Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Lapriyè moun kòrèk la fè avèk pèseverans la, li gen anpil valè”.
LÈT APOT JAK KI SEN 5, 13-20
Nou menm mwen renmen anpil la:
Èske youn nan nou gen chagren? Se pou l’ lapriyè. Èske li gen kè kontan? Se pou l’ chante sòm. Èske youn nan nou malad? Se pou l’ rele prèt yo nan legliz la, pou yo lapriyè sou li, pou yo pase luil sou li o non Granmèt la; lapriyè lafwa a ap sove malad la, Granmèt la ap soulaje l’, epi, si l’ gen peche, l’ap padonnen l’.
Se pou nou youn konfese peche nou yo bay lòt, se pou nou youn lapriyè pou lòt, pou nou sove; lapriyè moun ki kòrèk la fè avèk pèseverans la, li gen anpil valè. Eli se te yon moun tankou nou menm, ki fèb, li lapriyè anpil, pou lapli pa tonbe sou tè a; epi lapli pa tonbe pandan twazan ak si mwa. Li lapriyè ankò, syèl la bay lapli, tè a bay fwi l’.
Frè m’ yo, si youn nan nou devye sot nan laverite a, epi yon moun fè l’ tounen, nou dwe konnen moun ki fè yon pechè tounen sot nan move chemen l’ nan, l’ap sove nam li sot nan lanmò, l’ap kouvri kantite peche l’ yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 140, 1-2. 3 e 8
R/ Dirije lapriyè m’ nan, Granmèt, tankou lansan nan fas ou.
Granmèt, mwen rele kote ou, fè vit vin kote m’; koute vwa m’, lè m’ rele kote ou la. Se pou lapriyè m’ nan dirije tankou lansan devan fas ou, men m’ k’ap leve tankou sakrifis aswè a.R.
Mete yon baryè nan bouch mwen, Granmèt, ak santinèl nan pòtay po bouch mwen yo.Paske se kote ou, Granmèt, Granmèt, je m’ fikse: kote ou mwen kache, pa vide nam mwen.R.
LEVANJIL
“Tout moun ki pa resevwa rèy Bondye a tankou yon ti moun piti, li p’ap antre ladan li”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 10, 13-16
Lè sa a:
Yo te prezante timoun piti bay Jezi pou l’ te touche yo; disip yo menm t’ap kouri dèyè moun yo ki t’ap vin prezante yo a.
Lè Jezi wè sa, li fache, li di yo: «Kite timoun yo vin jwenn mwen, pa enpoze yo; se pou sa k’ sanble ak yo rèy Bondye a ye. An verite mwen di nou, tout moun ki pa resevwa rèy Bondye a tankou yon timoun piti, li p’ap antre ladan li». Li anbrase yo, li poze men sou yo, li beni yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Frè ak sè m’ yo, nan premye lekti a sen Jak (sa yo rele Jak Majè a) bay moun premye kominote kretyèn yo plizyè rekomandasyon. Nan premye rekomandasyon an, li mande yo pou yo aji ak bon sans nan chak sitiyasyon ki prezante nan lavi yo, men se pou yo fè sa daprè lafwa yo. Li di yo si yo nan lapenn se pou yo lapriyè, li pa di yo se pou yo rete ap kriye sèlman; si yo kontan se pou yo chante sòm, fè lwanj pou Bondye. Si yo malad, se pou yo mande legliz lapriyè pou yo.
Nan dezyèm rekomandasyon an, li mande pou youn konfese peche yo ak lòt. Nan lapriyè se pou youn sipòte lòt, li konseye pèsevere nan lapriyè dekwa pou n’ ka jwenn delivrans. Finalman, twazyèm rekomandasyon an, se sou kesyon levanjelizasyon an, li di si yon moun te fè yon peche kite move chemen l’ lan, li kouvri peche l’ la.
Yon lòt bò, levanjil la di n’ ke yo te pote timon yo bay Jezi men apot yo t’ap repouse timoun yo. Jezi menm mande pou yo kite timoun vin jwenn li. Epi li di: “wayòm syèl la se pou sila yo ki menm jan avèk yo. Jezi di moun ki pa resevwa wayòm syèl la tankou yon timoun, li p’ap antre ladan. Jezi di sa nan fason pou l’ montre ke wayòm syèl la rejim politik nou genyen sou tè a ; se pa anpil lajan, se pa sèvi ak pouvwa pou fè abi sou pi piti yo. Men se yon wayòm jistis, renmen ak lapè. Si nou vle antre nan syèl la, fòk nou apran kiltive imilite. Fòk kè nou senp.
LAPRIYÈ : Bondye Papa, fè nou swiv lòd ou yo, pa janm pèmèt nou vire do ba ou.
PWOPOZISYON : Montre ou gen konfyans nan Bondye pandan w’ap fè sa li mande, menm jan yon timoun konfye nan manman l’epi li fè sa li mande.
No hay comentarios:
Publicar un comentario