Páginas

VANDREDI 13

Koulè Blan
PREMYE LEKTI
"Jezi mouri, Pòl deklare li vivan".
NAN TRAVAY APOT YO
25, 13-21
Jou sa yo:
Wa Agripa ak Berenis te desann Sezare pou salye Festis. Kòm yo t’ap pase plizyè jou la, Festis pale ak wa a osijè Pòl, li di:
"Gen yon mesye Feliks kite isit la kòm prizonye; lè m’ te Jerizalèm, chèf prèt yo ak ansyen Juif yo vin jwenn moun, yo mande kondanasyon kont li. Mwen reponn yo, se pa abitid Women yo pou yo kondane yon moun, anvan moun sa a yo akize a, li gen moun ki akize l’ yo ki konparèt, pou l’ gen lokazyon defann tèt li pou l’ demontre akizasyon an pa vre.
Lè yo rasanble isit la san reta, mwen pran plas nan landmen nan tribinal la, mwen pase lòd pou yo mennen mesye a. Sila yo ki te akize l’ la, yo kenbe pozisyon yo, men yo pa prezante okenn kòz sou bagay mwen ta konsidere ki mal; se kèk kesyon sipèstisyon yo te genyen kont li avèk sou yon sèten Jezi ki mouri, epi Pòl deklare vivan.
Kòm mwen pa wè klè nan kesyon sa a, mwen te mande l’ si l’ ta vle al Jerizalèm pou yo jije l’ laba a sou bagay sa yo. Men Pòl mande pou yo kenbe l’ pou konesans Ogis, mwen pase lòd pou yo kenbe l’, joustan mwen voye l’ bay Seza".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 102, 1-2. 11-12. 19-20
R/ Granmèt la pare fotèy li nan syèl la.
Fè konpliman pou Granmèt la, nanm mwen; tout sa k’ andan m’, fè konpliman pou non l’ ki sen. Fè konpliman pou Granmèt la, nanm mwen, pa bliye tout sa l’ fè yo.R.
Sèke, otan syèl la wo anlè tè a, kè sansib li debòde sou sila yo ki respekte l’ yo; otan solèy leve lwen ak solèy kouche, li ranvwaye peche nou yo lwen nou.R.
Granmèt la pare fotèy li nan syèl la, rèy li ap kòmande sou tout bagay; fè konpliman pou Granmèt la, tout mesaje l’ yo, ki gen pouvwa ak fòs pou reyalize pawòl li a.R
LEVANJIL
"Okipe mouton m’ yo, okipe mouton m’ yo".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 21, 15-19
Lè Jezi te parèt devan disip li yo, li te manje avèk yo a, li di Simon Pyè: "Simon pitit Jan, èske ou renmen m’ plis pase sila yo"? Li di l’: "Wi, Granmèt, ou konnen mwen renmen ou". Li di l’: "Okipe ti mouton m’ yo". Li di l’ ankò: "Simon pitit Jan, èske ou renmenm"? Li di l’: "Wi, Granmèt, ou konnen mwen renmen ou". Li di l’: "Okipe ti mouton m’ yo". Li di l’ pou twazyèm fwa a: "Simon pitit Jan, èske ou renmen m’"? Pyè pran lapenn, paske li te di l’ twazyèm fwa a "Èske ou renmen m’"? Li di l’: "Granmèt, ou konnen tout bagay; ou konnen mwen renmen ou". Li di l’: "Okipe bann mouton m’ yo. An verite, an verite mwen di ou, lè ou te pi jèn, ou te konn mare ren ou, epi ou ale kote ou vle; men lè w’ap vin vye, w’ap lonje men ou, yon lòt ap mare ren ou, l’ap kondui ou kote ou pa vle". Li te di sa pou l’ montre ki kalite lanmò li t’ap sèvi pou l’ fè wè bèlte Bondye. Lè l’ fin di sa, li di l’: "Suiv mwen".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a nou dwe di Sen Jan mèsi pou istwa bèl konvèsasyon entim Jezi ak Pyè a ke li kite pou nou: «Simon pitit Jan, èske ou renmen m’ plis pase sila yo»? Li reponn: «Wi, Granmèt, ou konnen mwen renmen ou». Jezi di li: «Okipe ti mouton m’ yo» (Jn 21, 15).-
Ou dwe veye sou pi piti yo, sila yo ki pran nesans nan lavi gras la, kòmsi se te mwen menm ou te ye…Dezyèm fwa a, lè Jezi di li: «okipe ti mouton m’ yo», Li sigjere Simon Pyè: Ou pral dirije nan Renmen mwen an tout sila yo ki gen pral swiv mwen e w’ap asire w’ ke yo aji byen. Se konsa, tout moun va konnen ke atravè ou menm se mwen menm y’ap suiv; paske se sa mwen vle: pou ou toujou pran devan antan w’ap fè yo konnen kisa mwen te genyen pou yo chak.
Pyè pran lapenn, paske li te di l’ twazyèm fwa a "Èske ou renmen m’"? Li di l’: "Granmèt, ou konnen tout bagay; ou konnen mwen renmen ou" (Jn 21, 17). Se konsa Jezi fè li repare trayizon li te komèt twa fwa a e sèl souvni Pyè genyen, sèke li tris. – Mwen renmen ou totalman, menm si mwen te renye ou…, ou konnen ki kalite soufrans mwen andire akoz trayi mwen te trayi w’ la, ou konnen se sèlman kote Manman ou ak frè m’ yo mwen jwenn konsolasyon.
Nou santi noukonsole lè nou sonje Granmèt la te tabla pouvwa pou efase peche nou, ki te separe nou ak Lanmou li an ak frè ak sè nou y. - Mwen jwenn konsolasyon lè mwen rekonèt mwen vire do ba ou epi mwen koute pawòl bouch ou ap pwononse «mwen padone ou», tankou jijman.
Nou jwenn konsolasyon nou nan pouvwa kle sa yo ke Jezikri akòde prèt yo- yo menm k’ap administre ouvèti pòt zanmitay li a. Granmèt, mwen wè se sèlman yon gwo temwayaj lanmoun ki kapab geri yon mank lanmou. Tout sa ap ede nou apresye pi byen kokenn chenn trezò sakreman padon an, pou konfese peche nou yo ki reyèlman se mank-afeksyon.
LAPRIYÈ: Mèsi Granmèt pou sous lagras mizerikòd ou a ou pèmèt nou bwè, lè solèy peche a kankannen nou.

PWOPOZISYON: Mwen vle fè yon eksperyans renmen pèsonèl ak Jezi k’ap fè m’ sèvi l’ temwen nan kominote kote m’ap viv la pou lòt yo kapab kwè Jezi se sovè tè a.

No hay comentarios:

Publicar un comentario