Koulè Vèt
13 ZYÈM DIMANCH
ÒDINÈ, ANE C
Obsèvasyon: Kòm se jodi a nou chwazi fete Manman
Pèpetyèl Sekou, n’ap jwenn tèks ki pwòp ak fèt sa a kòm yon dezyèm opsyon, pi
ba, aprè refleksyon pou jodi a.
PREMYE LEKTI
“Elize leve, li pati, li suiv Eli”.
NAN PREMYE LIV WA YO 19, 16b. 19-21
Jou sa yo:
Granmèt la di Eli: “Elize pitit Safat la, moun Abèl
Méola a, w’a sakre l’ kòm pwofèt nan plas ou”. Eli pati, li jwenn Elize, pitit
Safat la, ki t’ap travay tè avèk douz makòn bèf; li menm menm li te nan douzyèm
makòn bèf la ak moun yo ki t’ap travay tè a. Eli rive kote l’, li voye manto l’
sou li. Menm lè a, Elize kite bèf yo, li kouri dèyè Eli, li di: “Kite m’ al
anbrase papa m’ ak manman m’, tanpri, aprè sa m’a suiv ou”. Eli di l’: “Ale,
tounen, sa m’ fè ou la, se koze pa m’”.
Men Elize tounen sot kote l’, li pran de bèf, li touye
yo, ak bwa zouti ki t’ap vire tè a, li kuit vyann yo; li bay pèp la, yo manje.
Li leve, li pati, li suiv Eli, li sèvi l’.
Pawòl Granmèt
la.
SÒM REPONS
15, l-2a e 5. 7-8. 9-10. 11
R/ Se ou menm, Granmèt, ki pòsyon eritaj mwen.
Prezève m’, Bondye, paske mwen espere nan ou. Mwen di
Granmèt la: “Se Granmèt mwen ou ye, Granmèt, pòsyon eritaj mwen ak kalis mwen
se ou menm ki kenbe destine mwen.R.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la ki ban m’ entelijans;
menm nannuit ren m’ ban m’ leson. Mwen te mete Granmèt la devan fas mwen tout
tan, paske li adwat mwen, mwen p’ap tranble.R.
Se pousa kè m’ kontan, tout anndan fon kè m’ap danse;
menm chè m’ poze nan esperans.Paske ou p’ap lage nanm mwen nan lanfè a, ou p’ap
kite sen w’ nan wè dekonpozisyon.R.
W’ap fè m’ konnen wout lavi yo, kè kontan k’ap plen nèt
devan fas ou, plezi adwat ou jous pou tout tan.R.
DEZYÈM LEKTI
“Se pou
libète a yo rele nou”.
NAN LÈT APOT
PÒL KI SEN, POU GALAT YO 5, 1. 13-18
Frè m’ yo:
Se pou libète a, Jezikri te delivre nou. Se pou nou
kanpe fèm, pa kite yo mete nou anba jouk esklavaj la ankò.
Nou menm yo rele nou pou libète a, frè m’ yo, sèlman pa
fè libète a sèvi okazyon pou chè a; men gras a renmen ki nan Lespri a, se pou
nou youn sèvi lòt. Tout lalwa a se nan yon sèl
pawòl li reyalize: “Se pou ou renmen pwochen ou tankou ou menm”. Si nou youn ap
mòde lòt, ap manje lòt, fè atansyon pou nou youn pa fin touye lòt.
Mwen di:
Mache nan Lespri a, konsa nou p’ap reyalize sa chè a anvi a. Sèke chè a gen
anvi ki drese kont lespri a, lespri a tou kont chè a; youn ap batay kont lòt,
si byen se pa sa nou vle nou fè. Si nou kite Lespri a kondui nou, nou
pa anba lalwa a.
Pawòl Granmèt
la.
LEVANJIL
“Li mare min
li, pou l’ monte Jerizalèm. M’ap suiv ou kote w’a prale”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 9,
51-62
Lè jou yo rive pou yo pran Jezi, li mare min li pou l’
monte Jerizalèm. Li voye mesaje devan l’, y’ale yo antre nan yon vil Samariten
yo pou yo pare manje pou li. Men yo pa resevwa yo, paske fas li te bay nan
direksyon Jerizalèm.
Lè disip li yo Jak ak Jan ouè sa, yo di: “Granmèt, èske
ou vle nou bay lòd pou dife desann sot nan syèl la pou l’ boule yo?”
Li vire, li fè yo losèvasyon, li di: “Nou pa konnen ki
lespri nou genyen. Pitit moun nan pa vini pou l’ pèdi lavi yo, men pou l’
sove”. Y’ale nan yon lòt vil.
Pandan y’ap
mache sou wout la, yon moun di l’:”M’ap suiv ou kote w’a prale”.
Jezi di l’:
“Mangous yo gen twou yo, zwazo syèl yo gen nich yo; men Pitit moun nan pa gen
kote pou l’ poze tèt li”.
Li di yon
lòt: “Suiv mwen”.
Sila a menm di: “Granmèt, pèmèt mwen dabò pou m’ al
antere papa m’”.
Jezi di l’: “Kite mò yo antere mò pa yo; ou menm al
anonse rèy Bondye a”.
Yon lòt di: “M’ap suiv ou, Granmèt; men pèmèt mwen al
di moun lakay mwen orevwa anvan”.
Jezi di l’: “Si yon moun fin met men nan zouti k’ap
vire tè a, epi li vire gade dèyè, li pa merite rèy Bondye a”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Si nou fè konparezon ant premye lekti a ak Levanjil la, n’ap wè se de istwa
ki sanble anpil.
Nan Ansyen Kontra a, Eli chwazi Elize kòm disip, li mande
Elize swiv li. Men Elize mande Eli pou li kite l’ anbrase manman l’ ak papa l’.
Eli dakò, epi Elize tou fè yon gwo repa pou moun li yo avan l’ kite yo.
Nan Nouvo Kontra a, Jezi rele kèk moun pou yo swiv li,
menm jan Eli te fè ak Elize. Menm jan tou, moun yo mande Jezi pou yo al ranje
kèk bagay lakay yo avan. Yo gen bòn volonte, yo konnen yo gen yon angajman ak
fanmi yo epi yo pa vle jis lage yo konsa. Men jan Jezi reponn yo a diferan ak
jan Eli te reponn Elize: Jezi mande yon angajman pi radikal toujou; Li fè moun
sa yo konprann, si yo gen pou yo swiv li, fòk yo dakò swiv li nèt. Repons Jezi
a kapab fè n’ sèzi. Lè moun yo te mande li pèmisyon pou al rezoud kèk zafè avan
yo te swiv li, se yon bagay nòmal yo t’ap mande li. Alò, fò n’ chache konprann
pou kisa Jezi pa t’ dakò, jan Eli te dakò nan ka Elize a. Pafwa nou abitye
chwazi ant sa ki bon ak sa ki pa bon. Nou konnen depi nou pa nan volè, depi nou
pa tafyatè, depi nou pa nan gaspiye lajan nenpòt jan, sa ase, nou konsidere nou
se bon jan kretyen.
Poutan, Jezi mande nou fè yon lòt pa ankò. Nan fason Jezi
reponn moun li t’ap rele yo, li fè n’ wè si pafwa, nou ta dwe chwazi ant yon
bagay ki bon ak yon lòt bagay ki pi bon toujou.
Si n’ap swiv Jezi tout bon, sa pa vle di nou dwe lage
fanmi nou, men nou pa ka kite menm fanmi nou mare pye nou nan chemen sèvis
Granmèt la. Angajman poto mitan lavi yon kretyen se angajman li genyen ak Jezi.
LAPRIYÈ: Jezi, ede m’ swiv ou san m’ pa gade deyè!
Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap rann
sèvis san m’ pa tann okenn rekonpans. Se gratis Bondye ban mwen lagras li.
NB: SI YO VLE PRAN TÈKS KI PWÒP A FÈT PÈPETYÈL LA, YO VA
LI:
MARI KI SEN, KI VYÈJ, K’AP POTE NOU SEKOU
(Patwòn Ayiti)
(Gran fèt avek glorya, avèk kredo)
ANTRE
Salu, Manman ki sen, ou anfante Wa a ki kòmande syèl la
ak tè a pou tout tan gen tan.
PRIYÈ:
Granmèt, Jezikri, ou ba nou manman ou, Mari, pou l’
toujou pare pou l’ pote nou sekou, n’ap rann li devwa rekonesans nou devan
pòtre l’ ki sakre; mete plis chalè nan kè nou pou nou mande l’ ede nou kòm
manman, pou nou kapab santi tout tan kijan delivrans ou a fè nou dibyen. Pa
pouvwa Jezikri.
PREMYE LEKTI
«Fè kè ou
kontan, pitit fi Siyon, men m’ap vini»
LEKTI LIV PWOFÈT ZAKARI 2,10-13
Fè lwanj, fè kè ou kontan, pitit fi Siyon, paske men m’ap
vini, m’ap abite nan mitan ou, deklarasyon Granmèt la. Jou sa a anpil nasyon ap
kole kò yo sou Granmèt la, y’ap tounen pèp mwen, m’ap abite nan mitan ou, w’ap
konnen se Granmèt lame yo ki voye m’ kote ou, Granmèt la ap posede Jida kòm
pòsyon pa l’ nan peyi ki sen an, l’ap chwazi Jerizalèm ankò, se pou tout chèf
fè silans devan fas Granmèt
la, paske l’ap leve sot nan kay li ki sen an.
SÒM REPONS
Jidit 13, 23bc-24a. 25abc
R/ Ou se bèlte pèp nou an.
Konpliman pou ou, mafi, sòti nan Granmèt Bondye ki anwo
nèt la,
plis pase pou tout ti sou tè a.
Konpliman pou Granmèt la ki kreye syèl la ak tè a.R.
Paske jodi a, non ou vin tèlman gran,
lwanj ou p’ap sòti nan bouch moun yo,
k’ap sonje pouvwa Granmèt la pou tout tan.R.
DEZYÈM LEKTI
«Bondye voye
Pitit li a, ki fèt sot nan yon fi».
LEKTU LET APOT POL KI SIN, POU GALAT YO 4, 4-7
Frè m’ yo:
Lè tan an rive bout li, Bondye voye Pitit li a ki fèt sot
nan madanm nan, ki fèt anba lalwa a, pou l’ te kapab delivre nou, nou menm ki te
anba lalwa a, pou nou te kapab vin tounen pitit adoptif.
Laprèv nou se pitit, sèke Bondye voye Lespri pitit li a
nan kè nou, l’ap rele: «Aba, Papa». Konsa pa gen esklav ankò, men se pitit ki
genyen. Si se pitit, se eritye gras a Dye.
ALELOUYA Lk 1, 28
R. Alelouya.
Salu, Mari, ou menm ki plen favè; Granmèt la avèk ou; ou beni pase tout fi. R.
Alelouya.
LEVANJIL
«Men pitit ou.
Men manman ou».
+ LEKTI EVANJIL KI SEN AN DAPRÈ JAN 19, 25-27
Le sa a:
Tou kole kwa Jezi a, manman l’ te kanpe, ni se manman l’
nan, Mari Kleofas, ak Mari Madlèn. Lè Jezi wè manman l’ ak patizan li te renmen
an ki kanpe, li di manman l’: «Madanm, men pitit ou»; aprè sa, li di patizan
an: «Men manman ou». Depi lè sa a, patizan an resevwa l’ lakay li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario