Páginas

VANDREDI 20

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
« Men jij la kanpe devan pòt la ».
NAN LÈT APOT JAK KI SEN 5, 9-12
Pa plenyen youn kont lòt, frè m’ yo, pou yo pa jije nou. Men jij la kanpe devan pòt la.
Pran modèl, frè m’ yo, nan malè a, sou andirans ak pasyans pwofèt yo, ki te pale o non Granmèt la. Men nou deklare moun ki gen landirans yo yo gen chans. Nou te tande pale sou soufrans Jòb, nou te wè rekonpans Granmèt la te ba li a ; paske Granmèt la sansib, li pran pitye.
Anvan tout bagay, frè m’ yo, pa fè sèman, ni sou syèl la, ni sou tè a, ni pa fè okenn lòt kalite sèman. Se pou pawòl nou : wi, wi, non, non : pou nou pa tonbe anba jijman an.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 102, 1-2. 3-4. 8-9. 11-12
R/ Granmèt la pran pitye, li sansib.
Fè konpliman pou Granmèt la, nam mwen ; tout sa k’ anndan m’, fè konpliman pou non l’ ki sen. Fè konpliman pou Granmèt la, nam mwen, pa bliye tout sa l’ fè yo.R.
Li menm ki padonnen tout fot ou yo, ki geri tout maladi ou yo; Li menm ki delivre lavi ou sot nan fòs la, ki kouwonnen ou ak mizerikòd, ak pitye.R.
Granmèt la pran pitye, li gen mizerikòd, li pran pasyans, li gen anpil mizerikòd.Se pa pou tout tan l’ap fè diskisyon, se pa pou tout tan li fache.R.
Sèke otan syèl la wo anlè tè a, mizerikòd li debòde sou sa yo ki krenn li yo ; otan olevan lwen okouchan, li ranvwaye peche nou yo lwen nou.R.
LEVANJIL
« Sa Bondye mare ansanm moun pa kapab separe li.»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 10. 1 -12
Lè sa a :
Jezi leve, li rive nan limit Jide lòt bò Jouden an. Foul yo rasanble vin jwenn li ankò ; jan l’ te gen abitid la, li t’ap ba yo lansèyman ankò.
Farizyen yo pwoche, yo poze l’ kesyon : « Si yon mari gen dwa ranvwaye madanm nan », yo t’ap tante l’.
Men li menm li reponn, li di yo: «Ki lòd Moyiz te pase nou»?
Yo di: «Moyiz te pèmèt pou ekri yon biye divòs, epi pou ranvwaye l’».
Jezi reponn, li di: «Se poutèt kè nou te di, se pou sa li te ekri lòd sa a pou nou an. Men nan kòmansman an, “se gason ak fi Bondye te fè yo. Se poutèt sa mesye a ap kite papa l’ ak manman l’ epi l’ap kole kò l’ kot madanm li, epi yo tou lè de ap nan yon sèl chè”. Se pousa yo pa de ankò, men se yon sèl chè yo ye. Konsa sa Bondye mare, moun pa gen dwa separe li».
Lè l’ tounen lakay la, disip li yo poze l’ kesyon sou menm bagay sa a. Li di yo : «Nenpòt ki moun ki ranvwaye madanm li epi ki pran yon lòt, li fè yon adiltè sou li. Epi si yon madanm ranvwaye mari l’ epi li marye ak yon lòt, li fè adiltè».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Sa Bondye mete ansanm piga pèsonn separe li». Farizyen yo konprann yo te kapab pran Jezi nan pyèj ; olye pou yo pran l’ nan pyèj, se li menm ki pran yo nan pyèj ! Farizyen yo pwoche kote l’ yo di l’ : «Èske yon mesye gen dwa voye madanm li ale pou nenpòt bagay ?» Jezi, antan li fè referans ak Ansyen Kontra, reponn yo :«Èske nou pa li kijan sa te ye nan kòmansman ? Se gason ak fi Bondye te kreye ? Epi li pwofite eksplike yo ki sans relasyon gason ak fi te genyen depi nan kòmansman kreyasyon an kote Bondye kreye yo egal ego ; li ajoute pou di yo : «Se akoz kè di nou ki fè Moyiz te ekri lòd sa a pou nou». Mesye marye a va kite papa l’ak manman l’ pou l’ fè yon sèl ak madanm li, fi a egalman, yo toude va fè yon sèl kò. Konsa sa Bondye mete ansanm, piga moun separe li.
Menm jan Jezi se tèt Legliz la, nou menm se kò a, se konsa lavi maryaj la dwe ye ; pou nou rive viv lavi maryaj la, se renmen pou nou gen nan kè nou anvan tout bagay. Bondye te pase kontra renmen an avèk nou, pa gen anyen ki kapab separe nou ak renmen Bondye gen pou nou.
Gen moun ki pran maryaj la tankou yon jwèt, yo wè l’ tankou yon fèt ak plezi, maryaj la se pa sèlman yon bèl fèt, yon evénman sosyal, men se wè kijan nou ka viv ansanm pou fè Bondye plezi epi ankouraje lòt moun antan nou sèvi modèl pou sosyete a. Sen Jak di se chans pou moun ki pran pasyans, li envite n’ pran ekzanp sou pasyans Jòb te genyen epi kijan Granmèt la te gen kè sansib pou li, piga nou bliye, avan tout bagay, piga pou ti krik ti krak pou n’ap fè sèman, se pou «wi» nou rete wi epi «non» nou rete non. Pou sa, nou dwe toujou konte sou konkou lagras Bondye.
LAPRIYÈ : Bondye papa, mèsi paske ou renmen nou an premye. Fè nou renmen w’ tou, menm jan ou renmen nou an. Amèn
PWOPOZISYON : Nan ki fason mwen ka ankouraje tèt ansanm nan fanmi oubyen fwaye ki divize ? Èske anpil fwa lang mwen se pa yon enstriman divizyon ?

No hay comentarios:

Publicar un comentario