Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Yo delivre nou ak yon san
ki gen anpil valè, san Jezikri a ki tankou san Mouton ki san tach".
LEKTI PREMYE LET APOT PYÈ KI SEN 1, 18-25
Nou menm mwen renmen anpil la:
Nou konnen se pa avèk bagay k’ap gate, lò oubyen
lajan, nou delivre sot nan kondwit zansèt nou yo te transmèt nou an, ki pa vo
anyen an, men se ak san ki gen anpil valè a, tankou san Mouton ki san tach la,
Jezikri, san sa a ki pa sal la, li menm Bondye te prevwa depi anvan tè a fèt,
men li montre l’ nan dènye tan yo poutèt nou, nou menm ki fidèl nan Bondye,
Bondye menm ki fè l’ leve sot nan pami mò yo, ki ba l’ bèlte, pou lafwa nou ak
espwa nou kapab nan Bondye.
Fè nanm nou vin pwòp nèt antan nou obeyi lacharite a,
nou renmen tankou frè, nou youn renmen lòt avèk kè senp, avèk plis atansyon;
nou menm ki pa refèt ak yon semans k’ap gate, men ak yon semans ki p' ap gate,
gras a pawòl Bondye ki vivan an, k’ap dire toutan an. Sèke tout chè se tankou
zèb, tout bèlte l’ tankou flè jaden; zèb la seche, flè l’ tonbe; men pawòl
Granmèt la dire pou toutan. Sa a se pawòl la yo te anonse nou
an.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 147,
R/ Fè lwanj Granmèt la, Jerizalèm.
Fè lwanj Granmèt
la, Jerizalèm: fè lwanj Bondye ou, Siyon. R.
Paske li ranfòse
kwochèt pòtay ou yo, li beni pitit ou yo nan ou. R.
Li menm ki poze
limit ou yo nan kè poze, li ba ou kont ble ki gra.R.
Li menm ki voye
pawòl li sou tè a, avèk vitès pawòl li a kouri. R.
Li menm ki
anonse pawòl li bay Jakòb, jistis li ak jijman l’ bay Izrayèl. R.
Li pa fè konsa
pou okenn nasyon, jijman l’ yo, li pa fè konnen yo. R.
LEVANJIL
« Men n’ap monte Jerizalèm,
y’ap renmèt Pitit moun nan".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRE MAK KI SEN
10, 32-45
Lè sa a:
Patizan yo te sou wout, yo t’ap
monte Jerizalèm; Jezi t’ap mache devan yo, yo te sezi, moun ki t’ap swiv yo yo
te pè. Li pran douz yo ankò, li kòmanse di yo sa k’
te gen pou rive l’: "Men n’ap monte Jerizalèm, y’ap renmèt Pitit moun nan
nan men chèf prèt yo ak pwofesè yo ak ansyen yo, y’ap kondane l’ amò, y’ap
renmèt li nan men nasyon yo; y’ap pase l’ nan rizib, y’ap krache sou li, y’ap
bat li, y’ap touye l’, men sou twazyèm jou a, l’ap leve vivan".
Jak ak Jan, pitit Zebede yo, proche kote l, yo di: "Mèt, nou
vle pou nenpòt ki sa nou mande ou, ou fè l’ pou nou". Li menm, li di yo:
"Kisa nou vle pou m’ fè pou nou"?
Yo di: "Fè nou favè pou nou chita youn adwat ou epi lòt la
agòch ou nan bèlte ou la".
Jezi menm di yo: "Nou pa konnen sa n’ap mande. Èske nou kapab bwè kalis la m’ap bwè-a?
Oubyen, batèm nan m’ap batize a, èske nou kapab resevwa l’"? Yo menm yo di
l’: "Nou kapab". Jezi menm di yo: "Kalis la m’ap bwè a, n’ap bwè
l’; epi batèm nan m’ap batize a, n’ap resevwa l’. Men kanta pou chita adwat
mwen oubyen agòch mwen an, se pa wòl mwen pou m’ fè sa pou nou, men pou moun sa
te pare pou yo a". Lè dis yo tande sa, yo
kòmanse fache kont Jak ak Jan. Jezi menm rele yo, li di yo: "Nou konnen
sila yo, yo konsidere kòm chèf pou kòmande nasyon yo, yo fè otorite yo peze sou
yo, epi chèf yo fè yo santi pouvwa yo. Sa pa dwe fèt konsa nan pami nou; men
nenpòt ki moun ki vle vin gran, se pou l’ vin sèvitè nou, epi nenpòt ki moun ki
vle vin premye, se pou l’ esklav tout moun. Sèke Pitit moun nan pa vini pou yo
sèvi l’, men pou l’ sèvi, epi pou l’ bay lavi l’ kòm delivrans pou tout pakèt
moun yo".
An nou fè lwanj
ak konpliman pou pawòl Granmèt la.
REFLEKSYON: Jodi a, Granmèt la aprann nou ki
atitid nou ta dwe genyen fas a lakwa a. Lanmou li genyen akonpli volonte Papa
a, lanmou li pou limanite (pou tout fanm ak gason kapab sove), sa fè Jezi mache
byen vit sou wout Jerizalèm nan, kote «y’ap renmèt Pitit moun nan nan men chèf
prèt yo ak pwofesè yo ak ansyen yo, y’ap kondane l’ amò» (Mak 10, 33-34). Menm
si pafwa nou pa konprann oubyen nou pè fè fas ak doulè, soufrans, an nou chèche
mete tèt nou ansanm, nan lanmou volonte Bondye ki vle sove tout pitit li yo,
nan ofri li ofri tèt li sou lakwa a.
Lè nou pratike lapriyè ak sakreman yo toutan,
espesyalman konfesyon an ak Lekaristi a, sa fè lanmou Bondye grandi nan nou,
epi kòm konsekans nou vin renmen pwochen nou pi plis akoz lanmou nou genyen pou
Bondye, e se konsa nou kapab di: «Nou kapab» (Mak 10,39), malgre mizè nou,
feblès nou ak peche nou. Wi, n’ap kapab makonnen lavi nou ak ti kwa chak jou
nou yo (Lik 9, 23): lakwa a manifeste nan fatig travay nou, difikilte lavi
fanmi an, elatriye.
N’ap rive idantifye nou ak
Kris la, «ki pa t’ vini pou yo sèvi li, men pou li sèvi» (Mak 10,45), se lè nou
anbrase kwa chak jou nou yo, lè nou kite lanvi nou yo dèyè pou nou mete no unan
sèvis lòt yo. Sen Jan Pòl II te eksplike ke «Sèvis Jezi reyalize plènman nan
lanmò li sou kwa a, sa vle di nan bay li bay tèt li san rezèv». An nou imite
li, nan fè lanmou nou gen pou li a tounen aksyon antan nou mete nou nan sèvis
tout moun alawonnbadè: moun rich, moun pòv, moun ki konn li, moun ki pa konn
li, jèn moun, granmoun. An nou mete nou sèvis yo, pou nou ka fè yo vin pi pre
Bondye epi libere yo anba peche a.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, ou menm ki se renmen
tout bon an, fè nou reflete imaj ou nan fason n’ap viv youn ak lòt.
PWOPOZISYON: Jodi a m’ap fè solidarite ak yon moun k’ap
pote yon kwa.
an nou fè l' konfyans.
No hay comentarios:
Publicar un comentario