Koulè Blan
PREMYE LEKTI
“Apolon te
fè wè daprè Labib kijan Jezi se Kris”.
NAN TRAVAY APOT YO 18, 23-28
Aprè kèk tan li pase Antyòch, Pòl
pati, li travèse rejyon Galasi a ak Friji a youn aprè lòt, l’ap bay tout disip
yo asirans.Te gen yon Juif yo te rele Apolon, yon moun Aleksandri, ki te konn
pale byen, li rive Efèz, li te fò nan Labib. Li te gen konesans chemen Granmèt
la; li te gen chalè lespri nan pawòl li, li t’ap bay lansèyman sou Jezi yon
fason ekzak, men se batèm Jan an sèlman li te konnen. Li kòmanse
met aktivite avèk asirans nan kay reyinyon an. Lè Prisil
avèk Akila tande l’, yo pran l’, yo montre l’ chemen Granmèt la yon fason pi
ekzak ankò. Kòm li te vle ale Lagrès, frè yo mete ankourajman, yo ekri disip yo
pou yo resevwa l’. Lè l’ rive, li bay fidèl yo gran konkou. Sèke li t’ap
kontredi Juif yo an piblik, antan l’ montre daprè Labib Jezi se Kris.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
46, 2-3. 8-9. 10
R/
Bondye wa
tout tè a.
Tout nasyon yo, se pou nou bat
bravo, fè lwanj pou Bondye avèk rèl kè kontan. Paske Granmèt la ki anwo nèt la,
li terib, wa ki gran anlè tout tè a.R.
Paske Bondye se Wa tout tè a, fè
lwanj avèk sajès. Bondye wa sou nasyon yo, Bondye chita sou fotèy li ki sen an.R.
Chèf pèp yo rasanble, ansanm ak pèp
Bondye Abraam nan, paske zam defans yo sou tè a, se pou Bondye: li leve byen
wo.R.
LEVANJIL
"Papa a
renmen nou, paske nou renmen m’, epi nou kwè nan mwen".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 16, 23- 28
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"An verite, an verite mwen di
nou, si nou mande Papa a kichòy o non m’, l’ap ba nou l’. Jous koulye a nou pa
mande anyen o non m’. Mande, n’ap jwenn, pou kè nou kapab kontan nèt. Bagay sa
yo se an parabòl mwen te pale nou yo. Lè a rive, se pa an parabòl ankò m’ap
pale avèk nou, men se aklè m’ap anonse nou sa k’ konsène Papa a. Jou sa a n’ap
mande o non m’; mwen pa di nou m’ap lapriyè Papa a pou nou. Papa a li menm li
renmen nou, paske nou renmen m’, epi nou kwè se nan Bondye mwen sòti. Mwen sòti
nan Papa a, mwen vini sou tè a; m’ap kite tè a ankò pou m’ ale kay Papa
a".
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, Jezi Granmèt
nou an ba nou asirans si nou mande Papa a nan non li, n’ap jwenn sa nou mande
a. Kisa pawòl sa vle di? Mande nan non Jezi vle di kwè nan li, kwè nan pwisans
li, kwè li se Bondye, kwè ke li ka fè tout bagay. Nan lamès, aprè chak lapriyè,
pè a pwononse pawòl sa yo : «Nou mande ou sa pa pouvwa Jezikri Granmèt nou
an ».Se yon pawòl ki plen fòs; se yon pawòl lafwa. Atravè pawòl sa a Jezi
ap mande nou pou nou kwè nan li pi plis toujou ; l’ap mande nou pou nou
kole sou li pi plis toujou.
Anpil fwa nou pa ka wè fwi lapriyè nou yo, se
paske nou pa priye ak lafwa ; nou manke konviksyon nan lapriyè nou yo.
Lapriyè pa mache san lafwa. Ebyen frè m’ak sè m’ yo, fòk nou mande ak anpil
konfyans. Se Jezi menm ki di nou nan Pawòl li si lafwa nou gwo tankou yon grenn
moutad n’ap di mòn yo deplase epi y’ap obeyi. Sa mande nou pou kwè nan Jezi ki
se pitit Papa a.
Zanmi
Bondye yo, nou konnen trè byen ke nou pa ka di nou kwè nan Granmèt la
san nou pa fè travay li mande nou pou nou fè a. Nou konnen trè byen ke lafwa pa
mache san aksyon. Se nan zèv nou yo n’ap montre nou kwè nan Granmèt la tout bon
vre. Nan premye lekti a, Pòl ki t’ap bay Bòn Nouvèl la tout kote li pase, li ba
nou yon ekzanp sou fason nou dwe fè apostola, sou fason nou dwe fè disip pou
Jezi. Konsa tou, nou remake yon jwif ki rele Apolon ki t’ap anonse pawòl la
tout kote li pase. Konsa nou menm tou, nou dwe viv selon sa nou kwè a; nou dwe
anonse sa nou kwè a.
Jodi a, nan yon mond ki make ak lespri
materyalis la, yon mond ki tounen sè vyolans, pèsekisyon ak zak teworis, nou menm kretyen, nou dwe rete debou, pou nou anonse
Rèy delivrans lan. Se pou Lespri Bondye a anime nou nan gwo konba sa a.
LAPRIYÈ : Bondye Papa, ou
menm ki gen tout pouvwa, vire je w’ gade pèp ou a k’ap lapriyè w’. Tanpri
souple Papa, voye fòs Lespri Sen ou an vin antre nan feblès nou pou nou kapab
ret kole sou ou pi fèm toujou ; nou mande ou sa pa pouvwa Jezikri Granmèt
nou an.
PWOPOZISYON : An nou prezante
pwoblèm pèsonèl nou ak pwoblèm kominote nou yo bay Bondye Papa a nan non Jezi,
konsa n’a jwenn sekou nan men li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario