Koulè vèt
PREMYE LEKTI
"Yo te fè deklarasyon pwofèt osijè bagay k’ap vini yo pou nou, se poutèt sa, se pou nou veye sou tandans nou, se pou nou espere yon fason kòrèk nèt".
LEKTI PREMYE LET APOT PYÈ KI SEN 1, 10-16
Nou menm mwen renmen anpil la: Osijè delivrans nanm yo, pwofèt yo te fouye, yo te chache fon, yo menm ki te fè deklarasyon davans sou favè ki t’ap vini pou nou an, yo t’ap fouye fon pou yo konnen ki tan ak ki kalite fason Lespri Jezikri ki nan yo a t’ap pale, lè l’ t’ap anonse davans soufrans ak bèlte ki t’ap rive nan Jezikri a; yo te anonse yo se pa t’ pou yo menm men se pou nou menm yo t’ap sèvi bagay sa yo yo anonse nou kounyeya, pa lentèmedyè sila yo k’ap preche nou levanjil la, pa pouvwa Lesprisen an yo voye sot nan syèl la, li menm mesaje yo panche devan l’ lan.
Se poutèt sa, se pou nou mare ren nou, se pou nou veye sou move tandans nou, se pou nou espere yon fason ki kòrèk nèt nan favè sa a yo ofri nou an osijè revelasyon Jezikri a; tankou pitit ki obeyisan, ki pa pran modèl sou sa nou te konn anvi lontan an lè nou pa t’ gen konesans la, men dapre sila a ki rele nou an, Sila a ki Sen an, se pou nou menm tou nou vin sen nan tout kondwit nou, paske men sa k’ ekri: "Se pou nou sen, paske mwen menm mwen sen".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 97
R/ Granmèt la fè konnen delivrans li a.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, poutèt mèvèy li fè. R.
Bèlte delivrans la sot nan men dwat li. Nan bra 1i ki sen an. R.
Granmèt la fè konnen delivrans li a devan fas nasyon yo li devwale jistis li a R.
Li sonje kè sansib li, ak verite l ‘pou kay Izrayèl la.R.
Tout limit tè a ap wè delivrans Bondye nou an.R.
Bat bravo pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
LEVANJIL
"N’ap resevwa san fwa plis nan tan sa a avèk pèsekisyon, epi lavi ki p'ap janm fini an nan syèk k’ap vini an".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRE MAK KI SEN 10, 28-31
Lè sa a:
Pyè kòmanse di Jezi: "Men nou kite tout bagay epi nou swiv ou".
Jezi pran lapawòl, li di: "Anverite mwen di nou, p' ap gen pèsonn k’ap kite kay, oubyen frè, oubyen sè, oubyen papa, oubyen manman, oubyen pitit, oubyen jaden, poutèt mwen ak poutèt levanjil la, ki p' ap jwenn san fwa plis depi kounyeya nan tan sa a nan kay, frè, sè, manman, pitit, jaden, avèk pèsekisyon, epi nan tan k’ap vini an lavi ki p' ap janm fini an. Men anpil premye ap vin dènye, epi dènye yo ap vin premye".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Granmèt la.
REFLEKSYON: Levanjil jodi a se pwolonjman pasaj ki pale sou nonm rich la ki te mande Jezi, kisa pou l’ fè pou l’ eritye wayòm syèl la. Jezi te fè disip li yo konnen, li pi fasil pou yon moun pòv antre nan Wayòm Bondye a ke yon moun rich. Poutan, Jezi pwomèt disip li yo rekonpans ki pi gran ke tout bagay ke yo konsidere kòm byen nan mond sa, tankou kay, fanmi, elatriye. Souvan nou menm lèzòm, anvan nou angaje nou nan yon bagay, nou chèche konnen ki pwofi ak enterè ki gen ladan l’ paske nou toujou ap chache satisfaksyon tanporèl pèsonèl.
Olye pou nou chache bagay anlè a, se sa ki atè a nou chèche, paske se ladan nou jwenn repons imedya.
Byen latè yo, se bagay ki ka gonfle kè nou ak logèy e ki ka fè nou bliye ekzitans Bondye. Se poutèt sa Jezi te di: li pi fasil pou yon chamo antre nan yon je zegwi ke yon moun rich antre nan Wayòm syèl la (Mt 19, 24).
Frè ak sè m’ yo, richès tout bon an se nan Bondye li ye, paske se Bondye sèl ki bay lavi nou sans kòm moun, se li menm sèl ki kapab konble tout dezi nou yo. Gen anpil moun ki fè tèt yo ilizyon lè yo panse ke bonè a sou tè a alòske se nan Bondye li ye. An nou macha ak Jezi nèt ale, konsa n’a jwenn kè kontan n’ap chèche a.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, ou menm ki rele nou pou nou viv nan kè kontan toutan, montre nou kòman pou nou travay tout bon vre pou nou rive nan wotè ou vle nou rive a. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Imite Jezi nan fason li te obeyi Bondye
No hay comentarios:
Publicar un comentario