Koulè Blan
KÈ IMAKILE MARI
(Memwa)
PREMYE LEKTI
“Mwen kontan anpil nan Granmèt la”
NAN
LIV PWOFÈT IZAYI 61, 9-11
Y’ap
rekonèt ras pèp mwen an pami nasyon yo, ak desandans yo nan mitan pèp yo. Tout
moun k’ap wè yo ap rekonèt yo tankou yon ras Granmèt la beni. Mwen kontan anpil
nan Granmèt la, nanm mwen ap danse nan Bondye m’ nan, paske li abiye m’ ak rad
sove, li vlope m’ nan manto jistis la, tankou yon mesye k’ap marye, ki gen yon
kouwòn sou tèt li, epi tankou yon fi k’ap marye, ki bèl ak bijou l’ yo. Menm
jan tè a fè semans li pouse a, menm jan yon jaden fè semans li jèmen an, se
konsa tou Granmèt la Bondye ap fè jistis la jèmen, ni lwanj la tou devan tout
nasyon yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS: 1 Samuèl 2, 1. 4-5. 6-7.
R/ Kè m’ap fete nan Granmèt la ki sove m’ nan.
Kè
m’ap fete nan Granmèt la, kòn mwen leve nan Bondye m’ nan;
bouch
mwen louvri byen laj sou lènmi m’ yo, paske mwen kontan nan sove ou la.R.
Zam
vanyan yo te konn tire flèch la, li kraze, sa k’ fèb yo, yo mare ren yo ak fòs;
sa
k’ te gen vant plen yo lontan an, y’ap travay pou pen, sa k’ te grangou yo, yo gen
vant plen; pandan sa k’ pa t’ kapab fè pitit la, l’ap anfante anpil pitit, epi
sa k’ te gen anpil pitit yo, li vin febli.R.
Granmèt
la fè moun mouri, li fè moun reviv, li kondui yo anba tè a, li fè yo remonte;
Granmèt la fè moun vin pòv, li fè moun vin rich, li rabese yo, li leve yo anlè.R.
Li
fè pòv la leve sot nan pousyè a, li leve malere a sot nan fatra a,
pou
l’ fè l’ chita avèk chèf yo, pou l’ fè l’ jwenn twòn glwa a.R.
LEVANJIL
“Li te kenbe tout pawòl sa yo nan kè
l”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN
2, 41-51
Paran
Jezi yo te konn ale Jerizalèm chak ane, pou gran fèt Pak la. Lè Jezi vin gen
douz an, yo monte Jerizalèm jan yo te konn abitye fè a pou jou fèt la; lè jou
yo
fini, moun yo tounen, ti Jezi menm rete Jerizalèm, san paran l’ yo pa konn sa.
Yo te konprann li te nan pami kolòn vwayajè yo, yo mache pandan yon jounen, epi
yo kòmanse chèche l’ nan pami fanmi yo ak bon zanmi yo.
Lè
yo pa jwenn li, yo tounen Jerizalèm, y’ap chèche l’. Rive aprè twa jou, yo
jwenn li nan Tanp la, li chita nan mitan savan yo, l’ap koute yo, l’ap poze yo
kesyon. Yo tout yo te sezi, yo tout ki t’ap koute l’ la, poutèt sajès li ak repons
li. Lè yo wè l’ yo sezi. Manman l’ di l’: “Pitit, sa ou fè nou konsa? Gade kijan
papa ou ak mwen menm nou t’ap chèche ou ak lapenn”. Li di yo: “Poukisa nou t’ap
chèche m’ nan? Èske nou pa t’ konnen se nan afè Papa m’ mwen te dwe pase tan m’?”
Yo pa t’ konprann pawòl la li te di yo a. Li desann avèk yo, li rive Nazarèt,
li te ret obeyisan vizavi yo. Manman l’ t’ap konsève tout pawòl sa yo nan kè
l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye
a.
REFLEKSYON: Jodi a, se yon gwo fèt nan
Legliz la: Se fèt Kè Imakile Mari. Fèt sa gen anpil enpòtans pou nou menm
kretyen katolik. Mo imakile a sòti nan laten “in” ki vle di “pa genyen” oubyen “san” epi ak “macula” ki vle di “tach”. Ebyen nou kapab di ke yon bagay ki
imakile se yon bagay ki san tach, se yon bagay ki pa gen pyès tach, se yon
bagay ki pa gen pyès salte ladan l’, se yon bagay ki pwòp.
Mari
se yon fi san peche, san tach. Kè li pa gen plas pou peche. Se li menm Bondye
te chwazi pou manman Sovè a. Se kè pwòp sa, kè san tach sa, kè dous sa, kè san peche
sa a, Bondye te chwazi pou pote pitit li a, Jezikri. Depi avan Mari fèt Bondye
te prepare l’ pou pote pitit li a. Bondye te epanye Mari de tout vye peche,
paske se li menm ki t’a pral manman Sovè a. Kè Mari se kè renmen. Kè Mari se kè ki fè tout sa Bondye vle. Se ak menm kè sa Mari te di Bondye wi lè zanj Gabriyèl te vin pote
mesaj la ba li. E se ak menm kè sa tou Mari te kenbe «wi» sa a jouska lafen.
Jodi
a Levanjil la montre nou kijan kè Mari te bèl. Kretyen, yon kè ki bèl se yon kè
ki plen ak pawòl Bondye a. Mari te kenbe pawòl Bondye a nan kè li. Li pa t’
janm sispann medite Pawòl la. Ebyen avèk fèt sa, Legliz la envite nou pran ekzanp
sou Mari manman
nou.
Legliz la ankouraje nou pran modèl sou Mari. Pran modèl ak ekzanp sou Mari vle
di: kenbe pawòl Bondye yo nan kè nou. Pawòl Bondye se limyè ak delivrans, se pawòl
ki ka pwòpte kè nou. Se pawòl ki ka retire vye fòs peche a nan kè nou. Si nou
vle kè n’ vin bèl tankou kè Mari, se pou nou fè menm jan avè l’: kenbe Pawòl la.
Frè
m’ak sè m’ yo, kè Mari se chemen Jezi te pran lè li t’ap sòti nan syèl la pou
l’ te vin sou tè a, ebyen nou menm tou, an nou pran menm chemen sa a pou nou ka
ale nan syèl la. Chemen sa a se Bondye menm ki te trase l’. Ann nou swiv li.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt,
nan gwo jou fèt Kè Imakile Mari sa a, koute vwa pèp ou a k’ap lapriyè ou. Tanpri
souple n’ap mande w’ pou w’ ba nou yon kè san peche tankou Mari, konsa yon jou
n’a rive nan peyi kote ou wa a. Nou mande ou sa pa pouvwa Jezikri Granmèt nou an.
PWOPOZISYON: An nou pran Mari
pou modèl pou nou ka rive nan syèl la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario