Koulè Blan
SEN JAN
D’AVILA, PRÈT (MEMWA)
PREMYE LEKTI
"Mwen
gen yon gran pèp nan lavil sa a".
NAN TRAVAY
APOT YO 18, 9-18
Pandan Pòl te Korent, Granmèt la di
l’ yon nuit nan vizyon: "Pa pè, se pou ou pale, pa pe bouch ou. Paske mwen
avèk ou, pèsòn p’ap poze men sou ou pou yo fè ou kichòy, sèke mwen gen yon pèp
ki anpil pou mwen nan vil sa a". Li rete la yon ane ak sis mwa, l’ap
anseye pawòl Bondye a lakay yo. Pandan Galyon te prefè Lagrès, Juif yo met
ansanm yo fè konplo kont Pòl, yo kondui l’ nan tribinal, yo di: "Sila a
ale kont lalwa a, l’ap pran tèt moun yo pou yo adore Bondye". Pòl menm te
kòmanse ap louvri bouch li, Galyon di Juif yo: "Si se te yon krim oubyen
yon move aksyon, mesye Juif yo, mwen ta pran ka nou byen; men si se kesyon sou
mo ak non ak lalwa nou an, se nou menm ki pou wè sa; mwen pa vle jij bagay sa
yo". Li ranvwaye yo sot nan tribinal la. Tout moun sezi Sostèn, chèf kay
reyinyon an, yo kòmanse frape l’ devan tribinal la, Galyon menm pa okipe yo.
Kanta Pòl, li te rete ankò kèk jou, aprè sa li kite frè yo, li navige pou
Lasiri (Prisil avèk Akila te avèk li). Li te fè koupe cheve l’ Sankre; paske li
te fè yon ve.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
46, 2-3. 4-5. 6-7
R/ Bondye wa tout tè a.
Tout nasyon yo, se pou nou bat
bravo, fè lwanj pou Bondye avèk kè kontan. Paske Granmèt la ki anwo nèt la, li
terib, wa ki gran anlè tout tè a.R.
Li mete pèp yo anba lòd nou, ak
nasyon yo anba pye nou. Li chwazi eritaj nou pou nou, bèlte Jakòb la, sila a li
renmen an. Bondye monte nan gran fèt, Granmèt la monte nan son klewon; fè lwanj
pou Bondye, fè lwanj; fè lwanj pou wa nou an, fè lwanj.R.
LEVANJIL
"Kè
kontan nou an, pèsòn p’ap wete l’ sot nan nou".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 16, 20-23a
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"An verite, an verite mwen di
nou, n’ap kriye, n’ap plenn, tè a menm ap nan kè kontan. N’ap gen lapenn, men
lapenn nou an ap vin tounen kè kontan. Yon madanm k’ap anfante, li nan lapenn,
paske lè l’ rive; men lè l’ fin fè pitit la, li pa sonje soufrans la ankò akoz
kè kontan an, paske yon moun fèt sou tè a. Konsa nou menm tou koulye a nou gen
lapenn; men m’ap wè nou ankò, kè nou ap kontan, kè kontan nou an, pèsòn p’ap
pran l’ sot nan nou. Jou sa a nou p’ap mande m’ anyen".
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, nou pi pre fèt Lasansyon an,
ke n’ap fete dimanch. Sou dis jou an kò, n’ap fete Lapannkot. Antan n’ap reviv
Senak la, nou kontanple Manman Jezi, Manman Bon Konsèy la k’ap konvèse ak Apot
yo. Yon konvèsasyon sense e ki gen anpil riches! Yo sonje tout kè
kontan yo te pataje ak Mèt la. Jounen kè kontan Pak yo, Lasansyon ak pwomès
Jezi te fè yo. Soufrans Lapasyon an vin tounen gwo kè kontan. Se yon bèl
anbyans y’ap viv nan Senak la! Yo gen lespwa tout bagay pral chanje se sa Jezi
te di yo!
Frè ak sè m’ yo, nou
menm nou konnen Mari, ki se Rèn Apot yo, Madanm Lespri Sen an, Manman Legliz la
k’ap pran nesans la, l’ap gide nou pou nou resevwa kado ak fwi Lespri Sen an.
Nou menm
tou, Granmèt la pwomèt nou l’ap fè fatig nou yo tounen kè kontan: «Kè nou ap kontan, kè kontan nou an, pèsòn p’ap pran l’ sot
nan nou» (Jan 16,22).
Pandan tout semèn sa a, litiji a pral pale nou sou
rajenisman, kè kontan, yon kè kontan ki sèten e ki la pou toutan. Se konsa n’ap
kenbe kontak ak Bondye nan lapriyè. Se pou nou fè kè nou kontan paske lajwa fè
pati cheminman nou. Konsa tou, se pou nou priye pou lòt yo ka gen kè kontan sa
a. E se pou nou travay pou kè kontan sa a tounen yon reyalite tout bon nan
anviwònman nou.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri fè nou louvri
kè nou bay Lespri Sen an pou li kapab ranpli nou ak lajwa. Pa pouvwa Jezikri.
Amèn.
PWOPOZISYON: Si w’ aksepte soufri ak Jezi, w’a pote
laviktwa ansanm ak li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario