Páginas

SAMDI 28

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Bondye gen pouvwa pou l’ konsève nou san peche, pou l’ fè nou kanpe devan fas glwa l’ la san tach".
LEKTI LÈT APOT JID KI SEN 17. 20b- 25
Nou menm mwen renmen anpil la, sonje pawòl yo apot Granmèt Jezikri yo te preche yo.
Se pou nou bati tèt nou sou lafwa nou ki sen anpil la, antan n’ap priye Espri Sen an, se pou nou kenbe pwòp tèt nou nan renmen Bondye a, antan n’ap tann mizerikòd Granmèt nou Jezikri pou lavi ki p’ap janni fini an. Sa yo k’ap balanse yo, reprann yo; lòt yo menm, sove yo, antan nou rache yo sot nan dife a; kanta pou lòt yo menm se pou nou pran pitye pou yo avèk krent, antan nou rayi menm rad la ki tache a, sa k’ sot nan chè a.
Sa a ki gen pouvwa pou l’ konsève nou san peche a, pou l’ fè nou kanpe devan fas glwa l’ la san tach avèk kè kontan pou jou Granmèt nou Jezikri ap vini an, li menm sèl ki Bondye Sovè nou an, pa pouvwa Jezikri Granmèt nou, konpliman pou li ak grandè, otorite ak pouvwa, depi anvan tout tan, koulye a ak pou tout tan gen tan. Amèn.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 62, 2. 3-4. 5-6 (r.: 2b)
R/ Nam mwen swaf ou, Bondye m’.
Bondye, se Bondye m’ ou ye, se kote ou m’ap veye depi granmaten. Nam mwen swaf ou, chè mwen anvi ou, nan dezè a ki sèk la, ki san dlo a.R.
Se konsa mwen parèt devan ou nan tanp la pou m’ wè fòs ou ak glwa ou.
Sèke mizerikòd ou pi bon pase lavi yo, bouch mwen ap fè lwanj ou.R.
Konsa m’ap fè konpliman pou ou nan lavi m’, o non ou m’ap leve men m’.
Tankou ak vyann, ak bon manje gra, nam mwen plen, ak pawòl fèt, bouch mwen ap fè lwanj ou.R.
LEVANJIL
"Ak ki pouvwa w’ap fè bagay sa yo"?
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK  11, 27-33
Lè sa a:
Jezi rive ankò Jerizalèm avèk disip yo. Pandan li t’ap mache nan tanp la, chèf prèt yo pwoche kote l’ avèk skrib yo, ak ansyen yo, yo di l’: "Ak ki pouvwa w’ap fè bagay sa yo? epi kilès ki ba ou pouvwa sa a, pou ou ap fè bagay sa yo"?
Jezi menm reponn, li di yo: "M’ap poze nou yon kesyon mwen menm tou, yon sèl pawòl; reponn mwen, epi m’ap di nou ak ki pouvwa m’ap fè bagay sa yo. Batèm Jan an èske se nan syèl la li te sòti, oubyen nan lèzòm? Reponn mwen".
Men yo menm yo t’ap kalkile anndan kè yo, yo t’ap di: "Si nou di: 'Nan syèl la', l’ap di: 'Pouki sa nou pa t’ kwè nan li'? Si nou di: 'Nan lèzòm', nou pè pèp la: sèke tout moun konsidere Jan tankou pwofèt la vrèman". Yo reponn, yo di Jezi. "Nou pa konnen".
Jezi reponn, li di yo: "Ebyen mwen menm tou mwen p’ap di nou ak ki pouvwa m’ap fè bagay sa yo".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : "Ak ki pouvwa w’ap fè bagay sa yo"?
Jodi a, Levanjil la mande nou sonje ak ki entansyon n’ap pwoche kot Jezi. Gen moun ki al kote l’ san lafwa, san yo pa rekonèt otorite li : «chèf prèt yo pwoche kote l’avèk skrib yo, ak ansyen yo, yo di l’: "Ak ki pouvwa w’ap fè bagay sa yo? Epi kilès ki ba ou pouvwa sa a, pou ou ap fè bagay sa yo"?» (Mak 11,27-28).
Si nou pa pale ak Bondye nan lapriyè, nou p’ap gen lafwa. Men, tankou Sen Gregwa Le Gran di sa, « lè nou ensiste nan lapriyè, Bondye rete nan kè nou e li louvri je nou». Si nou pran bon dispozisyon pou nou priye, menm si nou kapab fè erè epi nou rann nou kont lòt la gen rezon, n’ap pran tan pou nou koute sa l’ap di nou. Si nou gen bon entansyon, menm si nou chaje ak peche sou do nou, lè nou priye, Bondye ap fè nou konprann mizè nou pou nou kapab rekonsilye ak li, antan nou mande li padon ak tout kè nou nan sakreman penitans la.
Lafwa ak lapriyè se de bon zanmi ki toujou ansanm. Sen Ogisten di nou :« si lafwa fini, lapriyè pa ekziste ankò. An nou kenbe lafwa nou pou lapriyè nou yo kapab pote fwi, an nou priye pou lafwa nou pa febli. Lafwa pwodui lapriyè, lapriyè a li menm li fè lafwa vin pi dyanm». Si nou pwoche kote Jezi ak bon entansyon, n’a dekouvri kilès li  ye e n’a konprann lè li mande nou : «Batèm Jan an èske se nan syèl la li te sòti, oubyen nan lèzòm?» (Mak 11,30). Lafwa nou fè nou konnen se nan syèl li te sòti, e pouvwa li a se nan Papa a li sòti, ak nan li menm ki se dezyèm pèsòn nan Trininte ki Sen an.
Jezi se sèl Sòve mond lan, nou pale ak Mari ki se Manman nou, pou nou akeyi pawòl ak lavi Jezi, avèk bon entansyon ak bòn volonte, pou nou gen lapè ak kè kontan pitit Bondye yo.
LAPRIYÈ : Bondye Papa, ou menm ki si tèlman renmen nou, ou ba Jezi sèl Grenn Pitit ou a, tanpri pa janm kite nou doute sou pouvwa li ki san limit la. Pa pouvwa Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON : M’ap lapriyè pi souvan pou m’ pa pèdi lafwa nan Bondye.

No hay comentarios:

Publicar un comentario