Páginas

JEDI 26

Koulè Blan
KÒ AK SAN JEZIKRI KI SEN ANPIL LA
(Gran Fèt)
PREMYE LEKTI
“Li ofri pen ak diven”.
NAN LIV LAJENÈZ 14, 18-20
Jou sa yo :
Mèlkisedèk, wa Salèm, pote pen ak diven (li te prèt Bondye ki anwo nèt la), li beni Abram, li di : Konpliman pou Abram onon Bondye ki anwo nèt la, li menm ki kreye syèl la ak tè a, konpliman pou Bondye ki anwo nèt la, gras a pwoteksyon l’, lènmi yo nan men ouLi bay Abram dizyèm pòsyon nan tout bagay.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 109, 1. 2. 3. 4
R/ Ou se prèt pou tout tan daprè ran Mèlkisedèk.
Granmèt la di Granmèt mwen:“Chita adwat mwen, joustan mwen poze lènmi w’ yo kòm eskalye pye ou”.R.
Baton pouvwa ou, Granmèt la voye l’ sot nan Siyon: kòmande nan mitan lènmi w’ yo.R.
Pouvwa a avèk ou jou fòs ou a, nan bèlte ki sen yo, nan vant granmaten tankou lawouze mwen anfante ou.R.
Granmèt la fè sèman, li p’ap regrèt li: “Ou se prèt pou tout tan daprè ran Mèlkisedèk”.R.
DEZYÈM LEKTI
“Chak fwa n’ap manje, n’ap bwè, n’ap anonse lanmò Granmèt la”.
NAN PREMYÈ LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 11, 23-26
Frè m’ yo:
Mwen resevwa nan men Granmèt la sa m’ transmèt nou an, sèke Granmèt Jezi, nannuit yo te renmèt li a, li pran pen, li di Bondye mèsi, li kasé l’, li di: “Pran, manje: sa a se kò m’, sa yo renmèt pou nou an; fè sa pou fè sonje m”. Menm jan, aprè li fin manje, li pran kalis la tou, li di: “Kalis sa a se kalis nouvo kontra a nan san mwen; fè sa, chak fwa n’ap bwè, pou nou fè sonje mwen”.
Reyèlman vre, chak fwa n’ap manje pen sa a, n’ap bwè kalis sa a, se lanmò Granmèt la n’ap anonse, joustan Granmèt la va vini.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Yo tout manje vant plen”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 9, llb-17
Lè sa a:
Jezi t’ap pale ak foul yo sou rèy Bondye a; moun ki te bezwen swen, li geri yo. Jou a te kòmanse bese, douz yo pwoche kote l’, yo di l’: “Voye foul yo ale, pou y’al nan vil yo ak bouk yo, ki alantou yo, pou yo jwenn kote pou yo dòmi, epi pou yo jwenn manje; paske kote sa a se nan yon dezè nou ye”. Li menm li di yo: “Nou menm, ba yo manje”. Yo di l’: “Nou pa gen plis pase senk pen ak de pwason; sof si n’al achte manje pou tout foul sa a”.
Yo te prèske senk mil gason. Li di disip yo: “Fè yo kouche senkant pa senkant nan dispozisyon pou yo manje”. Yo fè sa, yo fè tout moun kouche.
Li pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve je nan syèl la, li beni yo, li kase yo, li separe bay disip li yo, pou yo met devan foul yo. Tout moun manje vant plen. Yo ranmase sa k’te an twòp pou yo, douz panye moso pen.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a Legliz la envite n’ fete Kò ak San Jezikri, Granmèt nou an. Se yon opòtinite pou nou reflechi sou renmen k’ap debòde kè Jezi Pitit Bondye a, ki te vin montre n’ kijan Bondye renmen lèzòm. Renmen sa a ki pouse l’ bay lavi l’ pou nou sou lakwa a, renmen sa a ki fè l’ nouri nou ak pwòp lavi li a, lè li  ba nou kò li pou nou manje ak san li pou nou bwè: garanti lavi pou tout tan an.
Sen Ogisten, youn nan gran tewolojyen Legliz la, te bay konsèy sa pou moun k’ap resevwa losti a nan lamès: “Tounen sa w’ap resevwa a”. Sa vle di, n’ap kominye nan Kò ak San Jezikri pou n’ tounen yon lòt «Kris» pou lòt yo. Relasyon nou ak Jezi dwe pwoche n’ pi plis bò kote lòt yo.
Daprè Liv Katechis Legliz Katolik la, nan nimewo 1328-1332, Sakreman Kò ak San Jezi a gen plizyè non ki mache ak sa l’ genyen nan li menm: Yo rele Lekaristi (sa vle di: di Bondye mèsi), Gran fèt Granmèt la (Jezi manje ak disip li yo jedi nan lavèy arestasyon l’ epi sa montre gran repa l’al prepare pou disip li yo nan syèl la), Pen ki pataje a (jès li te fè pou l’ separe pen sa ak disip li yo), Asanble Ekaristik (paske se pèp la ki sanble pou manje l’), Kominyon (sakreman sa ini kretyen yo youn ak lòt).
Lekaristi a, jan Sen Pòl fè moun Korent yo konnen, se anons mèvèy delivrans la: soufrans, lanmò ak leve byen vivan Jezikri. Se bèl mevèy sa a tout pèp batize yo ap viv nan chak selebrasyon lamès.
N’ap selebre Lekaristi pou nou ka sonje gran sakrifis Jezi te fè pou l’ te sove nou; an menm tan tou, se sakrifis Jezi fè sou lotèl la nan chak lamès, yon sakrifis ki pa gen san ki koule men ki reyèl. Se mèvèy lafwa pèp Bondye a ki fè l’ kwè nan prezans reyèl Jezi ki parèt sou fòm Pen ak Diven an, kote reyèlman vre Jezi prezan.
Nan Levanjil la n’ap kontanple Jezi, Pen Vivan an, ki manifeste pouvwa Bondye, lè li fè tout moun manje vant plen ak 5 ti pen ak 2 ti pwason.  Ala chans pou moun ki rankontre ak Jezi!  Jodi a, anpil moun ta renmen fè gwo rankont sa a: moun ki gen pwoblèm fizik, espirityèl, moun ki swaf yon demen miyò, moun k’ap chache yon sans ak ekzistans yo. Jezi se solisyon tout pwoblèm. Tout sila yo k’ap vanse kote l’ nan senplisite kè yo, nan konfyans nan li, nan dezi yo genyen pou yo chanje lavi yo, Granmèt la va delivre yo. Mirak sa a fè n’ sonje Lekaristi a ki se pen espirityèl la, men li fè n’ sonje tou misyon Legliz la genyen pou l’ solidarize ak moun yo nan soufrans kòporèl yo tou. Se sa nou jwenn nan estrikti mouvman sosyal Legliz la mete pou l’ marye reyalite espirityèl la ak reyalite materyèl la, dekwa pou se moun nan an antye, kò l’, nanm’ li ak lespri l’ ki rive jwenn vrè liberasyon Granmèt Jezi te pote a.
LAPRIYÈ: Granmèt, mèsi paske ou fè nou patisipe nan sa ou ye a, lè ou ba nou kò ou pou nou manje ak san ou pou nou bwè. Aprann  nou mete nou nan sèvis lòt yo antan n’ap swiv ekzanp ou te kite pou nou an. Amèn.
PWOPOZISYON: Kòm pèp Bondye, patizan Jezikri, ann fòme yon chenn solidarite antan n’ap travay pou detwi tout jèm lanmò ki nan anviwònman nou.

No hay comentarios:

Publicar un comentario