Koulè Blan
SAKRE-KÈ
(Gran Fèt)
PREMYE LEKTI
“M’ap
okipe mouton m’ yo, m’ap fè yo kouche”.
NAN LIV
PWOFÈT EZEKYÈL 34, 11- 16
Men pawòl Granmèt Bondye: “Men m’ap chèche mouton m’
yo, m’ap vizite yo: menm jan yon gadyen vizite bann mouton l’, jou li nan mitan
bann mouton l’ yo ki gaye yo, konsa m’ap vizite mouton m’ yo, m’ap delivre yo
sot nan tout kote yo te gaye jou nyaj ak bwouya, m’ap mennen yo sot nan pami
pèp yo, m’ap ranmase yo sot nan peyi yo, m’ap fè yo antre nan peyi yo a, m’ap
swen yo sou mòn Izrayèl yo, bò larivyè yo ak nan tout kote moun abite nan peyi
a; nan bon pak zèb m’ap fè yo manje, sou mòn Izrayèl yo ki pi wo yo y’ap jwenn
manje yo. M’ap swen mouton m’ yo, m’ap fè yo kouche, deklarasyon Granmèt
Bondye. Sa k’ te pèdi a, m’ap chèche l’; sa yo te rejte a, m’ap fè l’ tounen;
sa k’ te blese a, m’ap panse l’; sa k’ te malad la, m’ap ba l’ lasante; sa k’
gra a, ki fò a, m’ap konsève l’; m’ap swen yo nan jistis”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 22, l-3a, 3b-4.
5. 6
R/ Granmèt
la swen m’, mwen p’ap manke anyen.
Granmèt la ap kondui m’, anyen p’ap manke m’; nan zèb
vèt li enstale m’, sou bò dlo trankil li mennen m’, li refè nanm mwen.R.
Li kondui m’ nan santye jistis poutèt non l’. Sèke
menm si m’ap mache nan bafon lonbraj lanmò, mwen p’ap pè malè, paske ou avèk
mwen. Baton
ou ak bagèt ou, se yo k’ap konsole m’.R.
Ou pare yon tab
devan fas mwen kont sila yo k’ap fè m’ pase tray; ou swen tèt mwen ak losyon,
kalis mwen ap debòde.R.
Reyèlman vre se
bon kè ak kè sansib k’ap rapousuiv mwen tout tan lavi m’, m’ap abite nan lakay
Granmèt la pou tout longè tan yo.R.
DEZYÈM LEKTI
“Bondye montre kijan li renmennou”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 5, 5-11
Frè m’ yo:
Renmen Bondye a gaye nan kè nou gras a Lespri Sen an
li ba nou an. Poukisa Jezikri, malgre nou te fèb toujou a, li
mouri pou pechè yo, lè tan an rive a? Apèn yon moun kapab aksepte mouri pou yon
lòt ki kòrèk; pou yon moun debyen, petèt yon moun kapab aksepte mouri. Men
Bondye montre jan l’ renmen nou, paske, malgre se pechè nou te ye, Jezikri
mouri pou nou nan tan fikse a. Konsa
koulye a menm,
etan nou vin kòrèk pi plis ankò gras a san l’, n’ap sove gras a li sot nan kòlè
a. Si malgre nou te lènmi, nou vin rekonsilye ak Bondye nan lanmò
Pitit li a,
koulye a menm etan nou fin rekonsilye avèk li a, se pi plis toujou n’ap sove
nan lavi l’. Se pa sèlman sa, men n’ap jwenn bèlte nan Bondye pa lentèmedyè Granmèt
nou Jezikri ki rekonsilye nou an.
Pawòl
Granmèt la.
LEVANJIL
“Fè
kè nou kontan avèk mwen, paske mwen jwenn mouton m’ nan ki te pèdi a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 15, 3-7
Lè sa a:
Jezi di
farizyen yo parabòl sa a, li di: “Kilès nan pami nou, si l’ gen san mouton, epi
li pèdi youn nan yo, pou l’ pa kite katrevendiznèf yo nan savann nan, pou l’al
chèche sa k’ te pèdi a, joustan li jwenn li? Lè l’ jwenn li, li mete l’ sou zepòl
li ak kè kontan, li rive lakay li, li rasanble zanmi l’ ak vwazen l’ yo, li di
yo: “Fè kè nou kontan avèk mwen, paske mwen jwenn mouton m’ nan ki te pèdi a”.
Mwen di ou se konsa tou ap gen kè kontan nan syèl la pou yon pechè ki fè
penitans, plis pase pou katrevendiznèf moun kòrèk ki pa bezwen fè penitans”.
An
nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, Legliz Katolik la sou tout fas tè a ap fete Sakre-Kè. You nan
fèt ki gen yon pakèt enpòtans pou nou menm kretyen. Kote Bondye ap montre nou renmen
li genyen pou limanite a reyèl e li manifeste nan kè ak nan lavi Pitit li a
Jezi, yon kè ki bay lavi e ki ranpli ak yon lamou san parèy (Jn13,1; Filipyen
2,5).
Nan premye lekti a pwofèt Ezekyèl prezante nou Bondye
Granmèt la kòm yon Papa k’ap rasanble, yon vrè Gadyen k’ap pran swen tout
mouton l’ yo. Nan sans sa a, nou ka wè tou yon seri kalite ke yon bon gadyen
dwe genyen, ou byen pou n’ di yon fason ki pi senp, kalite yon bon pastè dwe
genyen.
Rasanble: Li toujou la pou tout moun san fè distenksyon ras, ni
kilti.
Responsab: Li vizite mouton li yo pou l’ konnen konbyen
mouton li genyen, epi kisa yo genyen kòm pwen fò ak pwen fèb;
Disponib:
Li fè l’ disponib pou l’ pran swen yo kòm sa dwa.
Frè ak sè m’ yo,
nou menm ki fè pati bann mouton Bondye yo, l’ap di nou nou pa bezwen pè lè nou
santi nou pa ka mache akoz pwoblèm ak difikilte la vi a. Puiske Granmèt la se
Gadò nou, nou p’ap manke anyen (Sòm 23).
Jezi ap fè n’ konprann,
sa ki lesanyèl pou Gadò a se pa mouton ki deja nan patiraj la, men se rive
jwenn sila yo ki pèdi, sila yo ki sòti nan patiraj la. Nan sans sa a Pap Franswa pale sou nesesite yon
Legliz ki ouvè, yon Legliz ki toujou pre pou l’al rankontre lòt yo nan reyalite
y’ap viv la. Men tou, sa mande yon kè ki plen lanmou pou lòt la, pou sa k’ pi
piti a. Se sa ki bay fèt n’ap fete jodi a sans li: Sakre-kè Jezi, yon
Bondye ki tèlman gen lanmou pou lèzon
pral aksepte
bay lavi li sou yon kwa pou retire lèzòm nan bafon peche a (Gal 2,20). Paske
peche te imilye nou epi bouche je nou.
Kidonk nan sans sa, gen plis kè kontan
nan syèl la pou yon pèchè ki konvèti (Lik 15,7). Nou
menm kretyen nou gen responsablite pou n’ viv nan renmen you ak pou lòt.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, mèsi pou
renmen w’ renmen nou, tanpri ba nou fòs ak kouraj pou n’ rache kè wòch nou an,
ba nou yon kè ki senp, devwe, sansib tout bon vre, ba nou yon lafwa solid pou
kwè Jezi toujou prezan nan lavi nou. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap kite kè Jezi atire
mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario