Páginas

MADI 10

Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Mwen fini kous mwen, ak sèvis pawòl la mwen te resevwa nan men Granmèt Jezi a».
LEKTI TRAVAY APOT YO
20, 17-27
Jou sa yo:
Antan Pòl Milè, li voye Efèz pou yo rele chèf Legliz yo. Lè yo rive kote l’, yo te rasanble, li di yo:
"Nou konnen, depi premye jou mwen antre nan Lazi a, kijan mwen te aji avèk nou pandan tout tan, antan m’ap sèvi Granmèt la avèk Lespri m’ byen ba, avèk dlo nan je, avèk tray yo ki te rive m’ nan konplo Juif yo; kijan mwen pa t’ neglije anyen ki te kapab sèvi nou, pandan m’ap anonse nou mesaj la, m’ap anseye nou an piblik ak nan kay yo, antan m’ap bay Juif yo ak nasyon yo temwayaj pou yo chanje vin jwenn Bondye, pou yo met lafwa nan Granmèt nou Jezikri.
Koulye a menm men mwen mare nan Lespri a m’a pral Jerizalèm, san m’ pa konn anyen nan sa k’ gen pou yo rive m’ yo; sof Lespri Sen an avèti m’ nan tout vil, li di: «Se chenn ak tray k’ap tann mwen Jerizalèm". Men mwen pa pè bagay sa yo, mwen pa konsidere lavi m’ gen plis enpòtans pase m’, yon fwa mwen fini kous mwen an, ak sèvis pawòl la, sa m’ te resevwa nan men Granmèt Jezi a, pou m’ sèvi Levanjil favè Bondye a temwen.
Koulye a men mwen konnen nou p’ap wè fas mwen ankò, nou tout, kote mwen te pase antan m’ap preche rèy Bondye a. Se pousa mwen avèti nou jodi a menm mwen inosan pou san tout moun. Mwen pa t’ konn rale kò m’ chak fwa mwen te dwe anonse nou tout avètisman Bondye.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 67, 10-11. 20-21 (r.: 33a)
R/ Rèy tè yo, chante Bondye.
Se yon lapli favè ou te vide, Bondye; eritaj ou a ki fèb la, ou te refè l’.
Vivan ou yo te abite ladan l’, ou te pare l’ pou pòv la nan bon kè ou, Bondye.R.
Konpliman pou Granmèt la chak jou; Bondye delivrans nou yo ap pote nou.
Bondye nou, se Bondye k’ap sove nou; nan menm Granmèt la, pòt lanmò a ye.R.
LEVANJIL
"Papa, bay Pitit ou a bèlte a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 17, 1-l la
Lè sa a:
Jezi leve je l’ nan syèl la, li di: "papa, lè a rive, bay Pitit ou a bèlte a, pou Pitit ou a fè wè bèlte ou; menm jan ou te ba l’ pouvwa sou tout chè a, pou tout sa ou te ba li, li ba yo lavi tout tan an.
Mwen te fè wè bèlte ou sou tè a; mwen fini sa ou te ban m’ fè a. Koulye a ban m’ bèlte a, Papa, kote ou, bèlte sa a mwen te genyen an, anvan tè a te fèt la, kote ou la.
Mwen te fè moun yo wè non ou, yo menm ou te ban mwen sot sou tè a. Se pou ou yo te ye, ou te ban mwen yo; yo te kenbe pawòl ou a. Koulye a yo konnen tout sa ou te ban mwen yo, se nan ou yo sòti, paske ou ba yo pawòl yo ou te ban mwen an; yo menm yo resevwa yo, yo konnen reyèlman vre se nan ou mwen sòti, yo kwè se ou menm ki te voye m’.
Mwen lapriyè pou yo: se pa pou tè a mwen lapriyè, men pou sila yo te ban mwen yo; paske se pou ou yo ye. Tout sa m’ genyen se pou ou yo ye, epi sa ou genyen se pou mwen yo ye, epi mwen jwenn bèlte m’ nan yo. Mwen deja pa sou tè a, yo menm yo sou tè a, mwen menm m’ap vin jwenn ou".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Jodi a, Levanjil Sen Jan ke n’ap li depi kèk jou a, li kòmanse pale nou de «lè a»: «Papa, lè a rive» (Jn 17,1). Moman ki pi enpòtan an, moman bèlte a, moman kote Kris la ofri tèt li pou nou an…«Lè a» se yon reyalite envizib nan je moun; men o fi e a mezi nou dekouvri li nan pèspektiv lakwa a.
Lè a rive? Lè kisa? Lè a rive pou nou konnen non Bondye, sa vle di aksyon li, fason li dyaloge ak limanite, fason li pale ak nou atravè Pitit li, Kris la li renmen an.
Fanm ak gason k’ap viv nan tan sa a, moun ki konnen Bondye atravè Jezi («Mwen ba yo pawòl yo ou te ban mwen an»: Jn 17, 8), nou se temwen lavi, lavi Bondye ki grandi nan nou gras a sakreman batèm nan.
Se nan li nou jwenn lavi, se li ki fè nou bouje e se li ki fè nou sa nou ye; nan li nou jwenn pawòl ki nouri nou e ki fè nou grandi; nan Li nou dekouvri sa Bondye vle nan men nou: plenitid, reyalizasyon nou kòm moun, yon ekzistans ki pa chita sou kantamwa nou, men ki chita sou Bondye ak bèlte li. Tankou Sen Irene raple nou sa, «laglwa Bondye se moun vivan».
An nou fè lwanj ak konpliman pou Bondye pou lòm nan kapab rive nan plenitid li!
Nou deja make ak so Levanjil Jezikri a; an nou travay san pran souf pou nou fè lwanj ak konpliman pou Bondye, an nou mete nou nan sèvis lòt yo.
An nou pote lajwa kote ki gen tristès, an nou fè kè nou sansib pou sila yo ki pi fèb. An nou kite Bondye itilize nou pou pote lavi bay lòt yo.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, aprann nou kijan pou nou travay pou lavi ka boujonnen toupatou. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Tout ti jès konte depi li fèt ak renmen. An nou pa rete endiferan devan soufrans frè ak sè nou yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario