Koulè Vèt
NEVYÈM DIMANCH ÒDINÈ ANE-C
PREMYE LEKTI
“Lè etranje a ap vini, w’a koute l”.
NAN PREMYE LIV WA YO 8, 41-43
Jou sa yo: Salomon lapriyè nan kay sakre a, li di: “Yon etranje, ki pa fè pati pèp ou a Izrayèl, lè l’ vin sot nan yon peyi byen lwen poutèt non ou (sèke tout kote yo tande non ou ki gran an, ak men ou ki gen fòs la ak bra ou ki drese a); konsa lè l’ rive, li lapriyè nan kote sa a, ou menm w’a koute l’ nan syèl la, nan platfòm kay ou a, w’a fè tout sa etranje a mande w’ la; pou tout pèp sou tè yo aprann respekte non ou, tankou pèp ou a Izrayèl, pou yo fè eksperyans kijan yo lapriyè non ou sou kay sa a mwen bati a”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 116, 1. 2
R/ Ale sou tout tè a, preche levanjil la.
Fè lwanj Granmèt la, tout nasyon yo, fè lwanj li ansanm, tout pèp yo.R.
paske li asire kè sansib li sou nou, verite Granmèt la dire pou tout tan.R.
DEZYÈM LEKTI
“Si m’ t’ap chèche fè lèzòm plezi toujou, mwen pa t’a sèvitè Jezikri”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SIN POU GALAT YO 1, 1-2. 6-10
Pòl, apot pa ak pouvwa lèzòm ni pa lentèmedyè moun, men pa pouvwa Jezikri ak Bondye Papa a ki fè l’ leve vivan sot nan pami mò yo, ni sila yo ki avèk mwen an, tout frè yo, pou legliz Galasi yo. Mwen sezi wè kijan nou deja gen tan kite sila a ki te rele nou nan favè Jezikri a, pou nou suiv yon lòt levanjil; se pa yon lòt n’ap suiv, men se kèk moun k’ap twouble nou, ki vle chanje levanjil Jezikri a. Sèlman menm si nou menm oubyen yon Mesaje ki sòti nan syèl la te anonse nou yon levanjil ki pa levanjil sa mwen te anonse nou an, madichon pou li. Jan nou te deja di a, mwen repete l’ koulye a. Si yon moun anonse nou yon levanjil ki pa sa nou te resevwa a, madichon pou li. Èske se daprè lèzòm m’ap chèche fè nou kwè oubyen daprè Bondye? Oubyen èske m’ap chèche fè lèzòm plezi? Si m’ t’ap chèche fè lèzòm plezi toujou, mwen pa t’ap sèvitè Jezikri.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Menm nan Izrayèl mwen pa jwenn kalite lafwa sa a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 7, 1-10
Lè sa a:
Lè Jezi fin pale tout pawòl li yo nan zòrèy pèp la, li antre Kafanawòm. Yon kapitèn te gen yon sèvitè ki te malad, ki te prèt mouri, li te renmen sèvitè a anpil. Lè l’ tande pale osjjè Jezi, li voye ansyen yo nan Juif yo kote l’, pou lapriyè l’, pou l’ vin sove sèvitè l’ la. Yo menm, lè yo rive kot Jezi, yo lapriyè l’ avèk ensistans, yo di l’: “Li merite pou ou rann li sèvis sa a; li renmen nasyon nou an, se li menm ki bati kay reyinyon an pou nou”. Jezi menm t’a prale avèk yo. Pandan li pa t’ lwen kay la, kapitèn nan voye zanmi l’ kote l’, li di: Granmèt, pa fatige ou, sèke mwen pa merite pou ou antre anba plafon m’. Se poutèt sa mwen pa t’ konsidere mwen merite pou ou vini kote m’; men di yon pawòl; epi sèvitè m’ nan ap geri; sèke mwen menm mwen se yon moun ki anba pouvwa lòt moun, mwen gen sòlda anba lòd mwen, mwen di sila a: “Ale, epi li ale; epi lòt la “Vini”, epi li vini; epi sèvitè m’ nan: “Fè sa”, epi li fè l’”. Lè Jezi tande sa, li sezi, li vire
kot foul yo ki t’ap suiv li a, li di: “An verite mwen di nou, menm nan Izrayèl mwen pa jwenn kalite lafwa sa a”. Sila yo li te voye a, yo tounen lakay la, yo jwenn sèvitè a ki te malad la, li geri.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
“An verite mwen di nou, menm nan Izrayèl mwen pa jwenn kalite lafwa sa a”.
Sijè jodi a vrèman enteresan. Nou ta kapab poze tèt nou kesyon sa a: Nan Levanjil la, poukisa kapitèn nan pa t' ale kote Jezi pèsonèlman, men se kèk Juif li te voye pou mande gerizon pou sèvitè li a? Kapitèn nan ba nou repons la nan pasaj levanjil sa a: «Mwen pa t’ konsidere mwen merite pou ou vini kote m’; men di yon pawòl; epi sèvitè m’ nan ap geri» (Lik 7,7)
Kapitèn sa a te gen lafwa, li te kwè Jezi ka opere mirak, si li te mande sa, akoz mizerikòd Bondye a. Lafwa li te fè l' kwè, kèlkeswa kote Jezi te ye, li te kapab sove sèvitè l' la. Kapitèn sa te gen konviksyon pa gen distans ki te kapab anpeche Jezi geri sèvitè l' sa a ki te malad la.
Nou menm tou, nou dwe gen lafwa nan lavi nou. Pafwa nou ka panse Jezi byen lwen, li pa koute lapriyè nou. Men lafwa klere lespri nou ak kè nou antan nou kwè Jezi toujou bò kote nou pou li lonje men ba nou. Vrèman vre, prezans Jezi Sovè nou an ki manifeste nan Lekaristi a dwe fè nou sonje Jezi toujou bò kote nou. Sen Ogisten, avèk je lafwa a, li te kwè nan reyalite sa a: «Sa nou wè a, se pen an ak kalis la; se sa je ou di ou. Men sa lafwa ou oblije ou aksepte a, sèke pen an, se Kò Jezikri, e nan kalis la nou jwenn San Jezikri».
Se lafwa a ki klere lespri nou pou nou ka wè Jezi ki prezan nan mitan nou. E, tankou kapitèn nan nou kapab di: « Granmèt, pa fatige ou, sèke mwen pa merite pou ou antre anba plafon m’» (Lik 7,6). Lè nou koube nou byen ba devan Granmèt la, Li vini, li pwoche pou li geri nou. Se konsa nou kite Jezi penetre lespri nou, nou kite l' antre lakay nou pou li geri nou e ranfòse lafwa nou, pou li menmen nou nan lavi ki p'ap janm fini an.
LAPRIYÈ: Granmèt, pawòl ou se aksyon, tanpri di yon mo pou tout moun ki pa kapab pale e ki bezwen yon moun di yon pawòl pou yo. Moun ki nan prizon san yo pa fè anyen, moun ki malad ki pa jwenn swen, moun ki imilye, moun ki diskriminen nan sosyete a. Amèn.
PWOPOZISYON: Lafwa tout bon, se fè nou tou piti devan Bondye ant
No hay comentarios:
Publicar un comentario