Koulè Blan
VIZITASYON MARI
KI SEN, KI VYÈJ
(Fèt)
PREMYE LEKTI
“Wa Izrayèl
la Granmèt la nan mitan ou”.
NAN LIV PWOFÈT SOFONI 3, 14-18
Fè lwanj, pitit fi Siyon; bat bravo,
Izrayèl; fè kè ou kontan, danse ak tout kè ou, pitit fi Jerizalèm: Granmèt la
leve kondanasyon ou nan, li pouse lènmi w’ yo; wa Izrayèl la Granmèt la nan
mitan ou, ou pa bezwen pè malè ankò.
Jou sa a y’ap di Jerizalèm: “Pa pè,
Siyon; pa kite men ou febli. Granmèt Bondye w’ la nan mitan ou, li menm ki fò
a, l’ap sove ou; l’ap kontan nan ou avèk anpil kontantman, l’ap fè silans nan
renmen l’ nan, l’ap fete pou ou avèk lwanj.
Moun ki te pèdi chemen, ki te pati
lwen lalwa a, m’ap rasanble yo, paske se nan ou yo te sòti; konsa ou p’ap gen
lawont ankò sou ou.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS
Iz 12, 2-3. 4bcd. 5-6
R/
Li gran nan
mitan ou, Sen Izrayèl la.
Men Bondye ki sove m’ nan, mwen gen
konfyans, mwen p’ap pè,
paske fòs mwen ak lwanj mwen, se
Granmèt la, se li menm ki vin sove m’. N’ap tire
dlo ak kè kontan sot nan sous delivrans la.R.
Fè lwanj Granmèt la, rele non li, fè
konnen mèvèy li yo nan pèp yo,
fè sonje kijan non l’ anlè nèt.R.
Chante pou Granmèt la, paske li fè
mèvèy, anonse sa sou tout tè a.
Danse, fè lwanj, pèp Siyon, paske li
gran nan mitan ou, Sen Izrayèl la.R.
LEVANJIL
“Kote sa
sòti pou mwen, pou manman Granmèt mwen vin kote m’?”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 1, 39-56
Jou sa yo, Mari leve, li pati al nan
mòn yo byen vit, nan yon vil Jida. Li antre nan kay Zakari, li salye Elizabèt.
Rive, lè Elizabèt tande Mari salye
l’, ti pitit la danse nan vant li, Elizabèt vin plen ak Lespri Sen an, li rele
byen fò, li di:
“Ou beni pase tout fi; li beni tou,
fwi vant ou a. Kote sa sòti pou mwen, pou manman Granmèt mwen an vin vizite m’?
Gade, lè vwa w’ rive nan zòrèy mwen lè ou salye m’ nan, ti pitit la danse nan
vant mwen ak kè kontan. Ala kontantman pou ou, poutèt ou te kwè sa Granmèt la
voye di w’ yo, y’ap reyalize”.
Mari di:
“M’ap fè lwanj Granmèt la, lespri m’
ap fete nan Bondye sovè mwen an, paske li voye je sou pòv sèvant li a. Gade vre
depi koulye a tout jenerasyon ap di ala kontantman pou mwen: paske li fè gran
mèvèy pou mwen, sa a ki gen pouvwa a, non l’ sen, mizerikòd li sot nan ras al
nan ras pou moun ki krenn li yo.
Li mete fòs nan bra l’, li gaye sa
k’ t’ap fè grandizè nan kè yo a; li depoze sa k’ gen pouvwa yo sot sou fotèy yo, li leve pòv yo; sa
k’ grangou yo, li plen yo ak byen, rich yo li ranvwaye yo grangou.
Li soutni Izrayèl, sèvitè l’; li
sonje mizerikòd li a, jan l’ te pale ak zansèt nou yo, Abraam ak ras li a pou
tout tan.”
Mari rete avèk li apeprè twa mwa,
aprè sa, li tounen lakay li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Mari vizite kouzin li
Elizabèt ki te ansent Jan Batis: Nan meditasyon nou n’ap gade Mari, yon fi
total, senp, devwe, disponib, kourajez, obeyisan, ki fè volonte Bondye nan tout
bagay; Mari te gen yon misyon byen detèmine, kou l’ te fin konnen Granmèt la te
chwazi l’ pou l’ Manman pitit li a,li pa t’ rete chita sou fotèy li ap tan moun
vin sèvi l’, paske li te Manman Bondye, non, men li te leve byen vit pati nan
mòn Jide pou l’ rann kouzin li sèvis ki te ansent, daprè revelasyon an, fòk li
t’al konfime nouvèl sa a; pawòl Elizabèt ak Mari vin tounen yon repons.
Mari te resevwa tit Manman Bondye, li te
tounen Tanp Bondye, li se premye tabènak ki te konsève Jezi pandan nèf mwa; se
Lespri Sen an ki te kominike sa; jan Levanjil Lik la rakonte l’, «bonjou» Mari
a poko rive nan zòrèy Elizabèt, ti pitit la pran danse nan vant li, paske li te
ranpli ak Lespri Sen an ki te fè Elizabèt kriye ak yon vwa fò epi li di : Ou
beni pase tout fi e pitit ki nan vant ou a beni tou! Se yon gwo evènman pou
Elizabèt, li di kote chans sa a sòti pou mwen pou manman Granmèt mwen an vin
vizite m’!
Ata ti bebe a te kontan, li danse avèk fòs
nan vant li, Elizabèt di Mari; se chans pou ou paske w’ te kwè nan sa Granmèt
la te mande w’ yo. Menm moman an Mari te eklate ak yon chan remèsiman ak
rekonesans, li pran fè lwanj pou Granmèt la nan mayifikat li t’ap chante, te
kontan paske Granmèt la voye je l’ sou ti pòv sèvant li a, pou mèvèy Bondye te
fè pou li, non l’ merite respè.
Nou wè kijan Levanjil Lik la ale nan menm
sans ak lekti liv Sofoni an, kote l’ di fè kè w’ kontan Jerizalèm, nou menm pèp
Izrayèl, rele, chante, fè fèt pou n’ di jan nou kntan, danse ak tout nanm nou,
paske pa gen malè ki pou rive nou ankò, Granmèt la wete tout moun ki t’ap fini
avèk nou kòm pèp, paske li nan mitan nou.
Nan meditasyon jodi a, ann mande Bondye,
pa lentèsesyon Lavyèj Mari, bannou yon kè ki pa gen foli grandè, men yon kè
senp, devwe, sèvyab, e aprann nou di mwen se sèvant Granmèt la, se pou volonte
l’ fèt jan l’ vle nan nou, ede n’ di chak jou men mwen pou m’ fè volonte w’
Granmèt, tankou Mari.
LAPRIYÈ:Mèsi Manman
Mari paske w’ aksepte pote Jezi pou nou. Mèsi Jezi paske w’ ba nou Manman w’
pou Manman pa nou, fè nou obeyi lòd ou yo pou n’ kab disponib pou tout moun ki
nan bewen. Amèn.
PWOPOZISYON: Mwen vle rete disponib nan obeyisans tankou
Mari.
No hay comentarios:
Publicar un comentario