Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
''Jezikri, malgre nou pa wè l’, nou renmen l’, men antan nou kwè menm, n’ap kontan ak yon kontantman yo pa kapab pale".
LEKTI PREMYE LET APOT PYE KI SEN 1, 3-9
Konpliman pou Bondye, ak papa Granmèt nou Jezikri, li menm ki refè nou nan espwa vivan an gras a leve vivan Jezikri sot nan pami mò yo, dapre gran kè sansib li a, pou yon eritaj ki p' ap detwi, ki p' ap sal, ki p' ap vin vye, k’ap dire nan syèl la pou nou, nou menm yo prezève pou delivrans la gras a lafwa a, nan pouvwa Bondye a, delivrans sa a yo pare pou devwale l’ nan dènye tan an. Nan li nou gen kè kontan, menm si kounyeya, nou gen pou nou gen chagren nan divès bagay k’ap eseye nou; lafwa nou y’ap eseye a, li gen plis pri pase lò, sa yo eseye nan dife a, konsa n’ap jwenn lwanj ak bèlte ak konsiderasyon nan revelasyon Jezikri a, li menm nou renmen san nou pa wè l’ la; li menm nou kwè nan li, menm si kounyeya nou pa wè l’ la; antan nou kwè a, n’ap kontan nan yon kontantman san parèy, ki nan bèlte, n’ap jwenn rekonpans lafwa nou nan delivrans nanm yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 110
R/ Granmèt la ap sonje kontra l’ la pou toutan.
M’ap fè lwanj Granmèt la ak tout kè m’, nan reyinyon moun kòrèk yo ak Legliz la. Travay Granmèt yo gran, yo merite tout moun ki anvi yo chache yo. R.
Li bay moun ki respekte l’ yo manje; l’ap sonje kontra l’ la pou toutan . R.
Li anonse pèp li a fòs travay li yo, pou 1’ ba yo eritaj nasyon yo.R.
Li voye delivrans pou pèp li a,li kòmande kontra l’ la pou toutan. R.
Lwanj li dire pou toutan gen tan. R.
LEVANJIL
"Tout sa ou genyen, vann li, epi swiv mwen".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRE MAK KI SEN 10,17-27
Lè sa a:
Pandan Jezi t’ap soti sou Wout la, gen yon moun ki kouri devan l’, li met jenou atè devan l’, li t’ap lapriyè l’: "Bon mèt, kisa pou m’ fè pou m’ eritye lavi toutan an"?
Jezi menm di l’: "Poukisa ou rele m’ bon? Pèsonn pa bon, sof yon sèl Bondye a. Ou konnen kòmandman yo: 'Pa fè adiltè, pa touye, pa vòlè, pa sèvi temwen manti, pa fè moun ditò, respekte papa ou ak manman ou".
Men li menm li reponn, li di: "Mèt, tout bagay sa yo, mwen te obsève yo depi m’ tou jèn". Jezi menm gade l’, li renmen l’, li di l’: "Yon sèl bagay ou manke; ale, tou sa ou genyen, vann li, bay pòv yo, epi ou va gen yon richès nan syèl la; apre sa, vini, swiv mwen". Li menm li vin tou tris nan pawòl sa a; li pati ak men li dekonpoze, sèke li te gen anpil byen. Jezi menm gade toutalantou, li di patizan l’ yo: "Se pa ti kras difisil sa difisil pou moun ki gen lajan yo antre nan reny Bondye a". Patizan yo menm sezi nan pawòl li yo. Jezi menm rekòmanse pran lapawòl, li di yo: "Pitit mwen yo, ala difisil sa difisil pou moun ki met konfyans yo nan richès yo antre nan reny Bondye a. Li pi fasil pou yon chamo pase nan yon je zegwi pase pou moun rich antre nan reny Bondye a". Yo menm yo te pi sezi toujou, youn t’ap di lòt: "Epi kilès ki kapab sove"? Jezi menm gade yo, li di: "Sou bò lèzòm, sa enposib, men pa sou bò Bondye, paske tout bagay posib pou Bondye".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Granmèt la.
REFLEKSYON: «Jezikri, malgre nou pa wè l’, nou renmen l’, men antan nou kwè menm, n’ap kontan ak yon kontantman yo pa kapab pale».
Premye lekti a se yon kantik adorasyon pou Papa a.Nou dekouvri grandè Bondye Papa a, ki vle fè nou rejwi nan lespwa gras a leve vivan Jezikri sot nan pami mò yo, daprè gran kè sansib li a, nan li nou gen kè kontan, paske li fè nou favè nan Jezikri pitit li a.
Levanjil la di nou Jezi te sou wout, li pa di nou kote li te sòti. Li rankontre avèk yon nonm rich, ki mande li: "Bon mèt, kisa pou m’ fè pou m’ eritye lavi toutan an"? Jezi reponn li avèk yon lòt kesyon: "Poukisa ou rele m’ bon? Pèsonn pa bon, sof yon sèl Bondye a.
Pou Jezi, sa ki pi enpòtan, se fè volonte Bondye, revele pwojè Papa a. Touswit Jezi di li: «Ou konnen kòmandman yo: ' Pa touye, pa fè adiltè, pa vòlè, pa sèvi temwen manti, pa fè moun enjistis, respekte papa ou ak manman ou».
Li enpòtan pou n’ gade byen repons Jezi a. Jennonm nan kesyone pou lavi etènèl. Li te vle viv pi pre Bondye. Pou Jezi, sèlman nou kapab byen bò kote Bondye, si nou renmen pwochen nou yo. Sa vle di, pòt pou nou antre kote Bondye a, se pwochen nou yo. Obsève komandman yo, poukisa? Nonm lan reponn li di li obsève yo depi nan jenès li. Sa ki pouse li, se paske li te bezwen konnen chemen lavi a. Kounye a, chemen lavi a toujou la, e li kontinye: Fè volonte Bondye ki eksprime nan kòmandman yo, sa vle di, li obsève komandaman yo san li pa te konnen poukisa yo bon. Sa montre ke li pa te konnen, paske si li te konnen li pa t’ap kesyone sa. Se tankou anpil Katolik jounen jodi a ki pa konnen poukisa yo se Katolik. Paske yo fèt nan yon peyi ki Katolik, yo di yo se katolik, men yo pa konnen plis ke sa. Pataje byen yo avèk pòv yo epi swiv Jezi. Jezi tande repons jennonm nan:
Jezi menm gade l’, li renmen l’, li di l’: "Yon sèl bagay ou manke; ale, tou sa ou genyen, vann li, bay pòv yo, epi ou va gen yon richès nan syèl la; apre sa, vini, swiv mwen". Obeyi kòmandman yo se apèn premye etap yon eskalye ki ale pi lwen e pi wo. Jezi mande plis! Obeyi komandaman yo prepare yon moun pou kapab rive bay yon «Wi» total a favè prochen n’ yo.
Jezi pa mande anpil, men li mande avèk anpil renmen. Jenonm nan pa aksepte sa Jezi ofwi li a epi li ale ´´paske li te genyen anpil byen´´. "Se pa ti kras difisil sa difisil pou moun ki gen lajan yo antre nan Wayòm Bondye a". Patizan yo menm sezi nan pawòl li yo. Patizan Jezi yo tou te abandonnen tout bagay pou swiv Jezi men yo pa te konprann poukisa. Si yo te konprann yo pa t’ap eskandalize devan egzijans Jezi mete a. Lè richès la oubyen anvi richès la okipe kè yon moun, moun nan pa wè ankè sans Levanjil la. Nan sans sa a sèl Bondye ki kapab ede yo. Jezi gade patizan yo li di, ´´pou Lèzòm, se enposib, men pa pou Bondye! Paske tout bagay posib pou Bondye´´.
LAPRIYÈ: Granmèt, mèsi paske ou gade nou avèk konpasyon. Fè nou kenbe amitye avèk ou.
PWOPOZISYON: Èske gen yon bagay ki gen plis enpòtans nan lavi m’ pase Bondye? M’ap reflechi sou sa.
No hay comentarios:
Publicar un comentario