Koulè Blan
PREMYE LEKTI
"Èske nou
te resevwa Lespri Sen an lè nou te kwè a"?
NAN TRAVAY APOT YO 19, 1-8
Pandan Apolon te Korent, Pòl travèse rejyon anwo yo, li
rive Efèz, li jwenn kèk disip. Li di yo: "Èske nou te resevwa Lepri Sen an
lè nou te kwè a"? Yo di l’: "Nou pa menm tande pale sou Lespri Sen
an". Li di: "Nan ki sa nou te batize"? Yo di:
"Nan batèm Jan an". Pòl di: "Jan te batize pèp la nan batèm
penitans, antan li te di pou yo kwè nan sila a ki gen pou l’ vini aprè l’ la,
sila a menm sa vle di nan Jezi".
Lè yo tande sa, yo batize o non Granmèt
Jezi. Lè Pòl poze men sou yo, Lespri Sen an vin sou yo; yo t’ap pale nan lang,
yo t’ap fè deklarasyon pwofèt. Tout mesye yo te apeprè douz. Li antre nan kay
reyinyon an, li pale avèk asirans pandan twa mwa, l’ap diskite, l’ap bay prèv
sou rèy Bondye a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
67, 2-3. 4-5ac. 6-7ab
R/
Rèy tè yo,
chante pou Bondye.
Bondye leve, se pou lènmi l’ yo
gaye; se pou sila yo ki rayi l’ yo sove kò yo devan fas li. Tankou lafimen
gaye, ou gaye yo; tankou lasi fonn devan fas dife, konsa moun peche yo peri
devan fas Bondye.R.
Se pou moun ki kòrèk yo fè kè yo
kontan, pou yo danse devan Bondye, se pou yo jwi nan kè kontan. Chante pou
Bondye, di kantik pou non l’; Granmèt la se non l’ sa.R.
Papa òfelen yo ak jij vèv yo, Bondye
nan lakay li ki sen an. Bondye ki fè pòv yo abite nan yon kay, ki kondui
prizonye yo nan richès.R.
LEVANJIL
"Pran
konfyans, mwen ranpòte laviktwa sou tè a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 16, 29-33
Lè sa a:
Disip yo di Jezi: "Koulye a
menm w’ap pale klè, ou pa di anyen an parabòl. Koulye a nou konnen ou konnen
tout bagay, pèsòn pa bezwen poze ou kesyon: konsa nou kwè se nan Bondye ou
sòti". Jezi reponn yo: "Koulye a nou kwè? Men lè a ap rive, li deja
rive, chak moun ap gaye kote pa l’, n’ap kite m’ pou kont mwen; men mwen pa pou
kont mwen, paske Papa a avèk mwen. Mwen di nou bagay sa yo pou nou gen lapè nan
mwen. Sou tè a n’ap gen tray, men, konfyans, mwen ranpòte
laviktwa sou tè a".
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a nou gen enpresyon moun yo prèske pa gen lafwa
nan Jezi ankò nan mond nou an. Gen twòp enfòmasyon k’ap sikile kont sipò moral
n’ap chèche nan yon lavi ki fonde sou Pawòl Bondye a. Valè sosyete konsomasyon
an kapitalis la, plezi lachè a se bagay ki alamòd e ki ale nan sans kontrè ak
tout sa ki ta kapab makonnen ak ekzijans Levanjil la.
Poutan, pakèt valè sa yo ak mòd lavi sa yo, yo pa ni
ede moun nan devlope nan nivo pèsonèl, ni ba li lapè nan kè ak lespri li;
okontrè se malè, enkyetid ak angwas yo pote. Èske nou pa kwè se akoz tout bagay
sa yo ke moun yo nan lari, yo fèmen sou yo menm, y’ap viv ak enkyetid pou avni
yo ki pa klè, paske yo mize lavi yo sou pri yon bèl machin, yon apatman oubyen
vakans ke yo pa kapab peye?
Pawòl Jezi yo envite nou gen konfyans: «
Men, konfyans, mwen ranpòte laviktwa sou tè a»
(Jan 16,33), sa vle di, akoz Soufrans li, Lanmò li ak Rezireksyon li, li jwenn
lavi k’ap dire pou tout tan an, lavi ki san obstak la, lavi ki san limit la,
paske li te venk tout limit yo e li te depase tout difikilte yo.
Moun ki pou Kris la ap gen laviktwa sou tout difikilte
menm jan ak li, menm si nou dwe pase nan divès lanmò ak rezireksyon youn apre
lòt, bagay nou pa vle, men ke nou soufri nan menm Mistè Pak Kris la. Èske lanmò
yon zanmi se pa lanmò? Separasyon ak yon moun ke nou renmen anpil? Echèk yon
pwojè oubyen konfwontasyon ak limit oubyen frajilite nou kòm moun? San dout sa
fè nou soufri.
Men « sou tout bagay sa yo, nou genyen batay
la nèt ale, gremesi moun ki renmen nou an» (Wom 8,37). Se pou nou temwaye
lanmou Bondye a, paske « Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil
bèl bagay »
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri fè semans lavi toutan nou te resevwa nan batèm nan
grandi nan nou pou pou li kapab pote fwi nan lavi nou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON:M’ap revize
atitid ak konpòtman mwen yo pou mwen kapab chanje tout sa ki fè mwen kanpe lwen
limyè verite a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario