Koulè Blan
PREMYE LEKTI
"Mwen
rekòmande nou bay Bondye, ki gen pouvwa pou l’ bati nou, pou l’ ba nou eritaj
la".
NAN TRAVAY APOT YO
20, 28-38
Jou sa yo: Pòl t’ap di chèf
legliz Efèz yo:
"Fè atansyon nou, ni tout
bann mouton an, sa Lespri Sen an enstale nou kòm evèk sou li a pou nou kondui
legliz Bondye a, legliz sa a li te reprann ak san l’ nan. Mwen menm mwen konnen
lè m’ fin pati gen lou mechan k’ap antre nan pami nou, yo p’ap menaje bann
mouton an. Nan nou menm menm gen mesye k’ap leve, k’ap pale pawòl pèvèti, pou yo
trennen disip dèyè yo.
Se pousa, nou dwe veye, sonje
kijan pandan twazan lannuit kon lajounen mwen pa t’ sispann avèti chak moun nan
nou avèk dlo nan je. Koulye a menm mwen rekòmande nou bay Bondye ak pawòl favè
l’ la, ki gen pouvwa pou l’ bati nou, pou l’ ba nou eritaj nan pami tout sen
yo.
Lajan ak lò oubyen rad pèsòn
mwen pa t’ anvi sa, jan nou menm nou konnen an; paske sa m’ te bezwen, ak sila
yo ki te avèk mwen an, se men m’ sa yo ki te travay pou sa. Mwen te montre nou
tout bagay, se antan n’ap travay konsa pou nou soutni sa k’ fèb yo, pou nou
sonje pawòl Granmèt Jezi a ki te di: “Se plis chans pou moun ki bay pase sa k’
resevwa”.
Kon l’ fin di sa, li met jenou
atè, li lapriyè avèk yo tout. Tout moun t’ap kriye anpil, yo te lage kò yo nan
kou Pòl, yo t’ap anbrase l’, yo te gen anpil lapenn pou pawòl li te di a: yo pa
t’ap wè figi l’ ankò. Yo kondui l’ jous nan batiman an.
Pawòl Granmèt
la.
SÒM
REPONS 67, 29-30. 33-35a. 3b-36c
R/ Rèy tè yo, chante pou Bondye.
Kòmande, Bondye, ak fòs ou; asire
sa, Bondye, sa ou te reyalize nan nou an. Depi nan
kay sakre w’ la nan Jerizalèm se pou wa yo pote kado pou ou.R.
Rèy tè yo, chante pou Bondye,
chante kantik pou Granmèt la chante kantik pou Bondye, li menm ki monte anlè syèl
la nan direksyon solèy leve; men li leve vwa l’, vwa pouvwa l’. Bay Bondye
pouvwa a.R.
Sou Izrayèl grande l’, pouvwa l’
nan nyaj yo. Konpliman pou Bondye.R.
LEVANJIL
"Se
pou yo fè yon sèl tankou nou menm"!
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN
17, 11 b-19
Lè sa a: Jezi leve je l’ nan
syèl la, li lapriyè, li di:
"Papa ki sen, konsève yo
non ou, sila yo ou te ban mwen an, pou yo kapab fè yon sèl tankou nou menm. Lè
m’ te avèk yo a, mwen te konsève yo o non ou. Sila yo ou te ban mwen an, mwen
te veye sou yo, pèsòn nan yo pa peri, sof pitit pèdisyon an, pou Labib la te
kapab reyalize.
Koulye a menm m’ap vin jwenn ou,
m’ap di bagay sa yo sou tè a, pou yo kapab gen kè kontan m’ nan ki reyalize nan
yo menm. Mwen te ba yo pawòl ou a, tè a rayi yo, paske yo pa fè pati tè a,
tankou mwen menm pa fè pati tè a. Mwen pa lapriyè pou ou wete yo sot sou tè a,
men pou ou prezève yo sot nan sa k’ mal la. Yo pa fè pati tè a, tankou mwen
menm mwen pa fè pati tè a. Fè yo vin sen nan laverite a: pawòl ou a se
laverite. Tankou ou te voye m’ sou tè a, mwen menm tou mwen voye yo sou tè a.
Mwen konsakre tèt mwen pou yo, pou yo menm tou yo kapab vin sen nan laverite
a".
An nou fè lwanj
ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Atitid Pòl manifeste nan premye
lekti a, li sanble anpil ak atitid Jezi manifeste nan Levanjil la. Se atitid
Bon Pastè a. Se yon atitid ki montre kalite enkyetid Pòl (nan premye lekti a)
ak Jezi (nan Levanjil la) te genyen pou twoupo yo te genyen sou kont yo. Nou
p’ap bliye ke Pòl se sila a ki te fè gwo rankont ak Jezi li t’ap pèsekite
atravè disip li yo. Depi li te fè gwo rankont sa a sou wout Damas la, kote li
ta pral pèsekite kretyen yo, lavi li te chanje radikalman e li te tounen apot
Jezikri. Li te tounen mesaje Bòn Nouvèl ke li te refize tande avan an. Lè yon
moun rankontre ak Jezi, li pa menm moun nan ankò; men li tounen yon moun nouvo,
yon moun tou nèf; li pa kapab viv pou fè mond lan plezi ankò, men tout lavi li
se pou fè lwanj ak konpliman pou Bondye, pou di kijan Bondye bon, kijan li gen
mizerikòd ak konpasyon pou tout moun. Se eksperyans sa Jezi te fè, yon
eksperyans ki transfòme lavi li. Se sa k’ fè li te di “se pa mwen k’ap viv
ankò, men se Kris la k’ap viv nan mwen”.
Avan Pòl te pran batiman pou li
vwayaje sot lavil Efèz, li te eksprime enkyetid li bay chèf Legliz la yo ak
pawòl sa yo: “Fè atansyon nou, ni tout bann mouton an, sa Lespri Sen an enstale
nou kòm evèk sou li a pou nou kondui legliz Bondye a, legliz sa a li te reprann
ak san l’ nan”. Tandiske nan Levanjil la Jezi lapriyè pou kretyen yo kapab rete
soude youn ak lòt, pou yo viv nan renmen ak solidarite etan li di “Papa ki sen,
konsève yo nan ou, sila yo ou te ban mwen an, pou yo kapab fè yon sèl tankou
nou menm. Lè m’ te avèk yo a, mwen te konsève yo o non ou…”. Menm jan
tou, chak ane Legliz la gen yon jou ki konsakre pou lapriyè pou inite kretyen.
Zanmi mwen, ou menm tou ou gen pou ou travay pou inite sa a kapab tounen
yon reyalite nan fanmi nou yo, nan Legliz la, nan sosyete a. Se nou tout ki gen
gwo responsablite sa, pou nou travay pou tout pitit Bondye ki gaye rive mete
tèt ansanm pou konbat tout vye pwoblèm divizyon, egoyism, chirepit k’ap
depafini ak sosyete a. Lè nou rive mete tèt ansanm n’a pran konsyans nou se yon
sèl ras, yon sèl pèp nan pelerinaj sou tè a e ki genyen yon sèl destinasyon ak
yon sèl destine. Se pou inite sa a tounen yon reyalite
nan lavi nou jodi a e pou toutan gen tan.
LAPRIYÈ:
Jezi Granmèt, fè mwen tounen yon vrè
mesaje renmen, pou tè a kapab delivre anba tout viris rayisans ak divizyon k’ap
wonje li. Amèn.
PWOPOZISYON: Tounen
yon ajan linite ak renmen lakay ou, nan katye ou, nan travay ou oubyen biznis
ou, nan lekòl ou, nan sosyete a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario