Páginas

LENDI 30

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
NAN DEZYÈM LÈT PYÈ KI SEN AN, 1: 1-7
Se mwen menm, Pyè, apòt Jezikri, k'ap ekri lèt sa a pou nou tout ki fè pati pèp Bondye te chwazi a men k'ap viv tankou etranje, gaye nan peyi Pon, Galasi, Kapadòs, Lazi ak Bitini. Se Bondye Papa a ki te chwazi nou dapre plan li te fè davans lan. Gremesi Sentespri li a, li mete nou apa pou li pou n’obeyi Jezikri, pou san Jezikri ki koule pou nou an ka mete nou nan kondisyon pou sèvi Bondye. M'ap mande Bondye pou nou resevwa anpil benediksyon ak kè poze.

An n’ fè lwanj Bondye, Papa Jezikri, Granmèt nou an. Paske, nan kè sansib li, li ban nou lavi ankò lè li te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a. Sa fè nou viv ak anpil espwa. N'ap tann lè pou n’ resevwa eritaj Bondye a, eritaj ki p'ap janm pouri, ki p'ap janm sal, ni ki p'ap janm pèdi frechè l', eritaj li sere pou nou nan syèl la. Paske nou menm nou gen konfyans nan li, Bondye ap pwoteje nou ak pouvwa li jouk la delivre nou jan sa pral parèt aklè nan dènye tan an. Sa fè nou kontan anpil, menm si kounyeya nou blije gen lapenn anpil pou yon ti tan, avèk tout kalite eprèv n'ap sibi yo.
Paske, konfyans nou se tankou lò li ye. Yo blije pase lò a, ki yon bagay perisab, nan dife pou wè si l' bon. Konsa tou, konfyans nou ki gen plis valè pase lò a gen pou pase anba eprèv tou, pou nou ka resevwa lwanj, onè ak respè lè Jezikri va parèt.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 90
R/ Bondye mwen, mwen met espwa m`sou ou
Moun ki abite anba pwoteksyon sila ki anwo nèt la,
Se anba lonbraj Sila a ki gen Tout pouvwa a li rete,
L’ap di Granmèt la kachèt mwen ak fòs mwen,
Bondye m’, mwen met espwa m’sou ou. R

Paske li kole kò l’ sou mwen, m’ap delivre l’
M’ap soutni l’ paske li konnen non m’.
L’ap rele kote m’, mwen menm m’ap reponn li
M`ap avèk li nan tray la.R

M’ap delivre l’, m’ap fè l’ jwenn konsiderasyon
M’ap plen l’ak kantite jou
M’ap fè l’ wè delivrans mwen an.R
LEVANJIL
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN (Mk 12,1-12)
Apre sa, Jezi pran rakonte yo yon parabòl. -Vwala, se yon nonm ki te plante yon jaden rezen. Li fèmen l' ak yon lantouraj, li fouye yon basen pou kraze rezen yo, li bati yon kay pou moun k'ap veye jaden an. Apre sa, li antann li avèk kèk moun ki pou okipe jaden an pou li. Li pati, li al nan vwayaj.
Lè sezon rekòt la rive, li voye yon domestik bò kote moun ki t'ap okipe jaden an pou li. Li te voye chache pòsyon pa l' nan rekòt rezen an nan men yo. Yo mete men sou domestik la, yo bat li byen bat, epi yo voye l' tounen bay mèt jaden an san yo pa ba l’anyen. Mèt jaden an voye yon lòt domestik bò kote yo ankò. Fwa sa a menm, yo bat li nan tèt ase, epi yo joure l' byen joure. Mèt jaden an voye yon twazyèm domestik, yo touye sa a. Li voye anpil lòt ankò: gen sa yo bat, gen sa yo touye.
Sèl moun mèt jaden an te rete pou l' te voye, se pitit gason li te renmen anpil la. Li voye l'an dènye bò kote yo. Li t'ap di nan kè l': Omwen y'a gen respè pou gason m' lan. Men, kiltivatè yo youn di lòt: Men eritye a.
An n` mete tèt nou ansanm. An n` touye l', konsa jaden an a rete pou nou. Yo mete men sou li, yo touye l', epi yo jete kò a deyò lòt bò jaden an. Bon! Kisa mèt jaden an gen pou l' fè ankò? La vini, la fè touye tout kiltivatè yo, epi la bay lòt moun jaden rezen an.

Èske nou pa li pawòl ki ekri a? Mwen sèten nou li l' deja: Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Sa se travay Mèt la. Se bèl bagay pou nou wè sa. Chèf jwif yo t'ap chache mete men sou li, paske yo te konnen byen se pou yo Jezi te di parabòl sa a. Men, yo te pè mas pèp la. Yo kite l', y' al fè wout yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye Granmèt la.
REFLEKSYON: Jodi a, Granmèt la envite nou pwomennen nan jaden rezen li a: «Vwala, se yon nonm ki te plante yon jaden rezen (...). Aprè sa, li antann li avèk kèk moun ki pou okipe jaden an pou li (Mak 12,1). Se nou tout ki genyen responsablite sa a. Jaden rezen an, se pwòp lespri pa pa nou, se lespri Legliz la, se lespri lemond antye. Bondye vle nou bay fwi reyèl. Premyèman sentete pèsonèl nou; aprè sa apostola toutan nan mitan zanmi nou yo, pou ekzanp nou ak pawòln ou kapab ankouraje yo vin pi pre Kris la; finalman, lemond ap vin tounen yon espas kote li fè bon pou moun viv si nou pran swen travay nou antan ke pwofesyonèl, si nou pran swen relasyon nou genyen nan sosyete a ak si nou travay pou tout moun ka viv kòm moun.
Ki kalite moun nou ye?  Èske nou se sila yo k’ap travay san pran souf oubyen sila yo ki fache paske mèt jaden an voyè sèvitè li pou mande travayè yo kont sou jaden an? Sa ka rive nou di nou pa dakò ak sila yo ki gen devwa pou ede nou bay fwi Bondye ap tann nan men nou. Nou kapab gen dezakò sou lansèyman Legliz la, Manman nou, ak sou Pap la, evèk yo, e menm paran nou yo, direktè espirityèl nou (sila k’ap akonpaye nou sou chemen lafwa a e k’ap ede nou dekouvri volonte Bondye nan lavi nou), nou ka menm pa dakò ak yon bon zanmi k’ap eseye ede nou. Konsa tou, nou ka menm eseye blese yo e menm touye yo ak kritik nou ak move pawòl ki sot nan bouch nou. Nou dwe poze tèt nou kesyon sou motif reyèl atitid sa a. Petèt nou bezwen gen pi gwo konesans sou lafwa nou; oubyen, petèt nou bezwen ekzamine konsyans nou, pou nou rive dekouvri rezon ki fè no upa kapab pote fwi a.
An nou mande Manman Mari ede nou, pou nou travay ak renmen antan n’ap kite Pap la dirije nou. Nou tout ka vin tounen bon gadyen ak moun k’ap peche moun, sa vle di moun k’ap fè disip pou Jezi. Nou kapab fè lespri pa nou, lespri zanmi nou ak lemond antye vin pi pre Jezi, si nou li ak medite lansèyman Pap la e si nou eseye mete yo an pratik.
LAPRIYÈ:Bondye Papa, tanpri fè nou pote bay fwi ki fè kè w’ kontan. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: M’ap pran responsablite mwen genyen nan Legliz la oserye.

No hay comentarios:

Publicar un comentario