Koulè Blan
PREMYE
LEKTI
"Ou
gen pou ou sèvi temwen a Wòm tou".
NAN TRAVAY APOT YO 22, 30; 23, 6-11
Jou sa yo:
Lyetnan an te vle konnen pi byen
poukisa Juif yo te akize Pòl la, li lage l’, li pase lòd pou fè prèt yo
rasanble ak tout tribinal la; li kondui Pòl, li mete l’ kanpe nan mitan yo.
Pòl menm te konnen gen yon pati
se te sadiseyen, lòt la se te farizyen, li rele byen fò nan tribinal la:
"Frè m’ yo, mwen se farizyen, pitit farizyen; se pou esperans ak leve
vivan mò yo y’ap jije m’".
Kon l’ di sa, vin gen divizyon
nan pami farizyen yo ak sadiseyen yo; foul la defèt. Sadiseyen yo di pa gen
leve vivan, ni mesaje, ni lespri; farizyen yo menm kwè nan tou lede. Vin gen
yon gran rèl, gen kèk farizyen ki leve, yo diskite, yo di: "Nou pa jwenn
anyen ki mal nan mesye sa a; si se yon lespri ki te pale avèk li a, oubyen yon
mesaje"?
Kòm diskisyon an t’ap vin pi
gran, lyetnan an te pè pou yo pa t’ chire Pòl, li pase sòlda yo lòd pou yo
desann, pou yo pran l’ sot nan mitan yo, pou yo kondui l’ nan prizon an.
Nan nuit ki suiv la, Granmèt la
kanpe kote l’, li di: "Pran kouraj; menm jan ou sèvi m’ temwen Jerizalèm
nan, se konsa tou w’ap sèvi m’ temwen a Wòm".
Pawòl Granmèt
la.
SÒM
REPONS 15, l-2a e 5. 7-8. 9-10. 11
R/ Prezève m’, Bondye, paske mwen espere nan ou.
Prezève m’, Bondye, paske mwen
espere nan ou. Mwen di Granmèt la: “Se Granmèt mwen ou ye, Granmèt, pòsyon
eritaj mwen ak kalis mwen: se ou menm ki kenbe destine mwen”.R.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la
ki ban m’ entelijans; menm nannuit ren m’ ban m’ leson. Mwen te mete Granmèt la
devan fas mwen toutan, paske li adwat mwen, mwen p’ap tranble.R.
Se pousa kè m’ kontan, tout
anndan fon kè m’ap danse; menm chè m’ poze nan esperans. Paske ou p’ap lage
nanm mwen nan lanfè a, ou p’ap kite sen w’ nan wè dekonpozisyon.R.
W’ap fè m’ konnen wout lavi yo,
kè kontan k’ap debòde avèk fas ou, plezi adwat ou jous pou toutan.R.
LEVANJIL
"Se
pou yo fè yon sèl nèt"!
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN
17, 20-26
Lè sa a: Jezi leve je l’ nan
syèl la, li lapriyè, li di:
"Papa ki sen, se pa pou yo
menm sèlman mwen lapriyè, men pou sila yo tou k’ap kwè nan mwen gras a pawòl yo
a, pou tout moun fè yon sèl, tankou ou menm, Papa, ou nan mwen, epi mwen nan
ou, pou yo menm tou yo fè yon sèl nan nou, pou tè a kwè se ou menm ki voye m’.
Mwen menm bèlte a ou te ban mwen
an, mwen ba yo l’, pou yo fè yon sèl tankou nou menm nou fè yon sèl la. Mwen
menm nan yo, epi ou menm nan mwen, pou yo fè yon sèl nèt, pou tè a rekonèt se
ou menm ki voye m’, epi mwen renmen yo, tankou ou renmen m’.
Papa, sila yo ou te ban mwen an,
mwen vle pou kote m’ ye a se la yo ye tou avè m’, pou yo wè bèlte m’ nan, sa ou
te ban mwen an; paske ou renmen m’ depi anvan tè a fèt.
Papa ki kòrèk, tè a pa t’
rekonèt ou; mwen menm mwen konnen ou, epi sila yo rekonèt se ou menm ki voye
m’. Mwen fè yo konnen non ou, m’ap fè yo konnen l’ ankò, pou renmen ou renmen
m’ nan, li kapab nan yo, ni mwen menm nan yo".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Pawòl Bondye pou jodi a envite nou
reflechi sou lapriyè. Levanjil jodi a vrèman enteresan, paske li montre nou
kòman lapriyè se yon bagay ki enpòtan anpil nan lavi yon kretyen. Li prezante
nou Jezi k’ap lapriyè. Si Jezi, ki se pitit Bondye ka pran tan pou li lapriyè,
se paske li konnen li enpòtan pou lavi yon kretyen. Nou menm
tou, de tanzantan, li bon pou nou pran ti tan espesyal sa a, osinon toutan nan
lavi chèche genyen atitid yon moun k’ap lapriyè. Viv tankou moun k’ap lapriyè
toutan pa vle di sèlman w’ap resite fòmil ou te aprann nan ti katechis oubyen
vèsè ki nan Labib la, men li kapab tou yon dispozisyon kote ou santi prezans
Bondye abite nan ou. Nan lapriyè Jezi a genyen anpil bèl bagay ki atire
atansyon nou e nou kwè ki enpòtan anpil nan lavi nou tankou kretyen. Nap
konsidere de nan yo:
Jezi mande pou moun k’ap gen pou
tande pawòl apot li yo gen pou pataje ak yo rive kwè nan li. Nou konstate li
jous konye a: genyen moun ki pa kwè nan pawòl Bondye a. Sa envite nou kontinye
fè menm lapriyè sa a, pou tout moun rive kwè nan Jezikri.
Jezi mande tou pou disip li yo
viv nan tèt ansanm, menm jan li menm ak Papa li ansanm ak Lespri a fè youn. Viv
nan tèt ansanm se yon gran defi pou nou menm jounen jodi a. Mwen kwè Jezi
kontinye ap lapriyè pou nou menm, pou nou sispan viv nan chirepit, men pou nou
rive byen konprann youn lòt, antann nou dekwa pou nou ka bay pi bon temwanyaj
Bòn Nouvèl la.
LAPRIYÈ: Granmèt
fè m’ lagras pou m’ viv nan tèt ansanm ak frè ak sè m’ yo, nou menm ki se disip
ou, dekwa pou plis moun ka rive kwè nan ou. Amèn!
PWOPOZISYON: Pandan
jounen an m’ap fè plis jefò pou m’ pi pozitif nan apwòch m’ap fè ak nan pataj
m’ap gen pou m’ fè ak frè m’ yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario