Koulè Blan
DIMANCH ASANSYON GRANMÈT LA
ASANSYON
GRANMÈT LA
PREMYE LEKTI
"Pandan
y’ap gade l’, li leve".
NAN TRAVAY APOT YO 1, 1-11
Mwen te fè yon premye liv, Teofil,
sou tout sa Jezi te kòmanse fè ak sa l’ te aprann, jous nan jou, lè l’ te pase
Apot yo lòd la pa pouvwa Lespri Sen an, yo menm li te chwazi a, li monte; yo
menm li te parèt devan yo byen vivan an aprè soufrans li a avèk anpil prèv,
pandan karant jou li parèt devan yo, l’ap pale yo sou rèy Bondye a.
Pandan l’ap manje, li pase yo lòd
pou yo pa kite Jerizalèm, men pou yo tann reyalizasyon pwomès Papa a, li di
"sa nou te tande nan bouch mwen an; sèke Jan te batize nan dlo, men nou
menm se nan Lespri Sen an n’ap resevwa batèm, nan kèk jou".
Sila yo te rasanble yo, yo t’ap poze
l’ kesyon, yo t’ap di: "Granmèt, èske se nan tan sa a w’ap refè rèy
Izrayèl la?" Li di yo: "Se pa nou menm k’ap konnen tan ak moman Papa
a deside nan pouvwa l’; men n’ap resevwa fòs Lespri Sen an k’ap vini sou nou,
n’ap sèvi m’ temwen Jerizalèm, nan tout Lajide ak Lasamari, epi jous nan bout
tè a".
Kon l’ fin di sa, pandan y’ap gade
l’, li monte; yon nyaj kache l’ devan je yo. Kòm yo t’ap gade l’a prale nan
syèl la, gen de mesye ki vin kanpe bò kote yo, abiye tout an blan, yo di:
"Mesye Galileyen yo, poukisa nou kanpe ap gade nan syèl la? Jezi sa a yo
pran nan men nou an nan syèl la, se konsa l’ap vini menm jan nou wè l’ ale nan
syèl la".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
46, 2-3. 6-7. 8-9
R/ Bondye monte nan gran fèt, Granmèt
la monte nan son klewon.
Tout nasyon yo, se pou nou bat
bravo, fè lwanj pou Bondye avèk rèl kè kontan. Paske Granmèt la ki anwo nèt la,
li terib, wa ki gran anlè tout tè a.R.
Bondye monte nan gran fèt, Granmèt
la monte nan son klewon. Fè lwanj pou Bondye, fè lwanj; fè lwanj pou wa nou an,
fè lwanj.R.
Paske Bondye se wa tout tè a, fè
lwanj avèk sajès. Bondye wa sou nasyon yo, Bondye chita sou fotèy li ki sen an.R.
DEZYÈM LEKTI
"Li enstale
l’ adwat li nan syèl yo".
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN POU EFEZYEN
YO 1, 17-23
Frè m’ yo:
Bondye Granmèt nou Jezikri, Papa
bèlte a, se pou l’ ba nou Lespri sajès ak revelasyon nan konesans li; se pou l’
klere je kè nou, pou nou konnen ki espwa rele li rele nou an genyen, ki richès
bèlte eritaj li a pou sen yo, ki grandè ekstrawòdinè pouvwa li a nan nou menm
ki kwè yo, daprè aktivite fòs pouvwa l’, sa l’ deplwaye nan Jezikri a, antan l’
leve l’ sot nan pami mò yo, li enstale l’ adwat li nan syèl yo, anlè tout chèf,
pouvwa, otorite ak kòmandman, ak tout nan yo kapab nonmen non sèlman nan syèl
sa a, men nan sa k’ap vini an tou.
Li mete tout bagay anba pye l’, li
mete l’ kòm tèt anlè tout Legliz la, Legliz sa a ki kò l’ la, sa l’ plen an, li
menm ki reyalize tout bagay nan tout moun.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
Pandan l’ap
beni yo, li monte nan syèl la".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 24, 46-53
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Se konsa sa te ekri, se konsa
Kris la te gen pou l’ te soufri, pou l’ te leve sot nan pami mò yo sou twazyèm
jou a, pou yo preche o non l’ chanjman konduit ak padon peche yo nan tout
nasyon, kòmanse depi Jerizalèm. Nou temwen bagay sa yo.
Mwen menm m’ap voye pwomès Papa m’
nan nan nou; nou menm menm se pou nou rete nan lavil la, joustan nou vlope ak
pouvwa ki sot anwo a".
Li mennen yo dèyè, Betani, li leve
men l’, li beni yo. Rive, pandan li t’ap beni yo, li kite yo, li monte nan syèl
la. Yo menm yo adore, yo tounen Jerizalèm avèk gran kontantman, tout tan yo te
nan kay sakre a, yo t’ap fè lwanj, yo t’ap fè konpliman pou Bondye. Amèn.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a se Dimanch
Asansyon Granmèt la. Aprè Jezikri te mouri epi l’ leve ankò, li te fè 40 jou
nan mitan Apot ak disip li yo epi aprè sa li te kite latè pou monte nan syèl
la. Se sa yo rele Asansyon, epi se sa menm n’ap fete jodi a. Si Papa Bondye te
fè Jezi al jwenn li nan syèl la aprè l’ mouri epi li leve ankò, se yon jan l’ap
fè nou konprann si l’ dakò ak tout sa Jezi te fè pandan l’ te nan mitan nou. Lè
fini, kòm Pitit Bondye a se gran frè nou, Asansyon li a se yon pwomès pou nou
tout, se yon lespwa nan lavi etenèl pa nou an. Menm tan tou, si Jezi te kite
latè, sa pa vle di li abandone zanmi li yo. Se pa lage li lage nou. Okontrè,
fèt jodi a se yon preparasyon pou yon lòt fèt ki pi gwo toujou, ki se fèt
Pannkòt, lè Granmèt la te voye Lespri Sen li an sou latè. Lespri Sen an, se
Lespri Jezikri li ye. Sa vle di, Jezi toujou la nan mitan nou. Sèl sa k’ chanje
se fòm prezans li a. Gran frè nou an vle pou nou menm kontinye travay li a onon
li, ak Lespri pa l’ nan lespri pa nou. Depi yon kretyen aji jan Jezi te konn
aji, nou kapab di se Jezi menm ki toujou sou latè.
Nan chak epòk,
Bondye ap montre nou jan l’ renmen nou. Men sa pa vle di se yon sèl fason li fè
l’. Gen yon pwosesis. Avan tan Jezi a, te gen
pwofèt yo ki t’ap anonse l’. Aprè sa, Granmèt la te tounen yon ti bebe,
ki te grandi nan mitan pèp la. Aprè li mouri, li te leve ankò, epi kèk jou
aprè, li monte nan syèl la avan l’ te voye Lespri Sen li an. Nan chak pa, nan
chak etap, se yon Bòn Nouvèl l’ap ba nou.
LAPRIYÈ : Mèsi
Granmèt pou tout mèvèy ou fè pou fè nou wè jan ou renmen nou. Mèsi pou gwo
flanm lespwa sa ou limen nan kè nou antan n’ap fete Asansyon Jezi a, nou kontan
lespwa sa reprezante pou nou, epi n’ap mande ou fè n’ konprann ke ou p’ap janm
abandone nou.
PWOPOZISYON : Aswè a, m’ap fè
yon ti reflechi sou kijan Bondye te montre m’ prezans li a nan lavi m’ pandan
jounen an.
No hay comentarios:
Publicar un comentario