Páginas

MÈKREDI 1

Koulè Wouj
JISTEN KI SEN, Mati
(Memwa)
PREMYE LEKTI
NAN DEZYÈM LÈT PÒL EKRI TIMOTE, 1: 1-3, 6-12
Mwen menm, Pòl, se Bondye ki te vle chwazi m’ pou sèvi apòt Jezikri, pou fè konnen lavi li te pwomèt nou an, lavi li ban nou nan Jezikri a.
M'ap ekri ou, Timote, pitit mwen renmen anpil la. Mwen mande Bondye Papa a ansanm ak Jezikri, Granmèt nou an, pou yo gen pitye pou ou, pou yo ba ou benediksyon ak kè poze. M'ap di Bondye mèsi, Bondye zansèt mwen yo te sèvi a. Se li menm tou m’ap sèvi ak yon konsyans pwòp. Se tout tan m'ap di l’ mèsi lajounen kou lannwit, chak fwa lide m’ frape sou ou lè m'ap lapriyè.
Se poutèt sa, m'ap mande ou pou kenbe kado Bondye te ba ou lè m' te mete men sou tèt ou a.
Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.
Ou pa bezwen wont kanpe pale pou Granmèt nou an. Ou pa bezwen wont pou mwen non plis ki nan prizon pou tèt li. Okontrè, avèk fòs kouraj Bondye ap ba ou a, se pou ou aksepte soufri avè m' pou bòn nouvèl la.
Se Bondye ki delivre nou, se li menm ki rele nou pou n' ka viv pou li. Li pa t' fè sa pou nou poutèt byen nou te fè. Non, sa sòti nan plan travay li menm. Se yon favè li fè nou nan Jezikri, depi lontan anvan li te kreye tout bagay.
Kounye a, li fè nou konnen favè sa a avèk Jezikri, Sovè nou, ki te vini an. Paske, Jezikri kraze pouvwa lanmò te genyen an. Avèk bon nouvèl la, li fè lavi ki p'ap fini nan lanmò a parèt aklè.
Bondye chwazi m' pou m’  anonse bòn nouvèl sa a, li voye m' kòm apot pou m' montre li bay tout moun ki pa jwif. Se poutèt li tou m'ap sibi tout soufrans sa yo. Men, mwen pa wont paske mwen konnen nan ki moun mwen mete konfyans mwen.Mwen sèten li gen pouvwa pou l' konsève sa l' te ban mwen an jouk gran jou a va vini.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 122
R/ Se kote ou Granmèt mwen leve je m’.
Kote ou mwen leve je m’,
Ou menm ki abite anwo nan syèl yo;
Men se tankou je sèvitè yo Kot men mèt yo.R
Tankou je sèvant lan kot men mètrès li,
Se konsa je nou kot Bondye Granmèt nou an,
Joustan li pran pitye pou nou.R
LEVANJIL
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN (Mk 12:18-27)
Sadiseyen yo se yon gwoup jwif ki di moun mouri pa leve. Yo vin bò kot Jezi ak yon keksyon. Yo di l' konsa: Mèt, Moyiz te ekri lòd sa a ban nou: Yon nonm ki gen frè, si l' mouri kite madanm li san pitit, frè a gen pou l' marye avèk madanm defen an pou li ka fè pitit pou frè l' ki mouri a.
Se konsa, te gen sèt frè. Premye a marye, li mouri san l' pa kite pitit.
Dezyèm lan marye avèk vèv la. Li mouri tou san l' pa kite pitit. Menm bagay la rive twazyèm lan tou. Konsa konsa, tout sèt frè yo marye ak fanm lan epi yo youn pa kite pitit. Aprè yo tout fin mouri, li menm tou fanm lan mouri.Lè mò yo va gen pou yo leve, madanm kilès nan yo li pral ye la a, paske li te madanm tout sèt frè yo?
Jezi reponn yo: Nou nan erè wi. M'ap di nou poukisa: Nou pa konprann sa ki ekri a, nou pa konnen pouvwa Bondye. Lè mò yo va gen pou yo leve, fanm ak gason pa nan marye ankò. Tout moun pral viv tankou zanj Bondye nan syèl la.
Pou keksyon mò yo k'ap leve vivan ankò a, èske nou pa li nan Liv Moyiz la sa Bondye te di l' bò touf bwa a: Mwen se Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb?
Bondye se Bondye moun vivan li ye, li pa Bondye moun mouri. Nou wè nou nan erè anpil, pa vre?
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye Granmèt la.
REFLEKSYON: Nou kapab konstate gen yon distans tanporèl ak kiltirèl ki separe nou avèk tèks sa a nou sot li a. Tèks sa yo te ekri nan yon kontèks byen detèmine, pou moun ki t’ap viv nan epòk sa yo. Yo pa t’ekri pou nou menm ki nan XXIe syèk. Men yo ka toujou oryante lafwa nou.
Nan tan sa yo te gen plizyè kalite lwa. Te gen youn yo te rele Lwa Talyon. Se lwa «dan pou dan, je pou je». Nan tèks sa a nou an fas yon lòt lwa yo rele Lwa Levira. Selon Lwa sa a, si nan yon fanmi gen plizyè frè, si youn mouri li pa kite pitit, se pou sa ki vivan an marye ak madanm defen an pou li ka fè pitit pou li.
Moun yo te fè lwa sa a paske jenerasyon sa a te met anpil aksan sou pwomès Bondye te fè Abraam nan. Bondye te di Abraam l’ap ba l’ yon desandans kote l’ap gen anpil pitit. Se lide desandans sa a ki fè yo te etabli lwa Levira. Se nan lide sa a kesyon farizyen yo sòti, lè yo mande Jezi: «Aprè rezireksyon an, pouki moun madanm nan ap ye, si nan fanmi an te gen 7 frè epi tout frè yo te genyen fi a pou madanm?».
Selon repons Jezi ba yo, aprè rezireksyon mò yo, nou p’ap nan kesyon marye, se tankou zanj n’ap ye. Men yon lòt bagay nou k’ap konprann, sèke Bondye se Bondye moun vivan. Sen Irene te di: «Glwa Bondye se moun vivan». Sa ki enpòtan pou Bondye, se pa moun mouri, se pa lanmò, men se moun vivan. Bondye nou an se yon Bondye lavi li ye. Si nou vle swiv Bondye se pou nou travay pou lavi, pou tout moun ka kontan, pou Rèy Bondye a ka rive.
LAPRIYÈ : Bondye Papa, tanpri, ede n’ detwi tout jèm lanmò ki gen nan sosyete nou an pou lavi ka jayi tout kote.

PWOPOZISYON: Kisa nou ka idantifye kòm siy lanmò nan sosyete nou yo?

No hay comentarios:

Publicar un comentario