Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
NAN PREMYE LÈT SEN PYÈ 4, 7-13
Konfyans nou se tankou lò li ye. Yo blije pase lò a, ki yon bagay perisab, nan dife pou wè si l' bon. Konsa tou, konfyans nou ki gen plis valè pase lò a, gen pou pase anba eprèv tou, pou nou ka resevwa lwanj, onè ak respè lè Kris la vini.
Nou renmen l', atout nou pa te wè l'; nou gen konfyans nan li atout nou pa wè l' kounyeya. Konsa, nou kontan ak yon kontantman nou pa ka esplike men ki merite lwanj, paske nou jwenn sa nou t'ap chache lè nou te kwè a: delivrans pou nanm nou.
Pwofèt yo te chache anpil, yo te fouye anpil pou yo te ka konnen ki jan Bondye t'ap delivre nou. Yo te di davans ki kalite favè Bondye tapral fè nou.
Lespri Kris la ki te nan yo te fè yo konnen davans tou sa Kris la t`a pral soufri, ansanm ak lwanj ki t'ap tann li apre sa. Men, yo t'ap chache konnen tou kilè ak nan ki sikonstans sa tapral rive.
Se konsa, Bondye fè yo konnen sèvis yo t'ap fè lè yo te bay mesaj la, se pa t' pou yo, men pou nou. Gremesi moun k'ap anonse nou bon nouvèl la, avèk pouvwa Sentespri ki soti nan syèl la, nou konnen bagay sa yo kounyeya, bagay ata zanj yo ta renmen konprann.
Se poutèt sa, konnen byen sa nou pral fè. Mete tèt nou an plas. Mete tout espwa nou nan benediksyon nou pral resevwa lè Kris la vini.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 95
R/Granmèt la vini pou l’ jije tè a.
Di nan nasyon yo Granmèt la Wa
L’ap drese fas tè a pou l`pa souke
L’ap jije pèp yo nan jistis. R
Se pou syèl yo kontan pou tè a danse
Pou lanmè a sonnen ak tou sa ki plen l’
Jadin yo ap kontan ak tou sa ki ladan yo
Lè sa tout bwa nan rak yo ap danse. R
Devan fas Granmèt la paske l`ap vini,
Paske l`ap vini pou l`jije tè a
L`ap jije fas tè a nan jistis
Epi pèp yo nan verite l’. R
LEVANJIL
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN MAK: 11, 11-26)
Jezi antre lavil Jerizalèm; li ale nan tanp lan. Li voye je l' sou tout bagay. Aprè sa, li ale Betani avèk douz disip li yo paske li te fin ta. Nan denmen, antan yo t'ap soti Betani, Jezi te grangou. Depi byen lwen, li wè yon pye fig frans ki te plen fèy. li al wè si li ta jwenn kèk fig frans sou li. Men, lè li rive kote l', se fèy ase li jwenn, paske se pa t' sezon fig frans. Lè sa a, Jezi pale ak pye fig frans lan, li di li: -Pesonn p'ap janm manje fig ou donnen ankò. Disip yo te tande sa l' te di a.
Aprè sa, yo rive Jerizalèm, Jezi antre nan tanp lan. Li pran chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo. Li pa t' pèmèt pesonn travèse tanp lan ak bagay nan men yo. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay, li di yo: -Men sa ki ekri, pa vre: y'a rele kay mwen an kay kote moun tout nasyon ka vin lapriyè. Men nou menm, nou fè l' tounen yon kachèt pou vòlò. Lè chèf prèt yo avèk dirèktè lalwa yo tande sa, yo t'ap chache yon jan pou yo fè touye l'; paske yo te vin pè l', lèfini, pawòl li t'ap moutre moun yo te aji anpil sou foul moun yo. Lè solèy fin kouche, Jezi soti kite lavil la ansanm ak disip li yo.
Nan denmen maten, byen bonè, antan yo t'ap pase sou wout la, disip yo wè pye fig frans la cheche jouk nan rasen. Pyè vin sonje sa k` te pase. Li di Jezi konsa: Mèt, gade pye fig frans ou te madichonnen an. Li sèch wi. Lè sa a, Jezi pran lapawòl, li di yo: Se pou nou toujou gen konfyans nan Bondye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si yon moun di mòn sa a: Wete kò ou la, al jete ou nan lanmè, si l' pa gen doutans nan kè l' menm, si l' gen fèm konviksyon sa l' di a gen pou rive, la wè l' rive vre. Se pou sa mwen di nou: Tout sa n'ap mande lè n'ap lapriyè, si nou gen fèm konviksyon nou resevwa l' deja, n'a wè sa rive vre. Lè nou kanpe pou n’ lapriyè, si nou gen yon moun nan kè nou, padonnen l', pou Papa nou ki nan syèl la ka padonnen peche nou yo tou. Men, si nou pa padonnen lòt moun yo, Papa nou ki nan syèl la p'ap padonnen peche nou yo tou.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye Granmèt la.
REFLEKSYON: «Tout sa n'ap mande lè n'ap lapriyè, si nou gen fèm konviksyon nou resevwa l' deja»
Jodi a, nou jwenn de mo kle nan Levanjil la: fwi ak lapriyè. Lè Granmèt pwoche bò pye fig frans la, li jwenn se fèy sèlman li genyen, li madichonnen li.Daprè Sen Izidò de Seviy, «fig» ak «fwi» gen menm rasin. Nan demen, Apot yo ki te sezi, yo di Jezi: « Mèt, gade pye fig frans ou te madichonnen an. Li sèch wi» (Mak 11,21). Kòm repons, Jezi pale yo sou lafwa ak lapriyè: «Se pou nou toujou gen konfyans nan Bondye» (Mak 11,22)
Genyen moun ki prèske pa janm priye e, lè yo fè sa, se pou yo mande Bondye rezoud yon pwoblèm ki tèlman konplike yo pa wè solisyon pou li. E yo jistifye atitid sa a ak pawòl Jezi ke nou sot tande a: «tout sa n'ap mande lè n'ap lapriyè, si nou gen fèm konviksyon nou resevwa l' deja, n'a wè sa rive vre» (Mak 11,24). Yo gen rezon. Li lojik pou nou konpran, devan pwoblèm ki depase nou, se pou nou gen konfyans nan Bondye ki gen tout pouvwa a.
Men, fòk nou ajoute ke priyè nou yo «initil» [paske, Papa nou tou konnen sa nou bezwen anvan menm nou mande li. (Mat 6,8)], nan sans ke yo pa genyen yon itilite pratik dirèk, tankou- pa ekzanp- itilite za genyen lè nou limen yon lanp. Nou pa resevwa anyen kòm konsekans lapriyè nou, paske tout sa nou resevwa nan men Bondye se gras. Bondye pa mezire gras li ak sa nou mande li: li ba nou plis ke sa nou mande.
Alò, èske nou dwe priye? Wi, fòk nou priye, se kounye a nou konnen nou resevwa lagras Bondye, lapriyè a gen plis valè: paske li «initil» e «gratis». Anplis, lè nou priye pou mande Bondye kichòy, sa pote twa bagay ki bon pou nou: lapè nan kè ak nan lespri nou (paske nou santi nou byen alèz lè nou rankontre ak Jezi); refleksyon ( nou konprann pwoblèm nou yo pi byen e nou konnen kijan pou nou prezante yo, se kòmsi nou prèske jwenn solisyon pou yo); distenksyon ant sa ki bon ak sa ki yon senp kapris. Finalman nou rive konprann sa Jezi di nou an: « Tout sa n'a mande nan non m', m'a fè l' pou nou, pou Pitit la ka fè wè pouvwa Papa a» (Jan 14,13).
LAPRIYÈ : Bondye Granmèt, tanpri fè nou donnen kote ou plante nou an. Pa pouvwa Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON : Èske mwen pa yon pye fig frans ki merite koupe, jete ? Èske antan ke pitit Bondye, patizan Jezikri, mwen pa rate misyon mwen ?
No hay comentarios:
Publicar un comentario