Páginas

JEDI 2

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Pawòl Bondye a pa mare. Si nou mouri ansanm avèk li, n’ap viv ansanm avèk li".
LEKTI DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN POU TIMOTE 2, 8-15
Ou menm mwen renmen anpil la:
Sonje Jezikri Granmèt la leve vivan sot nan pami mò yo, li menm ki sòti nan ras David la daprè levanjil mwen an; se pou li m’ap soufri jous nan chenn yo tankou yon malfetè a; men pawòl Bondye a pa mare. Se pousa mwen sipòte tout bagay pou moun yo Bondyee chwazi a, pou yo menm tou yo kapab jwenn delivrans la, ki nan Jezikri a, avèk bèlte syèl la.
Pawòl la sèten: an verite, si nou mouri avèk li, n’ap viv ansanm avèk li; si nou sipòte tray, n’ap kòmande kòm wa avèk li; si nou nye l’, l’ap nye nou tou; si nou pa kwè, li menm li ret fidèl: li pa kapab nye pwòp tèt li.
Fè sonje bagay sa yo, antan w’ap sèvi temwen devan Granmèt la. Pa fè diskisyon mo; sa pa sèvi anyen reyèlman vre, sof pou dekontwole moun k’ap koute yo. Met anpil atansyon pou ou prezante tèt ou devan Bondye yon fason pou l’ resevwa ou, tankou yon travayè ki p’ap jwenn desepsyon, k’ap okipe pawòl laverite a kòrèk.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 24, 4bc-5ab. 8-9. 10 e 14 (r.: 4b)
R/ Chemen ou yo, Granmèt, montre m’ yo.
Montre m’ chemen ou yo, Granmèt, aprann mwen tras wout ou yo.
Kondui m’ nan verite ou la, ban m’ leson, paske se ou menm ki Bondye delivrans mwen.
Granmèt la bon, li dwat, se pousa li aprann moun ki nan peche yo chemen l’;
L’ap kondui moun ki pòv yo nan jijman an, l’ap aprann moun ki dosil yo chemen l’ yo.R.
Tout chemen Granmèt la se kè sansib ak verite pou moun ki obsève kontra l’ ak temwayaj li yo. Granmèt la aji an zanmi avèk moun ki respekte l’ yo, pou l’ montre yo kontra l’ la.R.
LEVANJIL
"Sa a se premye kòmandman an; dezyèm nan sanble ak li".
LEKTI LEVANJIL KI SEN AN DAPRÈ MAK 12, 28b-34
Lè sa a:
Youn nan pwofesè yo pwoche kot Jezi, li poze l’ kesyon kilès ki premye nan tout kòmandman yo.
Jezi menm reponn li: «Premye nan tout kòmandman yo, se: 'Koute, Izrayèl: Granmèt la Bondye ou la se yon sèl Bondye a. Epi se pou ou renmen Granmèt la Bondye ou la ak tout kè ou, ak tout nam ou, ak tout lespri ou epi ak tout fòs ou'. Sa a se premye kòmandman an. Dezyèm nan sanble ak li: 'Se pou ou renmen pwochen ou tankou ou menm'. Pa gen lòt kòmandman ki pi gran pase sa yo».
Pwofesè a di l’: "Se byen, Mèt, ou gen rezon di se yon sèl Bondye a, epi pa gen lòt andeyò l’, epi se pou yon moun renmen l’ ak tout kè l’, ak tout entelijans li, ak tout nam li, epi ak tout fòs li, epi renmen pwochen an tankou pwòp tèt li, sa pi gran pase tout kalite sakrifis antye ak kado yo".
Jezi menm wè li te reponn ak sajès, li di l’: "Ou pa lwen rèy Bondye a". Epi pèsòn pa t’ pran chans poze l’ kesyon ankò.
REFLEKSYON: «Pa gen lòt kòmandman ki pi gran pase sa yo»
Jodi a, yon pwofesè pwoche kot Jezi, li poze l’ kesyon: «kilès ki premye nan tout kòmandman yo» (Mak 12,28). Kesyon sa tante etabli yon lòd nan kòmandman yo, epi li santre nan Lalwa a. Sa fè li sanble byen yon kesyon pwofesè Lalwa.
Repons Granmèt la montre espirityalite pwofesè a. Atitid disip Kris la para rapò ak Bondye rezime nan fason sa a: « Se pou ou renmen Granmèt la Bondye ou la ak tout kè ou, ak tout nam ou, ak tout lespri ou epi ak tout fòs ou» e «Se pou ou renmen pwochen ou tankou ou menm» (Mak 12,31) Konpòtman relijye a defini nan relasyon li ak Bondye ak pwochen an; epi konpòtman moun nan, nan relasyon li ak lòt yo e avèk Bondye. Sen Ogisten te eksprime sa nan fason sa a: « Renmen epi fè tout sa ou vle». Renmen Bondye ak lòt yo epi tout rès bagay yo va sòti nan lanmou sa a.
Pwofesè a te byen konprann. E li deklare lè yon moun renmen Bondye ak tout kè li, lè li renmen lòt yo tankou pwòp tèt li, «sa vo plis ke tout ofrann ak tout sakrifis» (Mak 12,33). Bondye ap tann repons chak moun, l’ap tann chak moun ofri tèt li ak tout kè li, ak tout nam li, ak tout lespri li epi ak tout fòs li. Ofrann n’ap ofri bay Bondye yo gen sans yo sèlman lè yo eksprime doub lanmou sa.
Jezi konplete repons li bay pwofesè a lè li di li «Ou pa lwen rèy Bondye a» (Mak 12,34). Pou Jezi, nenpòt moun ki renmen pwochen li plis pase tout bagay, moun sa pa lwen Rèy Bondye a.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, tanpri ranpli kè nou ak Lespri Renmen w’ lan. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.

PWOPOZISYON: M’ap renmen pwochen mwen pi plis pou m’ ka renmen Bondye pi plis.

No hay comentarios:

Publicar un comentario