Koulè Blan
PREMYE LEKTI
“Li te rete lakay yo, li t’ap travay, li t’ap diskite nan kay reyinyon an”.
NAN TRAVAY APOT YO 18, 1-8
Nan jou sa yo:
Pòl kite Atèn, li rive Korent; li
jwenn yon Juif yo rele Akila, se moun Pon, li te fèk sot an Itali, avèk Prisil
madanm li (paske Klod te pase lòd pou tout Juif yo kite Wòm), li al jwenn yo.
Kòm se menm metye yo te genyen, li ret lakay yo, l’ap travay; se joupa yo te
konn fè. Li t’ap diskite nan kay reyinyon an chak saba, li poze non Granmèt
Jezi, li t’ap eseye konvenk Juif yo ak Grèk yo.
Lè Silas ak Timote rive sot Masedwán,
Pòl mete tout fòs li nan pawòl la, l’ap sèvi temwen devan Juif yo, Jezi se Kris
la. Yo menm yo kontredi l’, yo joure l’, li souke rad li, li di yo: "San
nou sou tèt nou; mwen menm mwen pwòp, apati koulye a se kot nasyon yo m’a
prale".
Li sot la, li antre nan kay yon moun
yo rele Titis Jistis, yon moun ki adore Bondye, kay li te tou kole ak kay reyinyon
an. Krispus menm, chèf kay reyinyon an vin kwè nan Granmèt la avèk tout kay li,
anpil Korentyen lè yo tande l’, yo kwè, yo resevwa batèm.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
97, 1. 2-3ab. 3cd-4
R/ Devan fas nasyon yo Granmèt la
devwale delivrans li a.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt
la, poutèt mèvèy li fè. Men dwat li sove pou li, bra li ki
sen an.R.
Granmèt la fè konnen delivrans li a,
devan fas nasyon yo li devwale jistis li a. Li sonje kè sansib li, ak verite l’
pou kay Izrayèl la.R.
Tout limit tè a ap wè delivrans
Bondye nou an. Bat bravo pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
LEVANJIL
"Nou gen chagren, men
chagren nou an ap vin tounen kè kontan".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 16, 16-20
Lè sa a:
Jezi di patizan l’ yo: "Yon ti moman ankò, epi nou p’ap wè m’: epi
yon lòt ti moman ankò, epi n’ap wè m’, paske m’a pral kay Papa a".
Gen nan patizan l’ yo ki t’ap di antan youn ap pale ak lòt: "Ki
bagay sa a l’ap di nou an: “Yon ti moman ankò, epi nou p’ap wè m’; epi yon lòt
ti moman ankò, epi n’ap wè m”, epi “M’a pral kay Papa a”? Konsa yo t’ap di: “Ki
bagay sa a l’ap di a: “Yon ti moman ankò a? Nou pa konn kisa l’ap di a”.
Jezi konnen yo te vle poze l’ kesyon, li di yo: “Se sou bagay sa a n’ap
chèche antre nou, poutèt mwen di: “Yon ti moman ankò, epi nou p’ap wè m’; epi
yon lòt ti moman ankò, epi n’ap wè m’.
An verite, an verite mwen di nou, n’ap plenn, n’ap kriye, nou menm; men
tè a ap kontan. Nou menm n’ap nan chagren, men chagren nou an ap vin tounen kè
kontan.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, Legliz ba nou
posiblite yon lòt fwa ankò pou n’ reflechi sou misyon nou kòm kretyen, kòm
batize, misyon sa ki mande nou sèvi Jezikri temwen tout kote nou pase sou tè a.
Nan sans sa nou jwenn nan entèvensyon Pòl nan sinagòg la yon nouvo fason
pou n’ reyalize misyon sa. Liv travay Apot yo pale nou sou fason Pòl t’ap
diskite nan sinagòg la, li t’ap eseye konvenk Juif yo ak Grèk yo. Men si nou
plase l’nan kontèks li n’ap konprann mo “diskite”
a gen yon sans “preche”. Kidonk, Pòl t’ap sèvi Jezi temwen nan yon kominote
kote moun yo pa t’ twò akeyi ni li menm ni mesaj li t’ap transmèt la.
Vrèman vre, Pòl te gen yon foug ak detèminasyon pou l’ preche devan yon
pèp ki te trè pwisan nan epòk sa, lè nou li pasaj sa san n’ pa reflechi sou
kisa yon jwif ak yon grèk te reprezante nan tan sa nou ka pa rive dekouvri
pwofondè mesaj la: konvenk yon jwif ki te reprezante yon gwo savan, se pa t’
yon bagay ki te fasil, men Apot Pòl pa t’ wè sa yo kòm obstak paske li te ale
jiskobou.
Frè ak sè m’ yo, nan kòmansman Levanjil Sen Jan Jezi di nou: “mwen vini pou m’ bay temwayaj ak laverite a”
(Jan 18,33-35). Sa vle di, nou menm tou ki se disip-misyonè Kris la, nou dwe fè
menm jan an. Vrèman vre, pafwa, sa
mande anpil kouraj pou yon moun vin yon vrè temwen nan fidelite Levanjil la, nan
mond sa n’ap viv la, ki plen ak move santiman ak menas, ak enkonpreyansyon.
Se pou Bondye konble nou ak gras li pou nou sèvi li nèt ale menm si sa mande
nou anpil sakrifis. Se pou Lespri li a abite nan
nou epi rete ak nou toutan.
LAPRIYÈ : Bonbye Granmèt, se pitit ou nou ye. Se ou menm ki te kreye nou. Gade
pèp ou a k’ap lapriyè w’ jounen jodi a. Ou konnen ki sa n’ap mande ; ou
konnen tout sa nou bezwen. Tanpri souple Papa, voye Lespri renmen ou an sou
nou, konsa n’a renmen jan ou mande a. Nou mande ou sa pa pouvwa Jezikri Granmèt
nou an.
PWOPOZISYON : An nou fè travay
Granmèt la pandan n’ap tann li retounen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario