa m’ nan ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 9, 14-29
Lè sa a :
Jezi desann sot sou mòn nan, li rive kot disip li yo, li
wè yon gran foul alantou yo, avèk skrib yo k’ap diskite avèk yo. Menm lè a tout
pèp la wè Jezi, yo sezi, yo sote, yo kouri vin salye l’. Li poze yo
kesyon : « Kisa n’ap diskite konsa a antre nou an » ?
Yon moun nan foul la reponn, li di : « Mèt,
mwen mennen pitit mwen an kote ou, li gen yon espri baba, lè l’ pran l’ nenpòt
ki kote, li maltrete l’ ; pitit la bave, li manje dan, li seche. Mwen te
di disip ou yo pou yo chase l’, men yo pa t’ kapab ».
Li reponn yo, li di : « Jenerasyon san lafwa,
jouskilè m’ap avèk nou? Jouskilè m’ap sipòte nou ? Mennen l’ ban
mwen ». Yo mennen l’. Lè l’ wè l’, menm lè a espri a souke l’, li maltrete
l’atè a, li kimen tankou kim savon.
Li poze papa l’ kesyon : « Depi pandan konbyen
tan bagay sa a rive li » ?
Li di : « Depi l’ tou piti ; anpil fwa se
nan dife ak nan dlo li voye l’, pou l’ touye l’. Men, si ou kapab, ede nou
tanpri souple ».
Jezi menm di l’ : « Si ou kapab kwè, tout bagay
posib pou moun ki kwè ».
Menm lè a papa ti pitit la rele byen fò, avèk dlo nan je
l’ li t’ap di : « Mwen kwè, Granmèt ; ede mank lafwa m’
nan ».
Lè Jezi wè foul la k’ap rasanble, li menase espri papwòp
la, li di l’ : « espri ki soud, ki baba, mwen pase ou lòd :
« Sòti nan li, epi pa janm antre nan li ankò ». Li rele byen
fò, li souke l’ anpil, li pati sot nan li; li te tankou si l’ te mouri, atèl
pwen moun yo t’ap di li mouri. Jezi menm kenbe men l’, li leve l’, li drese.
Lè l’ antre nan kay la, disip li yo poze l’ kesyon an
sekrè: «Pouki sa nou pa t’ kapab chase li»? Li di yo: «Kalite sa a pa kapab
sòti ak anyen, sof ak lapriyè avèk jèn».
An
nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jezi sòti al
rankontre disip li yo ki sètènman t’ap bay temwayay sou sa yo te wè ak sa yo te
tande sou Mesi a; pwotektè lalwa yo menm bò kote pa yo pa t’ janm rive aksepte
Jezi se te Mesi a. Men tout lòt moun ki te la yo t’ap koute ak anpil atansyon;
lè yo te wè Jezi, yo te kouri al rankontre l’ paske yo te wè ak je yo sa yo
t’ap tande yo.
Se konsa te gen yon nonm ki te nan mitan foul
la, ki te deside tante chans prezante pwoblèm li bay Jezi, malgre l’ te konnen
ke sa l’ fè a ka fè yo griyen dan sou li epi pase l’ nan jwèt, paske menm disip
Jezi yo te deja tante chans kanpe l’ depi nan wout. Kounye a nou ka konprann
poukisa lè Jezi te rive tout moun te kouri sou li; donk sèl temwayaj disip yo
pa t’ sifi pou moun yo te kwè san wè. Jezi te santi l’ boulvèse devan sitiyasyon sa epi
li te pran konpasyon pou jenòm nan.
Apot Jak, nan lekti jodi a, ap pale nou de sajès. Nan dimansyon sa a nou ka
dekouvri kèk karakteristik yon savan : se yon moun ki saj, li pa bezwen fè
piblisite, nan sa l’ap fè yo ka dekouvri ki moun li ye,li senp, li gen imilite,
li pa janm vante tèt li ni li pa janm kwè a san pou san nan sajès li genyen
an ; li gen kapasite pou reflechi avan li aji, li toujou kwè sa l’ genyen
an se yon ti kras bagay paske paske li konnen Bondye konnen plis pase li epi ka
gen lòt moun ki pi save pase li. Se pou sa, yon moun ki kwè li konn tout bagay,
li se yon mantè.
Nou raple nou pèsonn pa dwe leve tèt devan Bondye ni vante tèt li, paske
moun ki leve tèt, Bondye fè l’ bese l’ ; epi moun ki bese tèt Bondye fè l’
leve l’. Yon moun ki saj, ki byen edike toujou konprann fòs li limite, li
konnen se Jezi ki sous verite ak sajès. Li enpòtan pou nou sonje, nou menm kretyen,
nou toujou nan pwosesis konvèsyon, paske menm si nou ta gen entansyon fè sa ki
byen, nou dwe sonje nou frajil, nou kapab toujou tonbe. Nou ka viv nan manti ak
yon sajès pwofesyonèl ki sòti sou tè a, paske lènmi an tèlman malen, li konn
tout sa pou l’ fè pou l’ genyen batay la pandan l’ap fè ou panse ke se pi bon
chemen an.
Se pou Granmèt la kontinye konble nou ak sajès li pou nou ka kontinye
travay li a.
LAPRIYÈ:Bondye Granmèt, fè nou gras bon konprann ou an pou nou ka konstwi yon mond
ki miyò pou byen tout frè ak sè nou yo.
PWOPOZISYON: M’ap eseye aji ak sajès,
m’ap pran plis tan pou mwen koute olye mwen pale.
No hay comentarios:
Publicar un comentario